Scripture Stories
Chapit 32: Legliz Jezikri a nan Kirtland: Mas–Jen 1833


“Chapit 32: Legliz Jezikri a nan Kirtland: Mas–Jen 1833,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 123–25

“Chapit 32,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 123–25

Chapit 32

Legliz Jezikri a nan Kirtland

(Mas–Jen 1833)

Imaj
Joseph Smith and his counselors

Joseph Smith te pwofèt Legliz Jezikri a. Senyè a te di Joseph ta dwe gen mesye pou ede l. Se konseye yo tap ye. Se Sidney Rigdon ak Frederick G. Williams ki ta dwe sèvi kòm konseye l. Joseph ak konseye l yo se te Premye Prezidans Legliz la.

D&A 81:1; 90:6

Imaj
modern-day prophet

Jodi a se pwofèt vivan an k ap dirije Legliz la. Yo rele limenm ak konseye l yo Premye Prezidans lan.

Imaj
Joseph ordaining his counselors

Joseph Smith ak konseye l yo te òdone nan yon reyinyon ki te fèt nan Kirtland, Ohio. Se te yon reyinyon sakre. Tout moun nan reyinyon an te pran sentsèn nan.

Imaj
Saints gathering

Kèk semèn apre sa, Joseph Smith te kòmanse premye pye Legliz la. Yon pye se anpil manm Legliz la k ap viv toupre youn ak lòt. Tout Sen Kirtland yo te nan premye pye a. Jodi a Legliz la gen anpil pye.

Imaj
Saints building Kirtland Temple

Apre sa, Jezi te di Sen yo ta dwe bati plis lokal pou Legliz la. Yo ta dwe bati yon tanp nan Kirtland. Yo te bezwen bati yon kote pou Premye Prezidans lan travay. Legliz la te bezwen yon enprimri tou.

Imaj
Saints framing Kirtland Temple

Sen yo te obeyi Senyè a. Yo te kòmanse bati Tanp Kirtland la. Bati yon tanp pa t yon travay fasil. Li te nesesè pou tout Sen yo pote konkou yo.

Imaj
church patriach giving blessing

Anpil moun te vin manm Legliz la. Jezi te di Joseph pou l chwazi plis dirijan pou Sen yo. Li te di papa Joseph ta dwe vin Patriyach pou Legliz la. Patriyach la bay Sen yo benediksyon. Li gen Prètriz Mèlkisedèk la.

Imaj
Joseph meeting with high council

Jezi te di Joseph pou l chwazi douz mesye kòm manm gran konsèy. Mesye sa yo gen Prètriz Mèlkisedèk la. Yo ede Sen yo konnen sa k bon ak sa k pa bon.