2010–2019
Nou ka fè sa kounyeya!
Oktòb 2013


Ou ka fè sa kounyeya!

Depi nou dispoze pou nou leve kanpe ankò epi kontinye sou chemen an, … n ap kapab tire leson nan echèk epi vin pi bon ak pi kontan.

Lè m te jèn, sanble pat gen diferans ant tonbe ak leve. Sepandan, pandan ane yo ap pase, m vin rive nan konklizyon dezagreyab ke lwa fizik yo chanje—e non pa nan avantaj mwen.

Sa pa gen lontan, m t ap fè eski avèk pitit pitit gason mwen ki gen douzan. Pandan nou tap amize nou ansam, m te glise sou yon glas epi m te plane al tonbe sou yon move pant.

Mwen te eseye tout teknik pou m te leve, men m pat kapab—mwen te tonbe epi m pat ka leve.

Fizikman, m te santi m byen, men, pèsonalite m te yon ti jan blese. Konsa, m te ranje kaskèt mwen ak linèt mwen paske m pat vle lòt moun ki t ap fè eski yo rekonèt mwen. M te imajine mwen menm ki chita atè a plen konfizyon tandiske yo menm y ap fè eski byen bwòdè epi an pasan y ap di yon bèl: “Alo, Frè Uchtdorf!”

M te kòmanse mande tèt mwen kisa pou m ta fè pou sove tèt mwen. Se lè sa a pitit pitit gason m nan te rive bò kote mwen. Mwen te di l sa k te pase, men li pa t sanble l te twò enterese nan eksplikasyon m yo sou rezon ki fè m pa t ka leve a. Li te gade m nan je, epi l te lonje men l, li te pran men m, epi l te di: “Opa, ou ka fè l kounyeya!”

Menm moman an, m te leve kanpe.

Jis kounyeya, m ap souke tèt mwen. Sa ki te parèt enposib yon moman anvan an te vin imedyatman tounen reyalite, paske yon tigason douzan te lonje lamen ban mwen epi l te di m: “Ou ka fè l kounyeya!” Pou mwen menm, sa te pote konfyans, ak antouzyas, ak fòs.

Frè m yo, ka gen moman nan lavi kote leve kanpe ak kontinye ka sanble depase kapasite nou. Jou sa a, sou pant plen nèj la, mwen te aprann yon bagay. Menm lè nou panse nou pa ka leve, toujou gen espwa. E pafwa, tout sa nou bezwen se pou yon moun gade nou nan je, pran men nou, epi di nou: Ou ka fè l kounyeya!”

Se yon ilizyon si nou panse ke nou tòf

Nou kapab panse fi yo plis gen tandans pou yo santi ke yo pa alawotè ak santi desepsyon pase gason pou yo—ke santiman sa yo afekte yo plis pase nou. Mwen pa kwè se vre. Gason santi remò, depresyon, ak echèk menmjan avèk fi. Nou gen dwa pretann ke santiman sa yo pa touche nou, men se pa vre. Nou kapab santi nou sitèlman kraze pa echèk nou ak enkapasite nou yo ke nou kòmanse panse ke nou pap janm ka reyisi. Nou gen dwa menm di paske nou te tonbe deja, tonbe se destine nou. Jan yon ekriven te di: “Nou debat, menm jan ak yon kannòt kont yon kouran dlo, ki ap pouse l tounen dèyè san rete.”1

Mwen wè gason plen kapasite ak potansyèl ki retire tèt yo nan travay egzijan ki se bati wayòm Bondye a paske yo te echwe youn oubyen de fwa. Sete dèzòm ki te pwomèt, ki tap kabab vin tounen detantè prètriz eksepsyonèl ak sèvitè Bondye. Men, paske yo te trebiche epi sa te dekouraje yo, yo abandone angajman yo nan prètriz la, epi yo pouswiv lòt bagay ki mwens diy.

Epi se konsa, yo kontinye viv nan lonbraj lavi yo ta ka mennen an, san yo pa janm atenn potansèl ki se dwa nesans yo a. Jan powèt la te lamante a, moun sa yo fè pati moun malere sa yo ki “mouri san yo pa itilize [pifò nan] talan ki [ankò] andedan yo a.”2

Pa gen moun ki renmen echwe. E nou menm, patikilyèman, nou pa renmen lè lòt moun—espesyalman moun nou renmen yo—wè nou echwe. Nou tout vle pou yo respekte nou, estime nou, ak admire nou. Nou vle pou nou chanpyon. Men, moun ki mòtèl pa vin chanpyon san efò ak disiplin ni san fè erè.

