Scripture Stories
Chapit 55: Plis Pwoblèm pou Sen yo: 1843–1844


“Chapit 55: Plis Pwoblèm pou Sen yo: 1843–1844,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 199–200

“Chapit 55,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 199–200

Chapit 55

Plis Pwoblèm pou Sen yo

(1843–1844)

Imaj
people causing trouble

Pifò nan moun toupre Nauvoo yo pa t manm Legliz la. Anpil ladan yo pa t renmen Sen yo. Yo pa t vle Sen yo kòm dirijan vil la. Yo te kreye manm Legliz la pwoblèm.

Imaj
mob stealing the Saints’ animals

Moun sa yo te met tèt yo ansanm pou fòme popilas. Yo te vòlè zannimo Sen yo. Yo te boule depo ak kay. Yo t ap chèche fè Sen yo kite Nauvoo. Lapolis ak sòlda yo pa t vle bloke popilas yo. Gouvènè a pa t vle ede Sen yo.

Imaj
Joseph envisioning the Saints traveling west

Joseph Smith te di Sen Nauvoo yo yo tap gen pwoblèm. Bagay Joseph Smith te di yo te vin fèt vre. Joseph te konnen Sen yo tap gen pou yo kite Nauvoo. Yo ta dwe ale kote pèsonn pa tap nui yo.

Imaj
Joseph meeting with the Apostles

Joseph Smith te fè yon reyinyon ak Apot yo ak kèk lòt mesye. Li te di yo pou jwenn yon kote Sen yo ta kapab al viv.

Imaj
Joseph looking at map

Joseph Smith te gade nan kat peyi a. Kat yo te montre yon kote ki te gen anpil mòn wo ak gwo vale. Se Endyen ki t ap viv la. Joseph te konnen kote sa a tap yon bon kote pou Sen yo. Popilas yo pa ta ka fè yo anyen. Joseph te espere Sen yo ta kapab al viv kote sa a.

Imaj
people laughing

Te gen lòt moun an Nauvoo ki te manm Legliz la. Men yo pa t kwè nan levanjil la ankò. Yo te rayi Joseph Smith. Yo te vle touye l. Yo te kòmanse yon jounal, yo te ekri move bagay sou Joseph ak Sen yo.

Imaj
Saints destroying printing press

Dirijan Nauvoo yo te fache kont jounal la. Kèk ladan yo te ale nan lokal jounal la. Yo te boule jounal yo. Yo te detwi emprimè a. Jounal la pa t ka enprime ankò.