Scripture Stories
Chapit 42: Far West, Misouri: Janvye–Jiyè 1838


“Chapit 42: Far West, Misouri: Janvye–Jiyè 1838,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 161–63

“Chapit 42,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 161–63

Chapit 42

Far West, Misouri

(Janvye–Jiyè 1838)

Imaj
men trying to kill Joseph

Mechan yo nan Kirtland pa t vle repanti. Yo te vle touye Joseph Smith. Joseph te oblije kite Kirtland. Se te an ivè e li te fè frèt anpil. Lenmi Joseph yo te suiv li. Yo te gen kouto ak revòlvè pou yo ta ka touye l.

Imaj
Joseph hiding

Joseph te oblije kache. Senyè a te pwoteje l pou lenmi l yo pa t jwenn li. Yon nuit li te dòmi nan menm kay avèk lenmi l yo. Yo pa t konnen si l te la.

Imaj
Joseph walking by his enemies

Yon lòt lè, Joseph te pase devan lenmi l yo nan lari a. Yo te gade l. Yo pa t rekonèt l.

Imaj
Missouri Saints welcoming Joseph

Joseph te fè yon vwayaj plizyè santèn kilomèt. Li te ale Far West, Misouri. Sen Misouri yo te kontan wè l.

Imaj
Church members breaking into store

Kèk nan dirijan Misouri yo pa t obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa t vle repanti. Yo te fache kont Joseph. Yo te vle vin rich.

Imaj
Joseph saddened

Joseph te tris. Mesye sa yo se te zanmi l. Oliver Cowdery, David Whitmer, ak lòt moun ankò te ekskominye. Yo pa t manm Legliz Jezikri a ankò.

Imaj
Joseph choosing new leaders

Yo te chwazi lòt mesye pou dirije Legliz la nan Far West.

Imaj
Jesus appearing to Joseph

Yon jou Joseph Smith te ale yon kote toupre Far West. Jezi te di kote sa a te rele Adam-ondi-Ahman. Se yon kote espesyal. Jezi te pale ak Adan kote sa a epi li te beni l. Adan te beni pitit li yo nan Adam-ondi-Ahman. Yon jou, Jezi ak Adan ak lòt moun jis ak rankontre la ankò.