2010–2019
Fòs Pèsonèl Atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a
Oktòb 2013


Fòs Pèsonèl Atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a

Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou kapab vin pi epi fado rebelyon nou an va ale.

Pa twò lontan, mwen te gen benediksyon rankontre avèk yon gwoup jèn trè enpresyonan nan Idaho. Yon jènfi vètye te di m, selon mwen menm, kisa ki pi enpòtan pou yo ta fè nan lavi yo nan moman sa a. Mwen te sigjere yo pou yo aprann rekonèt pouvwa sakrifis ekspyatwa Jezikri a nan lavi yo. Jodia, m pral eksplike youn nan aspè nan pouvwa sa a, ki se fòs pèsonèl nou kapab resevwa gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Nan Liv Mòmon nou li apwopo Ammon ak frè l yo ki t ap ansenye levanjil Jezikri a bay yon pèp ki te yon “pèp sovaj, andisi, epi fewòs.”1 Anpil nan yo te konvèti e yo te chwazi pou kite konpòtman pechè yo a dèyè. Konvèsyon yo a te tèlman total ke yo te antere zàm yo epi yo te fè alyans avèk Senyè a pou yo pa janm itilize yo anko.2

Nan apre, anpil nan frè yo ki pat konvèti yo te vin atake yo e te kòmanse touye yo. Moun sa yo ki te fidèl kounyeya te chwazi pou yo te mouri anba epe olye yo te riske lavi espirityèl yo nan pran zàm yo. Egzanp jis yo a te ede menm plis moun vin konvèti ak depoze zàm rebelyon pa yo.3

Gras avèk Amon, Senyè a te gide yo jwenn refij pami Nefit yo, e yo te vini konnen yo kòm pèp Amon an.4 Nefit yo te pwoteje yo pandan anpil ane, men, alafen, lame Nefit la te kòmanse bese e yo te vin bezwen ranfò trè rapid.5

Pèp Amon an te nan yon moman kritik nan lavi espirityèl yo. Yo te respekte alyans yo pou yo pa t janm pran lèzam ankò a. Men yo te vin konprann ke papa yo gen responsablite pou pwoteje fanmi yo.6 Nesesite sa a te si gran ke li te pòte yo anvizaje pou yo te kraze alyans yo a.7

Elaman, dirijan prètriz saj yo a, te konnen ke kraze yon alyans nou fè avèk Senyè a pa gen jistifikasyon. Li te pwopoze yon lòt opsyon enspire. Li te raple yo ke pitit gason yo te genyen yo pat koupab menm peche yo e konsa yo pat gen obligasyon pou fè menm alyans la.8 Malgre ke pitit gason sa yo te jèn, yo te fò fizikman e, sa ki pi enpòtan, yo te vètye ak pi. Pitit gason sa yo te fòtifye pa lafwa manman yo.9 Sou direksyon dirijan pwofèt yo a, jèn gason sa yo te pran plas papa yo pou defann fanmi yo ak fwaye yo.10

Evenman ki antoure desizyon enpòtan sa a demontre kijan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pote yon fòs pèsonèl nan lavi pitit Bondye yo. Reflechi sou santiman lakay papa sa yo. Kijan yo dwe te santi yo pou konnen ke aksyon rebèl yo nan lepase yo te anpeche yo pwoteje madanm yo ak pitit yo nan moman bezwen sa a? Konesan pèsonèlman ki kalite danje pitit gason sa yo ta pral gen pou travèse, siman yo dwe te kriye an kachèt. Se papa yo, non pa pitit yo, ki ta sipoze pwoteje fanmi yo!11 Soufrans yo dwe te anpil.

Poukisa dirijan prètriz enspire yo a te krenn pou yo pa t anvizaje reprann lèzam yo ankò, “pa krent…pou yo pat pèdi nanm yo”?12 Senyè a te deklare, “Gade, yon moun ki repanti nan peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò.”13 Papa fidèl sa yo te repanti pou peche yo depi lontan e yo te vin pwòp gras ak Sakrifis ekspyatwa Jezikri a; konsa, poukisa yo te konseye yo pou yo pa defann fanmi yo a?

