Scripture Stories
Chapit 13: Joseph ak Emma: Jiyè 1830


“Chapit 13: Joseph ak Emma: Jiyè 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 51–55

“Chapit 13,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 51–55

Chapit 13

Joseph ak Emma

(Jiyè 1830)

Imaj
Emma and Joseph

Joseph ak Emma Smith te rete nan Pennsilvani. Yo te gen yon ti fèm. Youn te renmen lòt. Yo te travay di pou youn ede lòt.

Imaj
Joseph and Emma

Joseph ak Emma te gen anpil pwoblèm. Yo te malere. Yo te vle gen pitit. Emma te fè yon pitit gason, men li te mouri. Emma te tris. Pita limenm ak Joseph te vin gen plis pitit.

Imaj
Joseph planting seeds

Joseph te pè pou fanmi l. Li te vle okipe yo. Li te bezwen fè jaden pou fanmi l te ka gen manje.

Imaj
Joseph teaching

Joseph te enkyete tou pou Legliz la. Gen mechan ki t ap kreye Sen yo pwoblèm. Kèk nan dirijan Legliz la te oblije kache pou mechan yo. Li te nesesè pou Joseph travay di pou ede Sen yo.

Imaj
Joseph saying goodbye to Emma

Pafwa Joseph te oblije kite lakay li pou l ede Sen yo. Joseph te gen pwoblèm pou l kite fanmi li. Emma te tris lè Joseph te ale. Li te pè pou Joseph.

Imaj
Joseph receiving consolation from God

Joseph te mande Jezi kisa li ta dwe fè. Jezi te di pwofèt Joseph pou l pa enkyete pou pwoblèm li yo. Jezi te di l pa pè mechan yo. Jezi te di li tap toujou ede Joseph.

Imaj
Saints giving food to Joseph

Jezi te di Joseph ta dwe plante manje pou fanmi li. Epi li ta dwe al ede Sen yo. Jezi te di Joseph pa bay tèt li pwoblèm pou manje, rad, ak lajan. Sen yo tap bay Joseph sa l te bezwen.

Imaj
Emma teaching other women

Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon pou Emma. Jezi te di Emma Smith se yon dam espesyal. Li te chwazi l pou fè yon travay enpòtan.

Imaj
Emma comforting Joseph

Jezi te di Emma li ta dwe janti ak Joseph lè mesye te gen pwoblèm. Li ta dwe ede l pou kè l kontan epi pou l pa t enkyete.

Imaj
Emma teaching from scriptures

Jezi te di Emma Smith ta dwe anseye Sen yo. Li ta dwe ede yo aprann ekriti yo. Li te di Sentespri tap ede l konnen kisa pou l anseye.

Imaj
Emma studying at home

Jezi te di Emma ta dwe sèvi ak tan l pou l etidye. Li ta dwe aprann epi ekri anpil bagay.

Imaj
Emma searching through books

Jezi te mande Emma pou l chwazi chan pou Sen yo chante. Yo tap enprime chan yo nan yon liv chan.

Imaj
Saints singing

Bondye renmen tande lè moun jis ap chante. Chan yo se yon priyè pou li. Moun jis ki chante pou Bondye ap beni.

Imaj
Joseph and Emma

Jezi te di Emma li pou li mete l dousman. Li te di l pou l renmen mari l. Li te di l pou l gen kè kontan paske Joseph tap gen anpil gwo benediksyon.

Imaj
Emma Smith

Jezi te di Emma pou l pa bay tèt li pwoblèm pou mond sa a. Li ta dwe prepare l pou you pi bon mond nan syèl la. Kè l ta dwe kontan epi li ta dwe obeyi kòmandman Bondye yo. Apre sa, li tap kapab al nan syèl la.

Imaj
Saints from many countries

Jezi te di bagay li te di Emma yo valab pou tout fi.