Scripture Stories
Chapit 56: Yo Touye Pwofèt la: Jen 1844


“Chapit 56: Yo Touye Pwofèt la: Jen 1844,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 201–5

“Chapit 56,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 201–5

Chapit 56

Yo Touye Pwofèt la

(Jen 1844)

Imaj
judge speaking with Joseph

Kèk moun te di se Joseph Smith ki te lakòz pwoblèm Nauvoo yo. Yo te met Joseph nan prizon. Jij la te di Joseph Smith pa t fè anyen ki mal. Li te kite Joseph ale.

Imaj
Governor of Illinois speaking to soldiers

Popilas yo te fache anpil kont jij la. Yo te di yo tap touye jij la. Sen Nauvoo yo te pè. Yo te mande gouvènè eta a pou l ede yo. Men li pa t vle. Li te voye sòlda dèyè Joseph Smith.

Imaj
Hyrum and Joseph

Joseph Smith te konnen yo ta kapab mete l nan prizon ankò. Joseph te pè pou yo pa t mete frè l la, Hyrum, nan prizon tou. Joseph te di Hyrum pou l pran fanmi l epi ale nan yon lòt vil. Men Hyrum pa t vle kite Joseph.

Imaj
Joseph and Hyrum

Joseph Smith te di limenm ak Hyrum ta dwe kite Nauvoo. Si yo te fè sa, popilas yo pa tap fè Sen yo anyen. Konsa, Joseph ak Hyrum te travèse rivyè a.

Imaj
Joseph reading letter

Gen moun ki te di Joseph Smith te pran rak paske l te pè. Madanm Joseph Smith, Emma, te voye kèk zanmi mande l pou l tounen. Joseph Smith te panse yo tap touye l si l te tounen Nauvoo. Men li te fè sa zanmi l yo te vle l fè a.

Imaj
Joseph being taken by soldiers

Joseph ak Hyrum te retounen Nauvoo. Yo te arete yo. Sòlda yo te mennen yo ansanm avèk Willard Richards ak John Taylor nan yon vil ki rele Carthage. Yo te mete yo nan prizon Carthage la.

Imaj
Joseph and friends in Carthage Jail

Jou apre a se te 27 jen 1844. Kèk nan zanmi Joseph Smith yo te rann li vizit nan prizon an. Yo te li ekriti sakre yo. John Taylor te chante youn nan chante Joseph te pi renmen yo e ki te pale apwopo Jezi.

Imaj
mob attacking jail

Brid sou kou, yo te tande yon bri deyò a. Gen yon popilas ki t ap tire sou prizon an. Te gen plis pase san mesye nan popilas la. Yo te pentire figi yo pou moun pa t rekonnèt yo.

Imaj
Hyrum lying dead on floor

Kèk moun nan popilas la te kouri pase devan gad yo e yo te ouvri pòt prizon an ak yon pousad. Yo te kouri monte eskalye yo. Yo te tire sou chanm lan. Yo te tire sou John Taylor, men yo pa t touye l. Yo te touye Hyrum. Joseph Smith te wè Hyrum te mouri. Li te di, “O, frè mwen, Hyrum!”

Imaj
Joseph falling out window

Joseph te kouri al nan fenèt la. Popilas la te tire l. Li rele, “O Senyè, Bondye m nan.” Li te tonbe pa lòtbò fenèt la. Pwofèt Bondye a te mouri.

Imaj
Saints retrieving body of Joseph

Yo te mennen kò Joseph ak kò frè li Hyrum nan Nauvoo. Sen yo te tris anpil. Lidè ak pwofèt yo a te mouri. Li te bay vi l pou levanjil Jezikri a.

D&A 135

Imaj
work of Joseph Smith

Pwofèt Joseph Smith te fè anpil travay enpòtan. Li te tradui Liv Mòmon an. Li te kòmanse vrè Legliz Jezikri a. Li te bati yon vil kote Sen yo ta ka viv. Bondye te renmen Joseph Smith. Sen yo te renmen l. Joseph Smith te fè plis bagay pou ede nou pase okenn lòt moun, eksepte Jezikri.