2010–2019
Se pou nou do ak enb nan kè
Oktòb 2013


Se pou nou dou epi pou nou gen bon kè

Dou pa vle di nou fèb, men sa vle di pou nou aji avèk bonte ak jantiyès.

Mòmon te anseye ke yon moun “pa kapab gen lafwa ak esperans, si li pa dou epi si kè l pa bon.”1 Li te ajoute ke san kalite sa yo, “lafwa ak esperans li pa gen valè, paske pèsonn pa akseptab devan Bondye, eksepte si li dou e gen bon kè poze.”2

Dousè se kalite ki lakay moun ki gen “lakrent pou Bondye, ki jis, enb, fasil pou ansenye epi pasyan nan soufrans.”3 Moun ki posede kalite sa yo, yo dispoze pou yo suiv Jezikri epi tanperaman yo kalm, dosil, toleran ak pasyan.

Apot Pòl te ansenye ke dousè se yon fwi Lespri.4 Sepoutèt sa nou kapab jwenn ni pi fasilman si nou “viv pa Lespri.”5 E, pou nou viv pa Lespri, mòd lavi nou dwe reflete jistis devan Senyè a.

Lè nou pran non Kris la sou nou, yo atann pou nou efòse nou pou n imite kalite l yo epi chanje pèsonalite nou pou nou ka vin plis sanble avèk li chak jou. Pandan l t ap egzòte disip li yo, Sovè a te di yo: “Se pou nou pafè, menmjan Papa nou ki nan Syèl la pafè a.”6 Si nou “vin jwenn Kris la, … debarase kò nou ak tout endiyite, e si nou renmen Bondye” lè sa a, atravè gras Kris la, gen yon jou k ap vini kote n ap kapab vin pafè nan li.7

“Vèti kretyen yo se don Bondye. Nou akeri [vèti sa yo] lè [nou] byen itilize libabit [nou]. Avèk yon dezi pou nou fè Bondye plezi, [nou dwe] rekonèt feblès [nou] yo epi grandman gen dezi pou nou amelyore.”8

Dousè enpòtan anpil pou nou ka vin pi sanble ak Kris la. San li, nou pap kapab devlope lòt kalite enpòtan yo. Dousè pa vle di feblès, men li vle di konduit tèt nou avèk bonte ak jantiyès, montre fòs, serenite, bon jan estim pou tèt nou ak metriz.

Dousè sete youn nan kalite ki pi abondan nan lavi Sovè a. Limenm menm te ansenye disip Li yo: “Pran leson nan men mwen, paske mwen dou e enb nan kè mwen.”9

Nou gen benediksyon pou n fèt avèk jèm dousè a nan kè nou. Nou bezwen konprann ke li enposib pou nou fè jèm sa a grandi ak devlope brit sou kou men, olyesa, se atravè letan sa fèt. Kris la mande nou pou nou “chaje kwa [nou] sou zepòl nou chak jou,”10 ki vle di, pwosesis sa a dwe akonpli pa yon atansyon ak yon dezi konstan.

Prezidan Lorenzo Snow, senkyèm pwofèt dispansasyon nou an, te ansenye, “Se devwa nou pou nou eseye vin pafè, ... pou nou amelyore chak jou, epi egzamine bagay nou te fè semèn pase yo pou n kapab fè pi byen semèn sa a; fè bagay yo pi byen jodi a pase jan nou te fè yo yè.”11 Konsa, premye etap pou vin dou a se fè efò pou nou amelyore jou apre jou. Chak jou nou bezwen eseye vin pi bon pase lavèy pandan n ap pwogrese gras ak pwosesis sa a.

Prezidan Snow te ajoute:

“Nou gen ti sotiz nou ak ti feblès nou; nou dwe eseye simonte yo osi vit nou kapab, epi … nou dwe [antre] santiman sa a nan kè pitit nou yo … pou yo kapab aprann [konpòte yo] kòrèkteman devan li nan tout sikonstans.

“Si yon mari kapab viv avèk madanm ni yon jounnen san yo pa fè kerèl oubyen san youn pa trete lòt enjisteman oubyen san yo pa ofanse Lespri Bondye a … ; li pafè nan bagay sa a. Konsa, se pou l eseye fè menmjan tou nan demen. Men, sipoze li echwe nan demen, se pa yon rezon pou l pa reyisi nan jou apre a.”12

Lè l wè devouman nou ak pèseverans nou, Senyè a ap akòde sa nou pa kapab atenn akoz enpèfeksyon nou ak feblès imen nou.

Yon lòt etap enpòtan nan vin dou a se aprann kijan pou nou kontwole tanperaman nou. Paske lòm natirèl la demere andedan nou chak e paske n ap viv nan yon mond chaje ak presyon, kontwole karaktè nou kapab vin youn nan pi gwo defi nou genyen nan lavi nou. Reflechi yon ti moman sou reyaksyon nou lè yon moun pa konfòme l avèk dezi nou nan moman nou vle yo fè sa a. E lè yon moun pa dakò avèk ide nou, menmsi nou absoliman sèten ke ide sa yo reprezante solisyon pafè a pou yon pwoblèm? Kijan ou reyaji lè moun ofanse ou, kritike efò ou, oubyen senpleman pa janti paske yo pa sou sa? Nan moman sa yo ak nan lòt sitiyasyon difisil, nou dwe aprann kontwole tanperaman nou epi eksprime santiman nou avèk pasyans e pèsyade jantiman. Sa enpotan anpil nan fwaye nou ak nan resalyon nou avèk konpanyon etènèl nou. Pandan 31an m marye avèk konpay byeneme m nan, li souvan jantiman raple m sa lè n ap fè fas ak pwoblèm twoublan lavi yo.

