Scripture Stories
Chapit 17: Premye Evèk yo nan Legliz la: Fevriye 1831


“Chapit 17: Premye Evèk yo nan Legliz la: Fevriye 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 64–66

“Chapit 17,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 64–66

Chapit 17

Premye Evèk yo nan Legliz la

(Fevriye 1831)

Imaj
Joseph packing

Gen kèk mechan ki t ap viv nan Nouyòk. Yo te di avèk manm Legliz la. Yo te vle yo kite zòn nan. Jezi te di Joseph Smith pou li kite Nouyòk epi pou l ale Kirtland, Ohio.

Imaj
Joseph going to Kirtland

Joseph Smith, madanm li Emma, Sidney Rigdon, ak Edward Partrige te ale Kirtland. Joseph ak Emma te viv avèk yon manm Legliz la. Li te rele Newel K. Whitney.

Imaj
members of the Church

Te gen mil manm Legliz la nan Kirtland. Yo t ap eseye obeyi Bondye. Men yo pa t konprann tout levanjil la.

D&A 41: Prefas

Imaj
Edward Partridge

Joseph te priye Papa ki nan Syèl la. Jezi te bay Joseph yon revelasyon. Jezi te di Joseph Sen Kirtland yo te bezwen yon evèk. Premye evèk la ta dwe sèvi ak tan li pou anseye epi ede Sen yo. Premye evèk Legliz la se te Edward Patridge.

Imaj
Saints at bishop’s storehouse

Jezi te di Joseph kisa yon evèk nan Legliz la ta dwe fè. Evèk la ta dwe mete yon magazen sou pye. Sen yo ta dwe mete manje ak rad nan magazen an. Si ta gen yon Sen ki bezwen manje oubyen rad, evèk la ta dwe ba li.

Imaj
man counting money

Evèk la ta dwe okipe zafè lajan pou Legliz la. Sen yo ta dwe bay Evèk la lajan. Evèk la ta dwe peye bòdwo pou Legliz la. Li ta dwe bay Sen ki malere yo nan kòb la.

Imaj
bishop meeting with his members

Evèk la ta dwe renmen Sen yo. Li ta dwe eseye ede yo. Li ta dwe reyini ak mesye ki gen prètriz yo. Yo ta dwe pale apwopo sa y ap fè pou ede Sen yo.

Imaj
Newell K. Whitney

Te gen plis moun ki te vin manm Legliz la. Legliz la te bezwen plis evèk. Se Newel K. Whitney ki te dezyèm evèk Legliz la.

Imaj
bishop preaching to his members

Yon evèk se dirijan Sen yo nan chak pawas. Yon prezidan branch se tankou yon evèk. Yon prezidan branch se dirijan Sen yo nan chak branch.

Imaj
bishops in the Church

Jodi a gen plizyè milye evèk nan Legliz la.