Scripture Stories
Chapit 8: Prepare pou Legliz Jezikri a: Mas–Avril 1830


“Chapit 8: Prepare pou Legliz Jezikri a: April 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 34–39

“Chapit 8,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 34–39

Chapit 8

Prepare pou Legliz Jezikri a

(Mas–Avril 1830)

Imaj
Joseph receiving revelation

Se te prèske lè pou vrè Legliz Jezikri a te tounen sou tè a. Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon pou moun yo. Jezi te vle pou moun yo pare pou Legliz li a. Li te di yo anpil bagay yo dwe konnen anvan yo te kòmanse Legliz li a. Li te pale yo plis apwopo levanjil li a.

Imaj
man reading the Book of Mormon

Jezi te di se levanjil li a Liv Mòmon an anseye. Li te di Liv Mòmon an se laverite. Jezi vle pou moun yo kwè Liv Mòmon an. L ap ede yo obeyi Bondye.

Imaj
Jesus Christ

Jezi te pale apwopo vi l. Bondye te voye Jezi pou ede moun yo sou tè a. Satan te chèche fè l fè move bagay. Men Jezi pa t koute Satan.

Imaj
Jesus suffering

Jezi te tris poutèt move bagay moun fè. Li te bay san l e li te soufri pou tout moun. Moun pap soufri si yo repanti.

Imaj
Jesus hanging on cross

Mechan yo te mete Jezi sou yon kwa epi yo te touye l.

Imaj
Jesus’ friends carrying his body

Zanmi Jezi yo te antere l nan yon tonm.

Imaj
Jesus appearing to Apostles

Apre twa jou, Jezi te resisite. Li te viv ankò.

Imaj
resurrected Christ

Jezi te fè bagay sa yo pou ede moun ki repanti yo. Li te mouri pou ede moun ki gen lafwa e ki batize. Yo p ap resevwa pinisyon. Yo kapab ale nan syèl la. Moun ki pa repanti ap resevwa pinisyon.

Imaj
young boy praying

Jezi te pale apwopo batèm. Moun ki vle batize dwe repanti. Yo dwe renmen epi obeyi Jezikri. Yo dwe gen uitan oubyen plis laj. Lè sa a, yo kapab batize epi vin manm Legliz la.

Imaj
man baptizing boy

Jezi te montre fason kòrèk pou batèm fèt. Li te di yon prèt nan Prètriz Aawon an oubyen yon mesye ki gen Prètriz Mèlkisedèk la ka batize yon moun. Mesye ki gen prètriz la antre moun nan dlo a. Li di yon priyè espesyal.

Imaj
man baptizing boy

Mesye ki gen prètriz la plonje moun nan anba dlo a. Apre sa li retire moun nan nan dlo a.

Imaj
after baptism

Jezi te di lè moun batize yo pwomèt pou yo obeyi l. Yo dwe di epi tou fè bon bagay.

Imaj
men giving baby blessing

Jezi te pale apwopo beni tibebe. Gason ki gen Prètriz Mèlkisedèk la kapab beni tibebe. Gason yo kenbe tibebe a nan men yo. Yon mesye bay tibebe a yon non ak yon benediksyon.

Imaj
boy taking sacrament

Jezi te pale apwopo sentsèn. Li te di moun yo ta dwe pran sentsèn souvan. Si nou fè yon bagay ki mal, nou pa dwe pran sentsèn. Nou dwe repanti. Apre sa, nou gen dwa pran sentsèn.

D&A 20:75; 46:4

Imaj
boy pondering Christ’s crucifixion

Nou pran sentsèn pou nou ka sonje Jezi. Pen an ede nou panse apwopo kò Jezikri. Nou sonje li te mouri pou nou sou kwa a.

Imaj
boy pondering Atonement

Dlo a ede nou panse apwopo san Jezi. Nou sonje san l te koule e li te soufri pou nou nan Jaden Jetsemane a.

Imaj
boy praying

Lè nou pran sentsèn, nou fè alyans. Yon alyans se yon pwomès. Nou pwomèt n ap eseye vin menm jan avèk li. Nou pwomèt n ap toujou sonje l. Nou pwomèt pou nou obeyi kòmandman l yo. Espri l ap avèk nou si nou respekte alyans nou yo.