Scripture Stories
Chapit 35: Sen yo Kite Jackson County, Misouri: Septanm–Desanm 1833


“Chapit 35: Sen yo Kite Jackson County, Misouri: Septanm–Desanm 1833,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 132–34

“Chapit 35,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 132–34

Chapit 35

Sen yo Kite Jackson County, Misouri

(Septanm–Desanm 1833)

Imaj
Saints greeting governor of Missouri

Mechan yo t ap bay Sen Jackson County, Misouri yo pwoblèm. Sen yo te eseye chèche èd nan men gouvènè Misouri a. William Phelps ak Orson Hyde te al kote gouvènè a. Yo te pale l apwopo popilas la. Yo te di l kijan yo te detwi kay yo.

Imaj
Saints leaving governor

Gouvènè a pa t vle ede yo. Li te di yo pou yo al mande jij yo sekou. Men se zanmi mechan yo jij yo te ye. Yo pa t vle ede Sen yo.

Imaj
mobs attacking store

Popilas la te atake Sen yo pandan sis jou. Yo te demoli kay yo. Yo te blese mesye yo. Yo te kraze magazen an pou yo antre epi yo te jete tout bagay atè.

Imaj
Saints driven from homes

Popilas la te fè Sen yo kite kay yo. Se te nan sezon livè. Anpil moun te mouri akòz fredi ak imidite tanperati a. Sen yo te ale nan lòt vil nan Misouri pou yo te ka sove anba popilas la.

Imaj
Saints gathered around fire

Sen yo te tris. Yo te kraze kay yo, fèm yo, ak magazen yo. Yo te vòlè zannimo yo. Gouvènè a ak jij yo pa t vle ede Sen yo.

Imaj
Saints looking forward with faith

Men Sen yo te kontinye gen lafwa nan Bondye. Yo te konnen Legliz Jezikri a se te vrè Legliz la. Yo te konnen Joseph Smith se te yon pwofèt Bondye.

Imaj
Joseph praying

Joseph Smith te nan Kirtland Ohio. Jezi te ba l yon revelasyon. Li te di Joseph poukisa Sen yo te gen pwoblèm. Gen kèk ladan yo pa t obeyi kòmandman Bondye yo.

Imaj
Saints arguing with each other

Jezi te di Sen yo pa t travay ansanm. Yo pa t fè pataj. Youn te di lòt move bagay. Yo pa t priye Bondye lè yo te kontan. Yo pa t janm di Bondye mèsi. Yo te priye sèlman lè yo te bezwen èd.

Imaj
Jesus coming to earth

Jezi te di Sen yo ta dwe pare pou lè li retounen sou tè a. Lè li vini, moun ap gen lapè. Sen ki te soufri pou Jezi yo ap beni. Satan p ap gen pouvwa pou l tante Sen yo. Okenn moun p ap tris. P ap gen lanmò tankou jan sa ye jodi a. Lè Jezi retounen, tout moun ap kontan.