Scripture Stories
Chapit 21: Pwofèt la Ale Misouri: Me–Jen 1831


“Chapit 21: Pwofèt la Ale Misouri: Me–Jen 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 81–83

“Chapit 21,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 81–83

Chapit 21

Pwofèt la Ale Misouri

(Me–Jen 1831)

Imaj
Joseph greeting Saints

Anpil Sen te toujou ap viv nan Nouyòk. Joseph Smith ak Sidney Rigdon te nan Kirtland, Ohio. Joseph te di Sen Nouyòk yo pou yo vini nan Ohio. Yo te obeyi Pwofèt la. Yo te ale Ohio.

Imaj
Leman Copley

Jezi te di Joseph Sen Kirtland yo ta dwe pataje tè yo a avèk Sen Nouyòk yo. Leman Copley te gen anpil tè. Li te pwomèt pou l pataje yo. Sen yo te bote kite Nouyòk pou yo ale sou tè yo.

Imaj
Saints arriving

Leman Copley pa t respekte pwomès li a. Li pa t vle Sen Nouyòk yo pran tè l. Yo te oblije deplase. Yo pa t gen kote pou yo rete.

Imaj
Joseph instructing Newel Knight

Se Newel Knight ki t ap dirije yo. Li pa t konnen sa pou l fè. Li te al wè Pwofèt Joseph. Li te mande Joseph ki sa Sen yo ta dwe fè.

Imaj
Saints gathering wagons together

Senyè a te di Joseph Sen ki sòti Nouyòk yo ta dwe ale Misouri anvan lontan.

Imaj
Joseph speaking to congregation

Anvan yo te pati, Sen yo te fè yon konferans nan Kirtland. Konferans lan te dire twa jou. Senyè a te bay Joseph Smith kèk revelasyon enpòtan.

Imaj
Joseph ordaining high priest

Senyè a te di Joseph pou li òdone premye gran prèt yo nan Legliz la. Gran prèt yo gen Prètriz Mèlkisedèk la. Yo se dirijan nan Legliz la. Anpil dirijan Legliz la te òdone gran prèt.

Imaj
missionaries going to teach

Senyè a te di kèk nan mesye yo ta dwe al fè misyon nan Misouri. Yo ta dwe preche levanjil pandan yo sou wout la. Lè konferans lan te fini, misyonè yo te ale Misouri.

Imaj
Joseph arriving amongst the Saints

Senyè a te di Joseph pwochèn konferans Legliz la tap fèt nan Jackson County, Misouri. Jezi tap montre yo kibò pou yo bati vil Siyon an.