Scripture Stories
Chapit 14: Pwofet la ak Revelasyon pou Legliz la: Septanm 1830


“Chapit 14: Pwofet la ak Revelasyon pou Legliz la: Septanm 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 56–57

“Chapit 14,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 56–57

Chapit 14

Pwofet la ak Revelasyon pou Legliz la

(Septanm 1830)

Imaj
Hiram Page holding stone

Joseph Smith ak Emma te bote al rete Nouyòk. Gen yon mesye ki rele Hiram Page ki t ap viv la. Se te yon manm Legliz la. Li te gen yon wòch. Li te di wòch la te ede l jwenn revelasyon pou Legliz la.

Imaj
Joseph speaking to Hiram Page

Anpil manm Legliz la te kwè Hiram Page. Oliver Cowdery te kwè l. Gen moun ki te panse Hiram se te yon pwofèt.

D&A 28:Prefas

Imaj
Joseph receiving revelation

Oliver te poze Joseph kesyon sou Hiram Page. Joseph te priye. Jezi te bay Joseph yon revelasyon pou Oliver Cowdery. Li te di se yon sèl moun ki te kapab fè revelasyon pou Legliz la. Moun sa a se te Pwofèt Joseph Smith.

Imaj
Joseph consoling Oliver

Jezi te di moun kapab gen revelasyon pou tèt yo. Men se sèl pwofèt la ki te kapab gen revelasyon pou tout Legliz la. Oliver te kwè Joseph. Li te konnen revelasyon Hiram Page yo te nan erè.

Imaj
Oliver speaking to Hiram Page

Epi, Jezi te di Oliver pou l pale ak Hiram Page. Oliver te di Hiram revelasyon l yo pa t soti nan Bondye. Revelasyon yo te soti nan Satan.

Imaj
Hiram Page pondering

Oliver te di Satan te twonpe Hiram Page. Hiram te koute Oliver. Li te repanti.

Imaj
Joseph holding scriptures

Se yon sèl moun ki jwenn revelasyon pou Legliz la. Moun sa a se prezidan Legliz la. Se li k ap dirije Legliz la. Li se pwofèt Bondye a. Manm Legliz la ta dwe obeyi pwofèt la.