Scripture Stories
Chapit 12: Misyon Samuel Smith la: Jen 1830


“Chapit 12: Misyon Samuel Smith la: Jen 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 48–50

“Chapit 12,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 48–50

Chapit 12

Misyon Samuel Smith la

(Jen 1830)

Imaj
Samuel Smith

Samuel Smith se te ti frè Joseph Smith. Joseph te di Jezi te vle pou Samuel al fè yon misyon. Samuel Smith se te premye misyonè Legliz la.

Imaj
Samuel Smith

Samuel te al anseye moun levanjil la. Li te vle pale yo apwopo Liv Mòmon an. Li te eseye vann moun yo liv la. Men okenn moun pa t vle li l. Samuel te tris.

Imaj
Samuel returning home

Misyon Samuel la te di. Anpil fwa li te grangou. Pafwa li pa t gen kote pou l dòmi. Gen moun ki te mechan avèk li.

Imaj
Samuel and Phineas Young

Samuel te vann yon mesye ki te rele Phineas Young yon Liv Mòmon. Phineas te li liv la. Li te bay frè l Liv Mòmon an. Frè l la te rele Brigham Young.

Imaj
Brigham Young

Brigham Young te li Liv Mòmon an. Li te kwè se te laverite. Li te aprann levanjil Jezikri a. Phineas ak Brigham Young te pale zanmi yo apwopo Liv Mòmon an. Zanmi yo te li l. Phineas ak Brigham Young ak zanmi yo te vin manm Legliz la.

Imaj
Brigham Young speaking

Pita Brigham Young te vin yon pwofèt nan Legliz la. Li te ede Sen yo. Se te yon gwo dirijan.

Imaj
Samuel walking

Samuel Smith te al lakay li. Li pa t panse misyon l lan te ede Legliz la. Li pa t konnen Brigham Young tap vin pwofèt yon jou.

Imaj
Samuel speaking to inn keeper

Yon nuit Samuel te desann nan yon otèl. Li te mande pwopriyetè a pou l achte yon Liv Mòmon. Pwopriyetè a te mande Samuel kibò l te jwenn liv la. Samuel te di se yon liv ki te sou plak an nò frè l la te tradui.

Imaj
inn keeper getting angry at Samuel

Pwopriyetè a te fache. Li te di Samuel t ap fè manti. Li te di Samuel pou l mete l deyò nan otèl la.

Imaj
Samuel sleeping under tree

Nuit sa a Samuel te oblije dòmi anba yon pye pòm.

Imaj
Samuel speaking to pastor

Alafen Samuel te bay yon dirijan nan yon lòt legliz Liv Mòmon an. Dirijan an ak madanm li te li Liv Mòmon an. Yo te konnen li te enpòtan.