Scripture Stories
Chapit 6: Yo Bay Joseph ak Oliver Prètriz la: Me 1829


“Chapit 6: Yo Bay Joseph ak Oliver Prètriz la: Me 1829,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 26–30

“Chapit 6,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 26–30

Chapit 6

Yo Bay Joseph ak Oliver Prètriz la

(Me 1829)

Imaj
Joseph instructing Oliver

Joseph Smith ak Oliver Cowdery t ap tradui Liv Mòmon an. Yo te li sa ki di sou batèm. Yo te vle konnen plis sou batèm.

Imaj
Joseph and Oliver praying

Joseph ak Oliver te deside mande Bondye. Lafwa yo te pèmèt yo konnen Bondye tap ede yo aprann verite a. Le 15 Me 1829, yo te al priye nan forè a.

Imaj
John the Baptist appearing to Joseph and Oliver

Yon anj te vin kot Joseph ak Oliver. Te gen yon limyè toutotou anj lan. Anj lan se te Janbatis. Se li ki te batize Jezi nan tan lontan.

Imaj
John the Baptist conferring the Aaronic Priesthood

Janbatis te vin bay Joseph ak Oliver prètriz la. Prètriz la se pouvwa Bondye. Janbatis te bay Joseph ak Oliver Prètriz Aawon an. Prètriz Aawon bay pouvwa pou batize moun.

Imaj
Joseph baptizing Oliver

Janbatis te di Joseph ak Oliver pou youn batize lòt. Joseph te batize Oliver. Apre sa, Oliver te baptize Joseph. Yo te desann anba dlo a lè yo t ap batize a.

Imaj
John the Baptist baptizing Jesus

Janbatis te batize Jezi menm jan an nan tan lontan. Jezi te desann anba dlo lè li t ap batize a.

Imaj
Joseph and Oliver

Joseph ak Oliver te ranpli ak Sentespri a lè yo te fin batize. Sentespri a te di yo vrè Legliz Jezikri a tap retounen sou tè a anvan lontan.

Imaj
Joseph and Oliver with others

Joseph ak Oliver te di bon zanmi yo ke yo te batize. Yo te pale yo apwopo prètriz la. Men Joseph ak Oliver pa t di lòt moun sa. Yo te konnen mechan yo pa tap kwè yo. Mechan yo tap kreye yo pwoblèm.

Imaj
Peter, James, and John conferring Melchizedek Priesthood

Kèk jou apre sa, twa lòt anj te vini. Se te Pyè, Jak, ak Jan. Se Apot Jezikri yo te ye nan tan lontan. Pyè, Jak, ak Jan te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery Prètriz Mèlkisedèk la.

Imaj
priesthood blessings

Prètriz Bondye a te tounen sou tè a. Kounyeya gason ki jis yo te kapab gen pouvwa prètriz la. Gason ki gen prètriz Mèlkisedèk la kapab dirijan nan Legliz la. Yo ka beni moun. Yo ka bay moun don Sentespri a.

D&A 20:41–44