2010–2019
Byenveni nan konferans lan
Oktòb 2013


Byenveni nan konferans lan

Mwen priye pou nou ka ranpli avèk Lespri Senyè a pandan n ap koute ak aprann nan.

Ala sa bon, frè m ak sè byeneme m yo, pou nou reyini yon fwa ankò. Sa fè apèn plis pase 183 zan depi legliz la te òganize pa Pwofèt Joseph Smith, sou direksyon Senyè a. Nan reyinyon sa a jou Avril 6, 1830 la, te gen sis manm legliz ki te prezan.

Mwen kontan pou m anonse ke sa gen de semèn, kantite manm nan Legliz la rive nan 15 milyon. Legliz la kontinye ap pwogrese regilyèman e ap chanje lavi plis an plis moun chak ane. L ap etann sou tout tè a gras ak fòs misyonè nou an k ap chèche moun k ap chèche laverite yo.

Sa fè apèn ennan depi m te anonse ke nou bese laj pou al fè misyon an. Depi lè sa a, kantite misyonè aplentan k ap sèvi yo ogmante soti nan 58.500 an Oktòb 2012 pou rive 80.333 jodia. Ala yon repons fenomenal ak enspiran nou temwen an!

Ekriti sent yo pa gen okenn pwoklamasyon ki pi apwopriye, responsablite ki pi obligatwa, enstriksyon ki pi dirèk pase kòmandman Senyè resisite a te bay la lè l te parèt devan onz disip li yo nan Galile a. Li te di: “Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.”1 Pwofèt Joseph Smith te deklare: “Apre tout bagay fin di ak fèt, devwa ki pi gwo ak pi enpòtan an se preche levanjil la.”2 Gen kèk nan nou jodia ki ankò sonje pawòl Prezidan David O. McKay yo, ki te di konsa “Chak manm se yon misyonè!”3

Sou pawòl yo a, m ap ajoute pa mwen. Moman an rive pou manm yo ak misyonè yo ini yo, pou yo mete ansanm, pou travay nan jaden Senyè a pou mennen nanm ba li. Li prepare mwayen pou nou pataje levanjil la nan yon kantite fason, e l ap ede nou nan tach nou si nou aji ak lafwa pou akonpli travay li a.

Pou ede soutni fòs misyonè k ap ogmante san rete sa a, mwen te mande manm nou yo deja pou yo te kontribye, si yo kapap, nan fon misyonè pawas yo oubyen nan Fon Jeneral Misyonè a nan legliz la. Mwen te jwenn bon jan repons nan zafè sa a e sa te ede sipòte dèmilye misyonè sikonstans yo pa pèmèt yo sipòte tèt yo. Mwen remèsye nou pou kontribisyon plen jenewozite nou yo. Bezwen èd la toujou la, pou nou ka kontinye ede moun ki bezwen sèvi yo men ki pa pou tèt pa yo pa gen mwayen pou fè sa yo.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, nou vini la a pou nou resevwa enstriksyon ak enspirasyon. Nou pral tande anpil mesaj, ki pral kouvri yon kantite sijè nan levanjil la, pandan de pwochen jou sa yo. Gason ak fi sa yo ki pral pale avèk nou yo te chèche èd syèl la konsènan mesaj yo pral transmèt nou yo.

Mwen priye pou nou ka ranpli avèk Lespri Senyè a pandan n ap koute ak aprann nan. Nan nou Sovè nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 28:19.

  2. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 330.

  3. David O. McKay, nan Conference Report, Avr. 1959, 122.