Frè m yo, destine nou pa detèmine pa kantite fwa nou kilbite, men pa kantite fwa nou leve kanpe, nou souke pousyè a sou nou, epi nou kontinye mache.

Tristès selon Bondye

Nou konnen lavi mòtèl sa a se yon tès. Men, paske Papa nou ki nan Syèl la renmen nou avèk yon amou pafè, li montre nou ki kote pou nou jwenn repons yo. Li ba nou kat jewografi ki pèmèt nou oryente nou sou teren ensèten yo ak abòde eprèv sanzatann ke nou chak rankontre yo. Pawòl pwofèt yo se yon pati nan kat jewografi sa a.

Lè nou devye—lè nou tonbe oubyen nou sòti sou chemen Papa nou ki nan syèl la—pawòl pwofèt yo di nou kòman pou nou releve epi retounen sou wout la.

Nan pami tout prensip pwofèt yo anseye nou atravè tout syèk yo, gen yonn yo repete anpil anpil fwa; se mesaj rekonfòtan ak plen espwa ki di ke limanite kapab repanti, chanje chemen epi retounen sou vrè chemen disip la.

Sa pa vle di pou nou alèz nan feblès nou yo, erè nou yo, ak peche nou yo. Men, gen yon diferans enpòtan ant tristès pou peche ki mennen nan repantans lan ak tristès ki mennen nan dezespwa a.

Apot Pòl te anseye ke “tristès selon Bondye a pwodui yon repantans ki mennen nan sali … men tristès mond lan pwodui lanmò.”3 Tristès selon Bondye a enspire chanjman ak esperans gras ak Ekspyasyon Jezikri a. Tristès mond lan rabese nou, li etenn espwa nou e li pèsyade nou pou nou sede anba lòt tantasyon.

Tristès selon Bondye a mennen nan konvèsyon4 ak yon chanjman kè.5 Li fè nou rayi peche epi renmen bon bagay.6 Li ankouraje nou pou nou leve epi mache nan limyè amou Kris la. Vrè repantans se yon zafè transfòmasyon, li pa tòtire nou ni toumante nou. Se vre ke regrè sensè ak vrè remò pou dezobeyisans se etap ki souvan douloure ak trè enpòtan nan pwosesis sakre repantans la. Men, lè remò a fè nou degoute tèt nou oubyen li anpeche nou releve ankò, li se yon obstak, non pa yon ankourajman pou pouse nou repanti.

Frè m yo, gen yon pi bon fason. Annou leve kanpe pou nou vin tounen gason Bondye. Nou gen yon chanpyon, yon Sovè, ki te mache atravè vale lonbraj lanmò a pou nou. Li te bay tèt li pou peye dèt peche nou yo. Okenn moun pa janm gen pi gwo amou pase li menm—Jezikri, Anyo san tach la, ki te volontèman mete kò l sou lotèl sakrifis la pou l te peye pri peche nou yo “jis nan dènye santim.”7 Li te pran soufrans nou yo sou tèt li. Li te pran chay nou yo, kilpabilite nou yo sou zèpol li. Chè zanmi mwen, si nou deside pou nou vin jwenn ni, si nou pran non li sou nou, epi nou mache byen deside tou chemen disip la, li pwomèt nou ke gras ak Sakrifis Ekspyatwa a n ap gen non sèlman bonè ak “lapè nan mond sa a” men tou “lavi etènèl nan mond k ap vini an.”8

Lè nou fè erè, lè nou peche epi nou tonbe, annou reflechi sou sa vrè repantans vle di. Li vle di pou nou retounen kè nou ak volonte nou bay Bondye epi pou nou sispann peche. Repantans sensè pote asirans selès ke “nou ka fè sa kounyeya.”

Kiyès nou ye?

Yonn nan metòd advèsè a anplwaye pou anpeche nou pwogrese se anbwouye nou nan pwen ke nou pa konnen kiyès nou ye ankò ak kisa nou reyèlman vle.

Nou vle pase tan avèk pitit nou yo, men, nou vle angaje nou nan distraksyon maskilen favori nou yo tou. Nou vle pèdi pwa, men, nou vle manje tout manje bouch nou anvi tou. Nou vle vin tankou Jezikri, men, nou vle di chofè a ki vin pase devan nou an sou wout la sa nou panse tou.

Objektif Satan se pou l tante nou pou fè nou chanje bijou chè ki se vrè bonè a ak valè etènèl yo pou yon fo bijou plastik ki se senpleman yon ilizyon ak yon kopi veritab bonè ak lajwa a.