Se yon verite fondamantal ke gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou kapab vin netwaye. Nou kapab vin vètye ak pi ankò. Men, pafwa, move chwa nou yo kite nou avèk konsekans ki dire lontan. Youn nan etap enpòtan nan repantans konplèt se sipòte konsekans kout ak long pou ansyen peche nou yo. Chwa yo nan lepase yo te ekspoze papa Amonit sa yo a yon apeti chanèl ki te kapab vin tounen yon pwen fèb ankò, ke Satan ta pral eseye eksplwate.

Satan eseye itilize souvni nou sou tout ansyen kilpabilite pou rale nou tounen anba enfliyans li ankò. Nou dwe toujou veye pou nou evite tantasyon l yo. Sete sa k te rive papa Amonit fidèl sa yo. Menm apre dèzane ap viv fidèlman, li te enperatif pou yo te pwoteje tèt yo espirityèlman kont tout atirans pou souvni ansyen peche yo.

Nan mitan anpil batay, Kapitèn Mowoni te dirije fòtifikasyon vil ki te pi fèb yo. “Li te fè yo bati yon gwo chapant an bwa andedan twou a, e yo te wete tè nan twou a pou bare chapant an bwa a…konsa yo te antoure vil la… avèk yon gwo klote an bwa ak tè, kit e wo anpil.”14 Kapitèn Mowoni te konprann enpòtans pou fòtifye pwen fèb yo pou rann yo fò.15

Papa Amonit sa yo te menmjan an tou. Yo te bezwen gwo fòtifikasyon pi wo ak pi gran ant lavi fidèl yo ak ansyen konpòtman enjis yo nan lepase yo. Pitit gason yo, ki te jwenn benediksyon tradisyon ki jis yo, pat ekspoze anba menm tantasyon yo. Yo te kapab defann fanmi yo fidèlman san konpwomèt byennèt espirityèl yo.

Bòn nouvèl la pou tout moun ki gen dezi pou debarase yo anba konsekans move chwa lepase yo seke Senyè a wè feblès yo yon lòt jan avèk rebelyon an. Menmsi Senyè a avèti ke rebelyon nou pa repanti pou yo yo ap mennen chatiman,16 lè l ap pale de feblès, se toujou avèk mizèrikòd.17

Byensi ke nou dwe rann nou kont ke yo te anseye papa Amonit yo fo tradisyon paran yo, men, tout pitit Pè Selès la vini nan mòtalite a avèk limyè Kris la. Kèlkeswa sa k te lakoz ansyen aksyon pechè sa yo, efè a sete devlope yon pwen fèb espirityèl ke Satan t apral eseye eksplwate.

Erezman, yo te ansenye yo levanjil la, yo te repanti, epi gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, yo te vin espirityèlman pi fò pase tantasyon Satan yo. Pwobableman yo pa t santi yo te tante pou retounen nan move pase yo a, men, nan swiv dirijan pwofèt yo a, yo pat bay Satan chans pou l te “twonpe nanm yo epi mennen yo trankilman nan lanfè.”18 Sakrifis ekspyatwa Sovè a te non sèlman netwaye yo anba peche, men, gras ak obeyisans yo nan konsèy dirijan prètriz yo a, Sovè a te kapab pwoteje yo kont pwòp feblès yo ak fòtifye yo tou. Angajman enb yo te pran pou abandone peche yo pandan tout lavi yo a te fè plis pou pwoteje fanmi yo pase tout lòt bagay yo te kapab fè sou chan batay la. Soumisyon yo pat prive yo de okenn benediksyon. Li te fòtifye yo sete yon benediksyon pou yo menm ak pou jenerasyon fiti yo.

