Scripture Stories
Chapit 38: Pèl Gran Pri a


“Chapit 38: Pèl Gran Pri a,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 145–50

“Chapit 38,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 145–50

Chapit 38

Pèl Gran Pri a

Imaj
Pearl of Great Price

Pèl Gran Pri a se yon liv. Se Bondye ki te ede pwofèt yo ekri Pèl Gran Pri a. Se youn nan ekriti sakre nou yo. Gen kat pati nan Pèl Gran Pri a. Se Liv Moyiz la, Liv Abraam nan, Ekriti Joseph Smith yo, ak Atik Lafwa yo.

Liv Moyiz la

Imaj
Joseph receiving revelation

Premye pati nan Pèl Gran Pri se yon revelasyon Joseph Smith te fè. Li rele Liv Moyiz la. Moyiz se te yon pwofèt Bondye. Li te viv nan tan lontan.

Imaj
God appearing to Moses

Liv Moyiz la di kisa Bondye te di Moyiz sou yon tèt mòn. Moyiz te wè Bondye e li te pale avèk li. Bondye te di li te gen yon travay espesyal pou Moyiz fè.

Imaj
Moses seeing vision

Bondye te montre Moyiz mond lan. Moyiz te wè tout sa ki tap pral pase nan mond lan. Li te wè tout pitit Bondye yo ki tap vin viv nan mond lan.

Imaj
Moses telling Satan to go away

Bondye te kite Moyiz. Satan te vini. Li te di Moyiz pou l adore l. Moyiz pa t vle adore Satan. Moyiz te di, “Mwen se pitit gason Bondye.” Moyiz te mande Bondye pou l ede l. Lè sa a, li te di Satan sot devan l lan. Satan te fache anpil paske Moyiz pa t vle suiv li. Satan te kite Moyiz.

Imaj
Jesus creating the earth

Moyiz te ranpli avèk Sentespri a. Bondye te vin pale ak Moyiz ankò. Bondye te di Sovè a, Jezikri, se pitit gason Bondye. Bondye te di gen anpil mond. Se Jezi ki te fè yo. L ap fè lòt ankò. Ap toujou gen anpil mond. Pitit Bondye yo ap viv ladan yo.

Imaj
Moses writing his revelations

Moyiz te aprann travay Bondye a. Bondye travay pou ede moun yon pou yo ka viv avèk li pou tout tan. Li travay pou ede moun vin tankou l. Liv Moyiz la pale tou apwopo pwofèt Enòk ak vil Siyon an.

Liv Abraam nan

Imaj
man presenting mummies to Joseph

Dezyèm pati Pèl Gran Pri a se Liv Abraam nan. Yon jou an jiyè 1835, yon mesye ki te rele Mesye Chandler te vin Kirtland. Mesye Chandler t ap montre moun yo kèk momi ki te sòti an Ejip. Lè moun te mouri an Ejip, yo te konn vlope yo nan twal. Yo te rele yo momi.

Imaj
Mr. Chandler holding Egyptian papyrus

Te gen kèk woulo papye ansyen anpil ki te ansanm avèk momi yo. Te gen kèk bagay dwòl ki te ekri sou papye a. Mesye Chandler t ap chèche yon moun ki te kapab li sa ki te ekri a. Li te tande Joseph Smith ta kapab tradui sa ki te ekri a.

Imaj
Mr. Chandler presenting papyrus to Joseph

Joseph te gade sa ki te ekri sou papye a. Li te kapab li sa ki te ekri a. Li te Mesye Chandler kisa ekriti a te di. Kèk nan Sen yo te achte woulo papye yo nan men Mesye Chandler.

Imaj
Joseph translating papyrus

Joseph te tradui sa ki te ekri sou papye a. Oliver Cowdery ak William Phelps te ekri sa Joseph te tradui a.

Imaj
Abraham looking heavenward

Sa ki te ekri a, se Abraam, gwo pwofèt la, ki te ekri l. Abraam te viv an Ejip nan tan lontan. Jezi te pale avèk Abraam.

Imaj
Jesus speaking to Abraham

Jezi te pale Abraam apwopo vi nou anvan nou te vin sou tè a. Jezi te kreye tè a. Li te fè soley la, lalin nan, ak etwal yo. Li te fè plant yo, zannimo yo, ak moun.

