Scripture Stories
Chapit 5: Joseph Smith ak Oliver Cowdery: Fevriye–Avril 1829


“Chapit 5: Joseph Smith ak Oliver Cowdery: Fevriye–Avril 1829,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 22–25

“Chapit 5,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 22–25

Chapit 5

Joseph Smith ak Oliver Cowdery

(Fevriye–Avril 1829)

Imaj
Joseph Smith Sr. visiting Joseph

Joseph ak Emma Smith te rete sou yon ti fèm toupre Harmony, Pennsilvani. Papa Joseph te vin vizite yo. Yo te kontan wè l. Papa Joseph se te yon bon gason.

Imaj
Joseph receiving revelation

Jezi te bay Joseph yon revelasyon pou papa l. Revelasyon an te di kijan moun yo ta kapab ede Jezi. Yo ta dwe renmen Jezi. Yo ta dwe travay di pou anseye levanjil la. Yo ta dwe renmen epi ede lòt moun.

Imaj
Joseph Smith Sr. praying

Moun ki vle sèvi kòm misyonè yo epi ede Jezi ta dwe etidye epi aprann. Yo ta dwe gen lafwa. Yo ta dwe priye. Jezi te di moun ki ede l yo ap beni.

Imaj
Joseph Smith Sr. leaving Joseph and Emma

Papa Joseph Smith te ale lakay li. Li te eseye fè bagay Jezi te di l fè yo.

Imaj
Joseph praying

Joseph te gen pou l travay sou fèm li a. Li te bezwen tradui plak an nò yo tou. Li te gen anpil travay pou l fè. Joseph te priye epi li te mande Bondye èd.

Imaj
Joseph meeting Oliver Cowdery

Bondye te reponn priyè l la. Bondye te voye yon mesye ki rele Oliver Cowdery bay Joseph. Oliver Cowdery te vle gen enfòmasyon sou plak an nò yo. Joseph te pale Oliver apwopo Mowoni ak plak yo. Li te pale Oliver apwopo Liv Mòmon an.

Imaj
Oliver Cowdery transcribing

Oliver te kwè Joseph. Oliver te di li tap ede Joseph tradui plak an nò yo. Joseph te li mo yo fò. Oliver te ekri yo sou papye. Joseph ak Oliver te travay di.

Imaj
Joseph and Oliver

Jezi te aprann Joseph ak Oliver anpil bagay. Li te di yo pa t dwe chèche vin rich. Yo ta dwe chèche enfòmasyon sou Bondye. Li te di yo ta dwe ede moun aprann levanjil la. Jezi te di yo ta dwe gen lafwa epi fè bon bagay. Si yo te fè sa, yo tap kapab viv avèk Papa ki nan Syèl la pou toutan.

Imaj
Oliver ready to translate

Jezi te di Oliver ta dwe toujou rete zanmi Joseph. Li ta dwe toujou ede Joseph. Jezi te di Oliver ta ka aprann tradui tankou Joseph. Sentespri a tap ede Oliver li mo ki nan Liv Mòmon an, men fòk Oliver gen lafwa. Epi fòk li reflechi anpil sou mo yo.

Imaj
Oliver trying to translate

Oliver te eseye tradui. Li te panse sa tap fasil. Li pa t reflechi sou mo yo. Li te vle pou Bondye di l mo yo. Li pa t ka tradui.

Imaj
Joseph reading the plates

Oliver pa t eseye tradui Liv Mòmon an ankò. Joseph te tradui plak yo. Oliver te ekri mo pou Joseph. Jezi te di Oliver ta dwe travay di lè l t ap ede Joseph la. Apre sa Jezi tap beni Oliver.

Imaj
Joseph praying

Jezi te di Oliver pa t mande èd Bondye jan li te dwe fè l la. Jezi te di Joseph Smith kijan Oliver ak tout moun kapab jwenn èd nan men Bondye.

Imaj
young woman reading scriptures

Lè moun bezwen èd, yo ta dwe reflechi sou sa pou yo fè. Yo ta dwe deside kisa ki bon.

Imaj
young woman praying

Apre sa yo ta dwe mande Bondye si li bon. Si li bon, y ap santi yo byen nan kè yo. Y ap konnen li bon.

Imaj
young woman praying

Si li pa bon, yo p ap santi yo byen nan kè yo.