Scripture Stories
Chapit 45: Popilas yo nan Misouri: 1833


“Chapit 45: Popilas yo nan Misouri: 1833,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 167–72

“Chapit 45,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 167–72

Chapit 45

Popilas yo nan Misouri

(1833)

Imaj
Joseph with building plans

Kèk nan Sen yo t ap viv nan Far West, Misouri. Se la Joseph Smith t ap viv. Moun yo te kontan. Yo te bati bon kay ak lekòl.

Imaj
mobs gathering

Men Sen yo pa t pase anpil tan nan lapè. Mechan yo te ba yo pwoblèm. Yo te fè manti sou Sen yo. Yo te di move bagay sou dirijan Legliz la.

Imaj
mob planning to hurt the Saints

Yon popilas te reyini pou planifye jan pou bay Sen yo pwoblèm.

Imaj
mob capturing the Saints

Popilas la te fè anpil move bagay. Yo te fè Sen yo kite kay yo.

Imaj
mob destroying homes

Yo te boule kay yo epi yo te detwi fèm yo.

Imaj
mob beating man

Yo te bat mesye yo epi yo te mete kèk ladan yo nan prizon.

Imaj
man hurting woman

Popilas la te blese medam yo e li te touye kèk ladan yo.

Imaj
the Saints asking Governor Boggs for help

Se Mesye Boggs ki te gouvènè Misouri. Popilas la te ba l manti sou Sen yo.

Imaj
Governor Boggs speaking to his men

Gouvènè Boggs te di kèk sòlda pou yo touye Sen yo si yo pa t kite Misouri. Popilas la te kontan. Yo te fè anpil lòt mechanste. Gouvènè a pa t anpeche yo fè sa.

Imaj
mob attacking the Saints

Gen kèk Sen ki t ap viv nan yon vil ki te rele Haun’s Mill. Yon jou, kèk ladan t ap travay nan jaden yo. Lòt yo t ap travay nan kay. Yon popilas te vin atake yo.

Imaj
mob shooting into log cabin

Kèk nan Sen yo te kouri rantre nan yon kay ki te fèt ak moso pyebwa. Popilas la te tire nan fant bwa yo.

Imaj
Saints dodging bullets

Popilas la te touye Sen ki te kache yo. Yo te tire epi touye kèk timoun.

Imaj
mob robbing the Saints

Apre sa, popilas la te kase kay ak charyo Sen yo. Yo te touye anpil nan mesye yo. Fi yo ak timoun yo te poukont yo.

Imaj
soldiers wanting to kill Joseph

Pita kèk Sòlda te arete Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo. Yo te di sòlda yo pou yo touye Joseph ak zanmi l yo.

Imaj
soldier refusing to kill Joseph

Men chèf sòlda yo pa t vle obeyi. Li pa t vle tire Joseph ak lòt zanmi l yo. Li te di se tap yon krim.

Imaj
Joseph and his friends in chains

Sòlda yo mete Joseph ak zanmi l yo nan prizon. Gad yo te anchennen yo. Li te fè frèt anndan prizon an. Joseph ak zanmi l yo te oblije dòmi atè frèt la.

Imaj
guards laughing

Gad yo te mechan. Yo t ap di betiz epi yo t ap rakonte vye istwa. Yo te rakonte kijan yo te vòlè bagay Sen epi touye yo. Yo t ap rakonte kijan yo te malmennen medam yo ak timoun yo. Yo te pase tout nuit la nan griyen dan ak fè dyòlè.

Imaj
Joseph rebuking wicked guards

Joseph te rayi sa yo t ap di yo. Li pa t vle tande ankò. Li te leve kanpe e li te kòmande yo nan non Jezikri pou yo sispann. Li te di, “Sispann! Osinon noumenm oubyen mwenmenm ap mouri kounyeya.” Gad yo te pè. Yo te di Joseph eskize yo. Yo te chita nan yon kwen epi yo te rete trankil.

Imaj
Brigham Young leading Church

Brigham Young te youn nan Apot yo. Li te mande Sen yo pou yo vini nan yon reyinyon pandan Joseph te nan prizon an. Brigham Young te di yo yo dwe kite Misouri. Anpil nan Sen yo se te malere. Yo pa t gen charyo ni cheval. Mesye ki te la nan reyinyon an te di yo tap ede Sen malere yo bote.

Imaj
Saints leaving Missouri

Sen yo te kite Misouri. Se te an livè e li te fè frèt anpil. Popilas la t ap chèche fè yo mal. Popilas la te vòlè cheval ak bèf Sen yo.

Sen yo te ale Quincy, Illinois. Moun Quincy yo te janti avèk yo.

Imaj
Governor Boggs happy

Gouvènè Boggs ak zanmi l yo te kontan poutèt Sen yo te ale. Sèl Sen ki te rete Misouri yo te nan prizon.