Pami enstriksyon nou jwenn nan Dezyèm Epit Timote a, Apot Pòl te di:

“Yon moun k ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn kijan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.

“Se pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y ap viv la, pou yo vin konn verite a;

“Lè konsa, ya reprann bon sans yo.”13

Lè nou kontwole reyaksyon nou, nou rete kalm ak tanpere, epi nou evite kontansyon, n ap kòmanse kalifye pou don dousè a. Prezidan Henry B. Eyring te di yon fwa: “Lè, avèk lafwa, nou kontwole tanperaman nou e metrize ògèy nou, Sentespri a banou apwobasyon li, epi pwomès ak alyans sakre yo vin asire.”14

Yon lòt etap pou n arive gen dousè se vin enb. Senyè a te di Thomas B. Marsh palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith: “Rete enb; epi Senyè Bondye w la ap pran men ou pou dirije ou, epi l ap ba ou repons pou priyè ou yo.”15

Mwen kwè, frè m ak sè m yo, ke se sèl moun ki enb ki kapab rekonèt ak konprann repons Senyè a bayo pou priyè yo. Lè moun enb, yo ka anseye yo, yo rekonèt kijan yo depann sou Bondye epi yo gen dezi pou yo soumèt yo anba volonte Li. Moun ki enb yo dou, epi yo gen kapasite pou enfliyanse lòt moun pou vin menmjan an tou. Bondye pwomèt moun ki enb yo ke L ap dirije yo pa lamen. Mwen reyèlman kwè n ap ka evite detou ak tristès nan lavi nou si nou mache men nan lamen avèk Senyè a.

Youn nan pi bèl egzanp dousè nan epòk pa nou an ke m konnen se egzanp frè Moyiz Malhangu a. Konvèsyon li te kòmanse an 1964, lè li te resevwa yon kopi Liv Mòmon an. Li te santi l kaptive lè l t ap li liv sa a, men sete jis nan kòmansman ane 70 yo li te vin wè yon pano legliz la sou yon bilding nan Johannesburg, nan Afrik di Sid, pandan l t ap mache nan lari a. Frè Mahlangu te entrige, epi li te antre nan bilding nan pou l t al aprann plis sou Legliz la. Yo te jantiman eksplike li ke li pa t ap kapab asiste nan reyinyon yo ni batize paske lwa peyi a pa t pèmèt sa nan epòk la.

Frè Mahlangu te aksepte desizyon sa a avèk dousè, imilite, e san rankin, men li te kontinye santi yon gwo dezi pou l te aprann plis sou Legliz la. Li te mande dirijan Legliz yo si yo te ka kite youn nan fenèt chapèl la louvri pandan reyinyon Dimanch yo pou l te kapab chita deyò pou suiv reyinyon yo. Pandan plizyè ane, fanmi ak zanmi Frè Mahlangu yo te asiste legliz la regilyèman “nan fenèt la.” Yon jou, nan ane 1980 yo, yo te di yo ke yo te kapab asiste legliz la epi vin batize tou. Ala yon bèl jou sa te ye pou Frè Mahlangu!

Nan apre, Legliz la te òganize yon branch nan katye lakay li nan Soweto. Sa te rann posib sèlman gras ak detèminasyon, kouraj ak fidelite moun tankou Frè Mahlangu ki te rete fidèl pandan si anpil ane anba sikonstans difisil.

Youn nan zanmi Frè Mahlangu yo, ki te antre nan Legliz la nan menm epòk sa a, te rakonte m istwa sa a lè m t al vizite pye Soweto a. Nan fen konvèsasyon nou an, li te ban m yon akolad. Nan moman sa a, frè m ak sè m yo, m te santi m kòmsi m te ansèkle nan bra eman Sovè a. M te wè anpil dousè nan je bon frè sa a. Avèk yon kè ranpli ak bonte ak pwofon gratitid, li te mande m si m te ka di Prezidan Thomas S. Monson konbyen li menm ak anpil lòt santi yo rekonesan ak beni dèske yo gen vrè levanjil la nan lavi yo. Egzanp dousè Frè Mahlangu ak zanmi l yo te vrèman gen yon enfliyans sou lavi anpil moun—espesyalman lavi pa mwen.

Frè m ak sè m yo, mwen kwè Sovè a, Jezikri, se egzanp siprèm dousè a. Menm pandan dènye moman lavi li nan mòtalite a, kote yo te akize l ak kondane l enjisteman, pandan l t ap penibleman pote kwa li monte al sou mòn Golgotha a, pandan ke enmi l yo t ap moke li ak joure li, pandan ke l te abandone pa anpil moun ki te konnen Li e ki te temwen mirak Li yo; yo te kloure sou kwa a.

Menm apre doulè fizik ki te pi douloure a, Senyè a te tounen vè Papa Li epi li te di, soti nan pwofondè kè dou ak enb li: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè.”16 Kris la te andire soufrans fizik ak espirityèl ekstrèm, sa ki banou opòtinite pou nou chanje pèsonalite espirityèl nou pou nou ka vin dou tankou Limenm.

Mwen rann temwanyaj mwen ke Jezikri se Sovè nou. Mwen temwanye nou ke, gras ak amou Li, li posib pou nou chanje. Li posib pou nou kite feblès nou yo dèyè. Li posib pou nou rejte move enfliyans yo nan lavi nou, pou nou metrize kòlè nou, pou nou vin dou, epi devlope kalite Sovè nou an genyen yo. Li te montre nou chemen an. Li te banou egzanp pafè a epi li kòmande nou chak pou nou vin menmjan avèk li. Envitasyon li pou nou se pou nou swiv Li, swiv egzanp Li epi vini tankou Li. Konsènan verite sa yo mwen temwaye, nan non sakre li, non Jezikri, amèn.