2010–2019
Pou pitit pitit mwen yo
Oktòb 2013


Pou pitit pitit mwen yo

Gen yon kòmandman fondamantal ki ap ede nou simonte pwoblèm yo e ede nou kreye yon bèl lavi familyal ki gen bonè.

Ane sa a, de premye pitit pitit nou yo pral marye. Nan kèk ane konsa, dis nan kouzen yo pral pwobableman atenn yon faz nan lavi yo kote yo menm tou yo pral suiv pou antre nan bèl mond kreye fanmi an.

Bèl posiblite sa a te pouse m antre nan gwo refleksyon lè yo te vin mande m konsèy. Esansyèlman, men sa yo te mande m: “Ki chwa m ta ka fè ki ap mennen m nan bonè?” Epi ankò: “Ki chwa ki ka mennen m nan kè pakontan?”

Papa nou ki nan syèl la kreye nou chak ‘unique’. Okenn nan nou pa viv egzakteman menm eksperyans yo. Pa gen de fanmi ki sanble. Konsa, se pa etonan ke konsèy sou fason pou chwazi bonè nan lavi familyal la difisil pou bay. Men, Pè Selès eman nou an te prevwa menm chemen ki mennen nan bonè a pou tout pitit li yo. Kèlkeswa karakteristik pèsonèl nou ou kèlkeswa eksperyans n ap viv, gen yon sèl plan bonè. Plan sa a se suiv tout kòmandman Bondye yo.

Pou nou tout, enkli pitit pitit mwen yo k ap anvizaje pou yo marye a, gen yon kòmandman fondamantal ki ap ede nou simonte pwoblèm yo ak ede nou kreye yon bèl lavi familyal. Li aplike pou tout relasyon, kèlkeswa sitiyasyon an. Yo repete l nan tout ekriti yo ak nan ansèyman pwofèt yo nan epòk nou an. Men pawòl ki nan Bib la sou konsèy Senyè a bay tout moun ki vle viv ansanm nan bonè pou tout tan yo:

“Youn ladan yo ki te direktè lalwa te mande li, pou tante li,

“Mèt, ki pi gwo kòmandman nan tout lalwa a?

“Jezi te di li: Se pou ou renmen Senyè a Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

“Sa se kòmandman ki pi gwo a.

“Epi men dezyèm nan ki gen menm enpòtans avèk premye a: se pou ou renmen pwochen ou menmjan ou renmen tèt ou.

“De kòmandman sa yo se yo ki fondasyon tout lalwa a ak pwofèt yo.”1

Apati senp deklarasyon sa a, li pa difisil pou nou rezime tout sa nou aprann sou chwa ki mennen nan bonè an fanmi yo. M ap kòmanse ak kesyon sa a: “Ki chwa ki te mennen m vin renmen Senyè a avèk tout kè mwen, ak tout nanm mwen, ak tout panse mwen?” Pou mwen menm, sete chwazi pou m replonje m nan moman kote m te santi lajwa ki nan padon atravè Ekspyasyon Senyè a.

Sa gen kèk ane, m te batize yon jenòm nan Alburquerque, nan Nouvo Meksik, ke konpayon misyonè m avèk mwen te anseye. M te plonje l nan dlo a epi m te leve li. Li dwe te prèske gen menm wotè avèk mwen paske li te pale dirèkteman nan zòrèy mwen. Avèk dlo ki t ap desann sou fon li ak dlo k t ap koule nan je li epi avèk lajwa nan vwa li, li te di “Mwen pwòp, mwen pwòp.”

Mwen te wè menm dlo lajwa sa yo nan je yon moun ki te rapòte m pawòl yon Apot Bondye. Li te di l, apre yon entèvyou apwofondi plen jantiyès, “Mwen padone w, nan non Senyè a. La va ba ou asirans padon li nan moman ke li menm li va chwazi a ak nan nan fason pa li.” Epi Senyè a te fè sa.

Mwen wè poukisa Senyè a ka di ke lè peche nou yo padone, li pa sonje yo ankò a. Pa pouvwa Ekspyasyon an, moun mwen konnen byen, ke m renmen byen, te vin nouvo, epi efè peche yo te efase. Kè m ranpli lanmou pou Sovè a ak pou Papa eman an ki te voye l la.

Gwo benediksyon sa a te vini paske m te ankouraje moun ki chè pou mwen pou yo al jwenn Sovè a pou jwenn soulajman anba doulè yo, soulajman ke Li menm sèlman ka bay. Se poutèt sa, mwen egzòte moun mwen renmen yo pou yo aksepte ak mayifye tout apèl yo ba yo nan legliz la. Chwa sa a yon nan gwo kle pou bonè familyal.

Presyon nou santi nan diferan faz lavi nou yo kapab pouse nou rejte oubyen neglije apèl pou sèvi Sovè a. Sa ka mete nou andanje espirityèl, pou tèt pa nou, pou konjwen nou, ak fanmi nou. Kèk nan apèl sa yo ka sanble yo pa enpòtan, men lavi mwen ak lavi fanmi m, te chanje pou byen paske m te aksepte yon apèl pou m te sèvi kòm enstriktè nan yon kowòm dyak. M te santi lanmou dyak sa yo pou Sovè a ak lanmou li pou yo.

