Scripture Stories
Chapit 2: Premye Vizyon Joseph Smith la: 1820


“Chapit 2: Premye Vizyon Joseph Smith la: 1820,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 9–12

“Chapit 2,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 9–12

Chapit 2

Premye Vizyon Joseph Smith la

(1820)

Imaj
Joseph Smith Sr.

Joseph Smith ak fanmi li te kwè nan Bondye. Yo te li Bib la ansanm. Papa Joseph ak manman l te aprann timoun yo pou yo janti.

Imaj
Joseph attending church

Te gen anpil legliz nan Palmyra. Tout moun t ap di se legliz pa yo a ki bon legliz la. Yo te di lòt legliz yo nan erè. Joseph pa t konnen nan ki legliz pou l mache. Li te vle konnen kiyès ladan yo ki te vrè Legliz Jezikri a.

Imaj
Joseph reading the Bible

Yon jou Joseph t ap li Bib la. Li te gen katòzan lè sa a. Li te li nou ta dwe mande Bondye lè nou vle konnen yon bagay. Joseph te deside pou l priye. Li te vle mande Bondye nan ki legliz pou l mache.

Imaj
Joseph kneeling

Se te yon bèl jou prentan. Joseph te ale nan yon forè bò lakay li. Li te mete l ajenou. Li te priye fò. Li te gen lafwa Papa ki nan Syèl la tap reponn priyè l la.

Imaj
Joseph holding his head

Satan pa t vle Joseph priye. Satan te eseye fè l sispann. Satan te fè toutotou mesye vin gen fènwa. Li pa t ka pale. Li te pè.

Imaj
Joseph kneeling in prayer

Joseph Smith pa t sispann priye. Satan pa t ka fè l pe bouch li.

Imaj
Heavenly Father and Jesus

Apre sa, Joseph te fè yon vizyon. Li te wè yon bèl limyè klere. Limyè a te toutotou l. Li te wè Papa ki nan Syèl la ak Jezikri. Yo te kanpe anlè tèt li nan limyè a. Papa ki nan Syèl la te lonje men li sou Jezikri epi li te di, “Celui-ci est mon Fils bien-aimé. Ecoute-Le!”

Imaj
Jesus

Joseph te mande Jezi ki legliz ki te nan laverite. Li te mande l nan ki legliz pou l mache. Jezi te di Joseph pa mache nan okenn nan legliz yo. Jezi te di tout legliz yo te nan erè. Okenn nan legliz yo pa t Legliz pa l la. Li te di Joseph anpil lòt bagay. Apre sa, vizyon an te fini. Joseph te rete poukont li.

Imaj
Joseph and his mother

Joseph te al lakay li. Manman l te mande si l byen. Joseph te di wi. Li te di manman l li te fè yon vizyon. Li te di manman l sa l te aprann nan vizyon l lan.

Imaj
minister chastising Joseph

Joseph te pale kèk moun nan bouk la apwopo vizyon l lan. Moun yo pa t kwè l. Yo te panse li t ap bay manti. Yo te fache kont li. Yo te di avèk li.

Imaj
Joseph being taunted

Joseph te toujou di laverite sou vizyon l lan. Li te konnen li te wè Papa ki nan Syèl la ak Jezikri. Li te konnen okenn nan legliz sou tè a pa t nan laverite.