Scripture Stories
Chapit 18: Lwa Legliz la: 4 Fevriye 1831


“Chapit 18: Lwa Legliz la 4 Fevriye 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 67–69

“Chapit 18,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 67–69

Chapit 18

Lwa Legliz la

(4 Fevriye 1831)

Imaj
Joseph writing revelation

Senyè a te bay Joseph Smith yon revelasyon ki enpòtan anpil nan Kirtland. Yo rele li lwa Legliz la.

D&A 42: Prefas

Imaj
man being ordained

Senyè a te di Sen yo ta dwe anseye tout moun levanjil la. Gason ki al nan misyon yo ta dwe òdone nan prètriz la. Se dirijan Legliz la ki ta dwe òdone yo.

Imaj
missionaries teaching family

Se de misyonè ki dwe travay ansanm. Yo ta dwe anseye sa ki soti nan Bib la ak Liv Mòmon an. Yo ta dwe priye pou yo gen Sentespri a avèk yo. Sentespri a ap di yo kisa pou yo anseye.

Imaj
missionary baptizing boy

Misyonè yo ta dwe batize moun ki kwè nan levanjil la.

Imaj
Church members greeting

Senyè a te di manm Legliz la ta dwe obeyi Dis Kòmandman yo. Yo pa ta dwe touye moun. Yo pa ta dwe bay manti. Yo pa ta dwe di move bagay sou lòt moun. Yo pa ta dwe fè okenn lòt move bagay.

Imaj
Saints sharing food

Sen yo ta dwe pataje sa yo genyen avèk lòt moun. Pataje avèk lòt yo se tankou pataje avèk Jezi.

Imaj
Saints working

Jezi te bay Sen yo lòt kòmandman. Okenn Sen pa ta dwe panse yo pi bon pase yon lòt moun. Sen yo ta dwe pwòp. Yo ta dwe travay di.

Imaj
elders blessing sick girl

Sen yo ta dwe pran swen manm ki malad yo. Gason ki gen prètriz yo ta dwe beni manm ki malad yo. Manm malad ki gen lafwa ka geri. Yo p ap mouri si lè pou yo mouri a poko rive.

Imaj
man’s spirit leaving his body

Sen ki jis yo pa ta dwe pè mouri. Lamò se yon bèl bagay pou moun jis yo.

Imaj
Joseph instructing the Saints

Jezi ap bay manm jis yo anpil revelasyon. L ap montre yo anpil bagay. Y ap konnen kijan pou yo kontan anpil. Senyè a te di Sen yo pou yo obeyi lwa Legliz la.