Fen istwa a montre nou kijan mizèrikòd Senyè a rann “bagay ki fèb yo vin fò.”19 Papa fidèl sa yo te voye pitit yo ale sou direksyon Elaman. Malgre pitit gason sa yo te patisipe nan gwo batay fewòs kote yo tout te resevwa kèk ti blesi, youn ladan yo pa t mouri.20 Jèn gason sa yo te vin yon ranfò vital pou lame Nefit la ki te bouke anpil. Yo te fidèl epi yo te espirityèlman pi fò lè yo te retounen lakay yo. Fanmi yo te beni, pwoteje ak fòtifye.21 Nan tan pa nou an, anpil moun k ap li Liv Momon an edifye pa egzanp pitit gason pi ak vètye sa yo.

Nou chak gen moman nan lavi nou kote nou fè move chwa. Nou tout dezespereman bezwen pouvwa redanmtè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Nou tout dwe repanti pou yon rebelyon kèlkonk. “Paske, mwen menm Senyè a, m pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans.”22 Li pa kapab fè sa paske li konnen kisa sa mande pou nou vin tankou Limenm.

Anpil nan nou pèmèt feblès devlope nan karaktè nou. Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou menm tou, menmjan ak Amonit yo, nou kapab bati fòtifikasyon espirityèl nou menm ak tout peche pase ke Satan ap eseye eksplwate. Pwoteksyon espirityèl yo te bati alantou papa Amonit yo te beni ak fòtifye yo menm, fanmi yo, peyi yo, ak jenerasyon apre yo. Menm bagay la ka fèt pou nou tou.

Konsa, kijan pou nou bati fòtifikasyon espirityèl sa yo? Premye etap la dwe yon repantans sensè, pwofon ak total. Atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou tout kapab vin pi epi fado rebelyon nou an ap leve. Sonje, repantans se pa yon pinisyon. Se chemen ranpli espwa ki mennen nan yon fiti pi gloriye.

Papa nou ki nan syèl la banou zouti pou ede nou bati fòtifikasyon ant feblès nou yo ak fidelite nou. Reflechi sou sigjesyon sa yo:

  • Fè alyans epi resevwa òdonans pou tèt pa nou. Apresa travay regilyèman e san rete pou nou fè òdonans nan tanp pou zansèt nou yo.

  • Pataje levanjil la avèk manm fanmi nou oubyen zanmi nou ki pa manm yo oubyen ki inaktif yo. Pataje verite sa yo kapab pote yon antouzyas renouvle nan lavi nou.

  • Sèvi fidèlman nan tout apèl nan Legliz la. patikilyèman vizit nan fwaye ak vizit ansèyman. Pa rete yon enstriktè oubyen yon enstriktris nan fwaye pou kenz minit pa mwa sèlman. Olyesa, se pou nou pwòch tout manm fanmi an n ap vizite a. Aprann konnen yo pèsonèlman. Vin yon vrè zanmi pou yo. Atravè aksyon jantiyès, montre yo konbyen nou sousye pou yo chak.

  • Pi enpòtan, sèvi manm fanmi pa nou. Mete pwogresyon espirityèl konjwen nou ak pitit nou an premye nan priyorite nou. Se pou nou atantif a sa nou kapab fè pou youn ede lòt. Bay tan ak atansyon nou anpil anpil.

Nan chak sigjesyon sa yo, gen yon tèm komen: ranpli lavi nou avèk sèvi n ap rann lòt moun. Lè nou pèdi lavi nou nan sèvis pitit Papa nou ki nan Syèl la,23 tantasyon Satan yo ap pèdi pouvwa sou lavi nou.

Paske Papa nou ki nan Syèl la renmen nou anpil, Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann fòs sa a posib. Eske se pa mèveye? Anpil nan nou konn santi fado move chwa nou fè, e nou chak kapab santi pouvwa elvan padon, mizèrikòd ak fòs Senyè a. Mwen te santi li, e mwen temwanye ke li disponib pou nou chak, nan non Jezikri, amèn.