Scripture Stories
Chapit 11: Plis Moun Vin Manm Legliz la: Avril–Jen 1830


“Chapit 11: Plis Moun Vin Manm Legliz la: Avril–Jen 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 46–47

“Chapit 11,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 46–47

Chapit 11

Plis Moun Vin Manm Legliz la

(Avril–Jen 1830)

Imaj
members arriving

Anpil semèn te pase. Te gen vennsèt manm nan Legliz la. Yo tout pa t rete nan menm vil. Joseph Smith te mande yo pou yo vin nan yon konferans. Yon konferans se yon reyinyon espesyal pou tout Sen yo. Sen yo se manm Legliz Jezikri a.

Imaj
Saints partaking of sacrament

Sen yo te pran sentsèn nan konferans lan. Gen kèk mesye ki te òdone nan prètriz la. Sentespri a te beni Sen yo. Yo te kontan anpil.

Imaj
people attending conference

Te gen kèk lòt moun nan konferans lan. Yo pa t manm Legliz la. Yo te jwenn enfòmasyon sou levanjil la nan konferans lan. Yo te vle vin manm Legliz la. Yo te batize. Apre konferans lan, Joseph Smith te ale nan yon lòt vil. Kèk bon moun kote sa a te vle batize. Joseph te di yo te ka batize nan yon kouran dlo.

Imaj
wicked people destroying dam

Moun yo te fè yon ti baraj nan kouran an. Yo te fè yon bèl kote pou yo batize. Pandan nuit la, kèk mechan te detwi baraj la.

Imaj
mob interrupting baptism

Bon moun yo te refè baraj la. Apre sa, Oliver te kòmanse batize yo. Byen vit yon popilas te vini. Yon popilas se yon foul move moun, moun mechan. Popilas la te di bon moun yo move bagay. Popilas la t ap chèche ba yo pwoblèm. Men Senyè a te pwoteje bon moun yo.

Imaj
Joseph in prison cell

Satan te vle popilas la kreye Legliz Jezikri a pwoblèm. Mechan yo te fè manti sou Joseph Smith. Yo te di li fè move bagay. Yo te mete Joseph nan prizon.

Imaj
Joseph being arrested again

Move moun t ap chèche pou bay Joseph pwoblèm. Yo te krache sou li. Yo pa t vle ba l manje. Kèk nan yo te fè manti sou Joseph. Men bon moun yo te di laverite sou Joseph. Yo te di li se yon nonm jis. Alafen, Joseph te vin lage.