Scripture Stories
Chapit 50: Premye Dotasyon yo: Me 1842


“Chapit 50: Premye Dotasyon yo: Me 1842,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 185

“Chapit 50,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 185

Chapit 50

Premye Dotasyon yo

(Me 1842)

Imaj
Nauvoo Temple

Jezi te pwomèt Joseph Smith li tap bay pèp li a yon benediksyon espesyal. Benediksyon espesyal sa a rele dotasyon. Se nan tanp yo tap bay dotasyon an. Se sèl gason ak fi ki obeyi kòmandman Bondye yo ki ta kapab gen dotasyon an.

Imaj
Joseph teaching about the temple

Pita, Joseph Smith te gen yon reyinyon avèk kèk mesye ak madanm yo. Joseph te anseye yo bagay yo tap fè nan tanp lan. Apre sa, yo tout te resevwa dotasyon yo.

Imaj
modern-day temple

Kounyeya, moun ki obeyi kòmandman Bondye yo kapab ale nan tanp. Yo ka jwenn benediksyon espesyal dotasyon an. Yo aprann bagay ki nesesè pou yo konnen pou yo retounen nen syèl la. Yo fè alyans avèk Bondye. Bondye fè alyans avèk yo.