Scripture Stories
Chapit 4: Martin Harris ak Paj ki Pèdi yo: 1824–1828


“Chapit 4: Martin Harris ak Paj ki Pèdi yo: 1824–1828,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 17–21

“Chapit 4,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 17–21

Chapit 4

Martin Harris ak Paj ki Pèdi yo

(1824–1828)

Imaj
Joseph walking

Fanmi Joseph Smith te malere. Yo te bezwen lajan. Joseph te vle ede fanmi l. Li te al travay nan eta Pennsilvani. Li te rete menm kote ak yon mesye ki te rele Mesye Hale.

Imaj
Joseph marrying Emma

Mesye Hale te gen yon pitit fi ki te rele Emma. Joseph te fè konesans ak Emma. Yo te tonbe damou epi yo te marye. Yo te al viv ak fanmi Joseph. Joseph te ede papa l travay nan fèm nan.

Imaj
people on street

Anpil moun te konnen Joseph te gen plak an nò yo. Yo t ap chèche vòlè yo. Moun yo te bay Joseph pwoblèm. Yo te fè manti sou Joseph ak fanmi li.

Pwoblèm nan te tèlman rèd Joseph ak Emma te deside kite zòn nan. Yo te vle ale Pennsilvani. Yo t ap rete toupre fanmi Emma. Men Joseph ak Emma pa t gen ase lajan pou yo ale.

Joseph Smith—Istwa 1:61

Imaj
Joseph and Emma meeting Martin Harris

Gen yon nonm ki te rele Martin Harris ki te rete bò kay Joseph Smith. Martin Harris te gen yon gwo fèm. Li te gen anpil lajan. Martin Harris te janti avèk Joseph ak Emma. Li te ba yo kòb pou ede yo bote. Joseph ak Emma te ale Pensylvani.

Imaj
Joseph translating

Joseph te kòmanse tradui bagay ki te ekri sou plak an nò yo. Joseph pa t konnen kisa sa ki te ekri yo te vle di. Bondye te ede l. Joseph te sèvi ak Ourim ak Tourim lan pou l te konprann mo yo. Nou ka li sa li te tradui a. Yo rele l Liv Mòmon an.

Imaj
Martin Harris transcribing

Martin Harris te ale Pennsilvani. Li te ede Joseph tradui. Joseph te li mo yo nan plak an nò yo. Martin te ekri yo sou papye. Joseph ak Martin te tradui 116 paj nan Liv Mòmon an.

Imaj
Martin Harris asking for manuscript

Martin Harris te vle pote 116 paj yo lakay li. Li te vle pou fanmi l wè yo. Joseph te mande Senyè a si Martin te mèt al lakay li avèk paj yo. Senyè a te di non. Joseph te poze l kesyon an ankò. Senyè a te redi non.

Imaj
Joseph and Martin Harris

Martin te toujou vle pote paj yo lakay li. Joseph te poze Senyè a kesyon an ankò. Fwa sa a Senyè a te di Martin mèt montre moun lakay li paj yo. Men li pa dwe montre lòt moun yo.

Imaj
Martin Harris with pages

Martin te pwomèt pou l obeyi Senyè a. Li te pote paj yo lakay li. Li te montre fanmi l paj yo. Men li pa t respekte pwomès li a. Li te montre kèk lòt moun paj yo. Apre sa li te mete yo la.

Imaj
Martin Harris

Pita Martin te al chèche paj yo. Li te chèche toupatou. Li pa t ka jwenn yo. Paj yo te pèdi.

Imaj
Joseph pondering

Paj ki te pèdi yo te fè tèt Joseph cho anpil. Li pa t ka dòmi.

Jezi te pale avèk Joseph. Li te di Martin Harris te fè yon move bagay. Martin te pwomèt pou l obeyi Senyè a. Men li pa t respekte pwomès li a. Kounyeya paj Liv Mòmon yo te pèdi. Martin Harris pat ka ede tradui ankò.

D&A 3:12–14

Imaj
evil men conspiring

Jezi te di Satan te vle pou 116 paj yo pèdi. Mechan yo te pran paj yo. Satan ak mechan yo te vle bloke travay Bondye a. Yo pa t vle moun yo kwè nan Liv Mòmon an. Jezi te di Satan pa t kapab bloke travay Bondye a. Mechan pa t kapab bloke travay Bondye a.

Imaj
Joseph envisioning people reading the book

Jezi te di Joseph pou l pa bay tèt li pwoblèm pou istwa ki te nan paj ki pèdi yo. Menm istwa yo te ekri nan yon lòt pati nan plak an nò yo. Jezi te di Joseph li ta dwe tradui tout lòt pati nan plak yo. Apre sa bon moun yo tap kapab li Liv Mòmon an. Yo tap kwè liv la te vre. Yo tap aprann levanjil la.