Scripture Stories
Chapit 51: Sosyete Sekou a: Mas 1842


“Chapit 51: Sosyete Sekou a: Mas 1842,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 186–89

“Chapit 51,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 186–89

Chapit 51

Sosyete Sekou a

(Mas 1842)

Imaj
Saints building temple in Nauvoo

Manm Legliz la yo t ap bati tanp Nauvoo a. Rad mesye yo te chire. Medam yo te vle ede yo. Gen yon madanm ki te di li tap fè rad pou mesye yo. Men li pa t gen kòb pou l achte twal.

Imaj
women gathering

Sarah M. Kimball te di li tap bay medam yo twal. Sè Kimball te mande lòt medam yo pou ede l. Medam yo te fè yon reyinyon lakay Sè Kimball. Yo te deside fòme yon òganizasyon pou medam yo nan Legliz la.

Imaj
Eliza R. Snow greeting Joseph

Medam yo te mande Eliza R. Snow pou l ekri kèk règ pou òganizasyon an. Li te pote règ yo bay Joseph Smith. Joseph Smith te di règ yo te bon anpil. Men li te di Senyè a te gen yon pi bon plan pou medam yo.

Imaj
Relief Society being organized

Joseph Smith te mande medam yo pou yo te vini nan yon reyinyon le 17 mas 1842. Li te di dirijan prètriz yo tap ede medam yo nan òganizasyon yo a. Te gen dizuit medam nan reyinyon an. Yo te chwazi Emma Smith kòm dirijan medam yo. Yo te rele òganizasyon yo a Sosyete Sekou.

Imaj
Joseph speaking to Relief Society

Joseph Smith te di medam yo pou yo ede moun ki te malad ou byen ki te malere yo. Yo ta dwe bay moun nenpòt èd yo te bezwen. Evèk la tap ede medam yo konnen sa pou yo fè.

Imaj
women meeting together

Medam yo te fè reyinyon pou yo te aprann bagay yo ta dwe konnen. Yo te kontan anpil poutèt yo ta kapab ede manm Legliz la.

Imaj
women making clothes

Medam yo te fè yon seri bagay pou tanp lan. Yo te fè rad pou mesye ki tap bati tanp lan yo.

Imaj
women taking food to those in need

Medam yo te pote manje bay moun ki te bezwen manje. Yo te pran swen moun ki te malad yo. Yo te fè anpil bagay pou ede Sen yo.

Imaj
women serving in Relief Society

Fi nan Legliz la kapab ale nan Sosyete Sekou a. Yo ede moun. Yo aprann levanjil la. Yo pran enfòmasyon sou moun ki nan lòt peyi yo. Yo pran enfòmasyon sou bon liv, mizik, ak travay atis. Yo aprann kijan pou yo fè kay yo pi bèl.