Imaj
Abraham writing revelations

Abraam te ekri apwopo levanjil Jezikri a. Liv Abraam nan ede nou konprann pwofèt yo ak prètriz la.

Ekriti Joseph Smith yo

Imaj
Joseph writing

Se Joseph Smith ki te ekri twazyèm pati Pèl Gran Pri a. Nan Joseph Smith—Istwa, Joseph te pale apwopo premye vizyon an. Li te eksplike kijan li te jwenn plak an nò yo. Joseph te rakonte tou kijan anj ki te soti nan syèl la te bay limenm ak Oliver Cowdery prètriz la. Nan Joseph

Imaj
Joseph and writer

Smith—Matye, Joseph te korije yon pati nan Bib la. Katriyèm pati Pèl Gran Pri a se Atik Lafwa yo. Yon jou, yon mesye te vin kote Joseph Smith. Mesye a t ap ekri yon liv. Li te vle mete yon bagay konsènan Legliz la nan liv li a. Li te mande Joseph Smith pou l di kijan Legliz la te kòmanse.

Imaj
Joseph writing about the Church

Joseph Smith te ekri sou kòmansman Legliz la. Li te di kisa moun nan Legliz la kwè. Bondye te ede Joseph Smith konnen kisa pou l ekri. Joseph te ekri trèz bagay enpòtan. Li te rele yo Atik Lafwa yo.

Imaj
Saints reading the Articles of Faith

Se 1e mas 1842 yo te pibliye Atik Lafwa yo nan jounal Legliz la. Sen yo te li Atik Lafwa yo. Yo te kwè sa Joseph te ekri yo.

Atik Lafwa Yo

Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason l lan, Jezikri, ak nan Sentespri a.

Nou kwè lèzòm ap pran pinisyon pou peche pa yo, men se pa pou transgresyon Adan an.

Nou kwè grasa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, tout moun ka sove depi yo obeyi lwa ak òdonans Levanjil la.

Nou kwè premye prensip ak òdonans Levanjil la se: premyèman, Lafwa nan Senyè Jezikri; dezyèmman, Repantans; twazyèmman, Batèm pa imèsyon pou padon peche yo; katriyèmman, Poze men sou tèt pou bay don Sentespri a.

Nou kwè yon mesye dwe jwenn apèl Bondye, pa pwofesi ak poze men sou tèt nan men moun ki gen otorite pou sa, pou l preche Levanjil epi administre òdonans li yo.

Nou kwè nan menm òganizasyon ki te egsiste nan Premye Legliz la, sa vle di: apot, pwofèt, pastè, enstriktè, evanjelis, etsetera.

Nou kwè nan don lang, pwofesi, revelasyon, vizyon, gerizon, entèpretasyon lang, etsetera.

Nou kwè Bib la se pawòl Bondye depi yo tradui l kòrèkteman; nou kwè tou Liv Mòmon an se pawòl Bondye.

Nou kwè tout sa Bondye te revele, tout sa L ap revele kounyeya e nou kwè L ap revele ankò anpil gwo bagay enpòtan sou Wayòm Bondye a.

Nou kwè nan rasanbleman literal Izrayèl ak nan restorasyon Dis Tribi yo; se sou kontinan Ameriken an Siyon (Nouvo Jerizalèm lan) ap bati; Kris ap dirije kòm wa sou tè a an pèsòn; e tè a ap renouvle epi l ap resevwa glwa paradi l la.

Nou reklame dwa sakre pou nou adore Bondye Ki Gen Tout Pouvwa a selon konsyans nou, e nou pèmèt tout moun jwi menm dwa sa a pou yo adore jan yo vle, kote yo vle, oubyen sa yo vle.

Nou kwè nou dwe soumèt nou devan wa, prezidan, gouvènè, ak majistra yo pandan n ap obeyi, onore epi soutni lalwa.

Nou kwè nou dwe onèt, fidèl, chas, janti, ranpli ak bon kalite epi fè byen ak tout moun; an reyalite, nou kapab di n ap suiv egzòtasyon Pòl la—Nou kwè tout bagay, nou espere tout bagay, nou te andire anpil bagay e nou espere nou kapab andire tout bagay. N ap chèchè tout sa ki gen bon kalite, ki emab, ki gen bon repitasyon epi ki merite lwanj.

Joseph Smith