Yon lòt metòd advèsè a itilize pou dekouraje nou pou anpeche nou leve kanpe se fè nou wè kòmandman yo kòm bagay yo fòse nou obeyi. M sipoze se yon bagay natirèl nan nati lòm pou nou reziste kont tout sa ki toudabò sanble se pa ide pa nou.

Si nou konsidere manje byen ak fè egzèsis se bagay sèlman doktè nou atann nan men nou, n ap echwe. Si nou konsidere chwa sa yo selon kiyès nou ye ak sa nou kapab devni, nou gen plis chans pou nou rete sou wout nou epi reyisi.

Si nou gade vizit nan fwaye kòm objektif prezidan pye a sèlman, nou riske pou nou pa motive pou nou fè li. Si nou wè l kòm objektif pa nou—yon bagay nou vle fè pou nou ka plis sanble ak Kris la ak sèvi lòt moun—non sèlman n ap ranpli angajman nou men n ap akonpli yo nan yon faso ki ap pote benediksyon pou fanmi n ap vizite yo ak pou nou menm tou.

Trè souvan, se nou menm zanmi oswa fanmi ap ede. Men si nou gade bò kote nou avèk atansyon ak motivasyon yon kè eman, n ap wè okazyon Senyè a mete devan nou pou ede lòt moun leve pou yo avanse al nan vrè potansyèl yo. Ekriti a sigjere: “Tout sa n ap fè, fè l avèk bon kè, kòm yon bagay n ap fè pou Senyè a, e non pa pu lèzòm.”9

Se yon gran sous pouvwa espirityèl sa ye lè nou viv lavi plen entegrite ak jistis epi fikse je nou sou kote nou vle ye pou letènite a. Menmsi se avèk je lafwa sèlman nou ka wè destinasyon divin sa a, sa ap ede nou rete sou chemen an.

Lè atansyon nou prensipalman fikse sou reyisit nou oswa echèk chak jou nou yo, nou gen dwa pèdi chemen nou, nou ere epi nou chite. Si nou kenbe je nou fikse sou objektif siperyè, sa ap ede nou vin pi bon pitit gason, pi bon frè, ak pi bon mari.

Moun ki fikse kè yo sou objektif etènèl yo, yo gen dwa bite, men, yo pap tonbe. Yo gen konfyans nan pwomès Bondye yo. y ap leve ankò avèk bèl espwa nan yon Bondye ki jis ak vizyon enspiran sou yon bèl demen. Yo konnen yo ka fè sa kounyeya.

Ou ka fè sa kounyeya

Chak moun, keseswa yo jèn oubyen aje, konnen pa eksperyans pèsonèl kisa sa vle di tonbe. Tonbe se sa moun mòtèl fè. Men si nou dispoze pou nou releve kanpe epi kontinye sou wout ki mennen nan objektif espirityèl Bondye fikse nou yo, nou ka tire yon leson nan echèk la epi kòm rezilta, n ap vin pi bon moun, n ap vin pi kontan.

Chè frè m yo, chè zanmi mwen, ap gen moman kote n ap panse ke nou pa kapab kontinye. Mete konfyans nou nan Sovè a ak nan amou li. Avèk lafwa nan Senyè a, Jezikri, ak nan pouvwa ak espwa levanjil retabli a, nou va kapab mache tèt dwat epi kontinye.

Frè mwen, nou renmen ou. Nou priye pou ou. Si sèlman nou te ka tande Prezidan Monson k ap priye pou nou. Keseswa ou se yon jèn papa, yon detantè prètriz aje, oubyen yon dyak ki fèk òdone, ou nan panse nou. Senyè a sousye pou ou!

Nou rekonèt chemen an kapab difisil kèk fwa. Men, nou fè ou pwomès sa a nan non Senyè a: leve epi swiv mak pye Redanmtè ak Sovè nou an, epi yon jou, ou va gade dèyè epi ou va ranpli avèk gratitid etènèl poutèt ou te chwazi mete konfyans ou nan Sakrifis Exkspyatwa a ak pouvwa li genyen pou leve ou ak ranfòse ou.

Chè zanmi mwen, chè frè mwen, kèlkeswa kantite fwa nou glise oubyen nou tonbe, leve! Destine nou se yon destine gloriye! Kanpe djanm epi mache nan limyè levanjil retabli Jezikri a! Nou pi solid pase nou reyalize. Nou pi kapab pase nou ka imajine. Nou ka fè sa kounyeya! Konsènan sa mwen temwaye nan non sakre Mèt nou ak Redanmtè nou an, Jezikri, amèn.