Mwen te wè sa nan lavi yon ansyen prezidan pye ak misyon lè yo te aple li pou l te konseye nan yon kowòm enstriktè. Mwen konn yon lòt moun ki te evèk epi apresa ki te yon Swasanndis Otorite Zòn, ke Senyè a te itilize pou pote sekou bay yon tigason nan yon kowòm enstriktè ki te blese nan yon aksidan. Mirak ki te soti nan sèvis sa a te touche lavi anpil moun e ogmante lanmou yo pou Sovè a.

Pandan n ap sèvi lòt moun, nou pi plis priye pou konpayi Sentespri a. Siksè nan sèvi li toujou pwodui mirak ki depase kapasite pa nou. Paran k ap fè fas ak rebelyon yon timoun konnen ke se vre, menmjan ak enstriktè nan fwaye a ke yon madanm te vin chèche rekonfò nan men l lè mari l te di l li pral kite l la. Toulède sèvitè sa yo rekonesan dèske yo te priye jou maten sa a pou Senyè a te ka ba yo Sentespri a kòm konpayon yo.

Se sèlman gras ak konpayi Sentespri a ke nou ka espere pou nou patnè egal ego nan yon maryaj kote diskòd pa egziste. Mwen wè kijan konpayi Sentespri a esansyèl pou gen bonè nan yon maryaj. Mirak pou vin fè yon sèl la mande èd divin, e sa pran tan. Objektif nou se viv ansanm pou tout tan nan prezans Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an.

Papa m ak manman m te trè diferan youn ak lòt youn de lòt. Manman m sete yon moun ki te konn chante e yon atis. Papa m te renmen chimi. Yon fwa, nan yon konsè mizik, manman m te etone lè l te wè papa m te leve epi l te kòmanse derape ale anvan aplodisman yo. Manman m te mande l ki kote l ta prale. Li te reponn an tout inosans: “Enben, li fini, pa vre?” Se sèlman enflyans dous Sentespri a ki te fè l al nan konsè a avèk manman m premye fwa a e se sa ki te mennen l retounen tanzantan ankò.

Manman m te viv nan New Jersey pandan sèzan pou papa m te ka reponn ak bezwen fanmi an nan fè rechèch ak anseye chimi. Sete yon sakrifis pou li paske li te separe avèk manman l ki te vèv ak sè l la ki pa t marye a, ki te konn pran swen li nan ansyen fèm familyal yo a. Yo toulède te mouri pandan manman m te lwen, nan New Jersey a. Epòk sa yo sete sèl lè m te wè manman m kriye.

Dèzane apre, yo te ofri papa m yon djòb nan Uta. Li te mande manman m, ankò, an tout inosans: “Mildred, kisa w panse m dwe fè?”

Manman te di: “Henry, fè sa w panse k pi bon an.”

Papa m te refize òf la. Nan demen maten, manman m te ekri l yon lèt m swete m te gen avèk mwen toujou. M sonje l te di li: “Pa ouvri l la a. Ale nan biwo ou e ouvril lè w rive.” Li te kòmanse avèk yon repwòch. Dèzane anvan sa, papa m te pwomèt manman m ke, si l te jwenn mwayen yon jou, li t ap mennen l retounen al viv pre fanmi li. Li te etone pa ekspresyon iritasyon li te eksprime a. Li te bliye sa ki te nan dezi manman m nan. Li te imedyatman voye yon mesaj pou di ke l aksepte djòb la.

Li te di: “Mildred, poukisa ou pa t di m sa?”

Li te reponn, “Ou te sipoze sonje sa.”

Li te toujou pale de chwa sa a pou ale Uta a kòm chwa pa li, jamè kòm yon sakrifis nan karyè pwofesyonèl li. Yo te resevwa mirak pou yo te vin fè youn. Sa t ap parèt pi bon si sete Sentespri a ki te raple papa m pwomès li te fè dèzane anvan sa a. Men li te kite Sentespri a adousi kè li epi chwa manman m nan te vin tounen chwa pa li tou.

Papa nou ki nan syèl la gen previzyon pafè, li konnen nou chak, epi li konnen demen nou. Li konn ki difikilte nou pral travèse. Li te voye Pitit Gason l lan pou l te konnen kijan pou pote nou sekou nan tout eprèv nou yo.

Nou konnen Papa nou ki nan Syèl la gen pitit lespri nan mond sa a ki pafwa chwazi peche ak gwo malè. Se poutèt sa li te voye Pitit Gason Premye Ne l la pou l te vin Redanmtè nou, pi gwo zak lanmou nan tout kreyasyon an. Se poutèt sa nou dwe atann ke n ap bezwen èd Bondye avèk tan pou poli nou, pou prepare nou pou lavi etènèl la, pou viv avèk Papa nou an.

Lavi an fanmi ap pase nou aleprèv. Se youn nan rezon k fè Bondye ba nou don mòtalite a---pou fòtifye pa eprèv yo. Sa patikilyèman vre nan lavi familyal kote n ap jwenn gwo lajwa ak gwo doulè ak pwoblèm tou ki pafwa ka sanble yo depase pouvwa nou genyen pou andire yo.

Prezidan George Q. Cannon te pale sou fason Bondye prepare ou menm avèk mwen ak pitit nou yo, pou eprèv nou pral gen pou rankontre yo. “Pa gen okenn nan nou ki pa resevwa amou Bondye. Pa gen okenn nan nou ke l pa sousye pou yo ni trete avè afeksyon. Pa gen okenn nan nou ke l pa gen dezi pou sove, ke l pa planifye mwayen pou sove. Pa gen okenn nan nou ke l pa bay zanj tach konsènan nou. Nou gen dwa konsidere ke nou ensiyifyan ak meprizab nan pwòp je pa nou, ak nan je lòt moun men, men, verite a sèke nou tout se pitit Bondye, epi li vrèman bay zanj li yo---èt envizib ki gen pouvwa ak puisans---tach konsènan nou, e y ap veye sou nou epi y ap gade nou.”2

Sa Prezidan Cannon anseye a se verite. N ap bezwen asirans sa a, tou kòm m bezwen li e m repoze sou li a.

Mwen konn priye ak lafwa pou yon moun pa mwen ta chèche ak santi pouvwa Ekspyasyon an. Mwen konn priye ak lafwa pou zanj imen ta vin pote èd yo, e yo konn vini.

Bondye planifye yon mwayen pou sove chak pitit li. Pou anpil moun, sa mande mete yo ansanm avèk yon frè oubyen yon sè oubyen yon gran paran ki renmen yo kèlkeswa sa yo fè.

Sa gen dèzane, yon zanmi te pale de grann ni. Li te viv yon bèl lavi, toujou fidèl anvè Senyè a ak Legliz li a. Poutan, youn nan pitit pitit gason l yo te chwazi vin yon kriminèl. Li te finalman tonbe nan prizon. Zanmi m nan te di m grann ni, pandan l t ap kondui sou otowout la pou al vizite pitit pitit gason l lan nan prizon an, te gen dlo nan je li epi l t ap priye avèk angwas: “M te eseye mennen yon bon lavi. Poukisa m gen trajedi sa a avèk pitit pitit gason m nan ki sanble l detwi lavi l la?”

Repons lan te vini nan lespri li nan pawòl sa yo: “M te ba ou li paske m te konnen ou te kapab renmen l e w t ap kontinye renmen li kèlkeswa sa l fè.”

Gen yon gwo leson la a pou nou tout. Chemen pou paran ak granparan eman yo ak pou tout lòt sèvitè Bondye yo pa fasil nan yon mond plen koripsyon konsa. Nou pa ka fòse pitit Bondye yo chwazi chemen ki mennen nan bonè a. Bondye pa ka fè sa poutèt libabit li ba nou an.

Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme l la renmen tout pitit Bondye kèlkeswa sa yo chwazi pou yo fè oubyen pou yo devni. Sovè a te peye pri pou tout peche, kèlkeswa jan peche sa yo abominab. Menmsi dwe gen jistis, opòtinite pou mizèrikòd la ofri e li pa p janm vòlè lajistis.

Alma te pale pitit gason li Koryanton de espwa sa a nan pawòl sa yo: “Se poutèt sa, dapre lajistis, plan redanmsyon an pa t ap kapab fèt, eksepte si lèzòm repanti pandan tan eprèv sa a, wi, pandan tan pou preparasyon sa a; paske si se pa t pou kondisyon sa yo, mizèrikòd pa t ap kapab aplike san l pa detwi zèv lajistis la. Kounyeya, zèv lajistis la pa t ap kapab detwi; se se ta sa, Bondye t ap sispann Bondye.”3

Mesaj mwen pou pitit pitit mwen yo, ak pou tout moun k ap eseye kreye fanmi etènèl yo, sèke gen lajwa ki garanti pou moun ki fidèl. Depi anvan mond lan te kreye, yon Papa eman ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme li te renmen ak ede moun yo te konnen ki t ap ki t apral pèdi. Bondye ap renmen yo pou tout tan.

Nou gen benediksyon pou n konnen ke yo te anseye yo plan sali a nan lavi premòtèl la. Yo menm avèk nou te fidèl ase pou yo te pèmèt yo vini nan mond sa a, alòske anpil lòt pa t gen chans sa a.

Avèk èd Sentespri a, na sonje tout verite tout bagay. Nou pa ka fòse lòt moun resevwa li, men nou ka fè yo wè l nan lavi pa nou. Nou ka toujou pran kouraj nan asirans ke yon fwa nou tout te santi lajwa ki genyen nan ansanm antanke manm fanmi byeneme Papa nou ki nan Syèl la. Avèk èd Bondye, nou tout kapab santi espwa sa a ak lajwa sa a ankò. Mwen priye pou sa ka fèt pou nou tout, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 22:35–40.

  2. George Q. Cannon, “Our Pre-existence and Present Probation,” Contributor, Okt. 1890, 476.

  3. Alma 42:13.