2010–2019
Èske nou konnen sa nou genyen?
Oktòb 2013


Èske nou konnen sa nou genyen?

Òdonans ak alyans prètriz yo bay aksè nan plenitid benediksyon Bondye pwomèt nou yo, ki rann disponib pa Ekspyasyon Sovè a.

Nan “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo deklare: “Tout kretyen vivan—gason ak fi—te kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven.”1 Pou atenn destine divin sa a, chak pitit gason ak pitit fi Bondye bezwen òdonans ak alyans prètriz yo.

Nou bezwen batèm. Lè nou plonje nan dlo batèm yo, nou fè alyans pou nou pran non Kris la sou tèt nou, pou nou toujou sonje li, obeyi kòmandman l yo, ak sèvi li jiskalafen, pou nou ka toujou gen Lespri li avèk nou.2

Nou bezwen don Sentespri a. Atravè òdonans sa a nou ka gen aksè a konpayi konstan Lespri a. Prezidan Willford Woodruff te anseye: “Chak gason ak chak fi ki antre nan legliz Bondye a epi ki batize pou remisyon peche yo gen yon dwa pou revelasyon, yon dwa a Lespri Bondye a, pou ede yo nan travay yo, nan okipe pitit yo, nan fè konsèy ak pitit yo ak moun yo aple pou prezide sou yo yo. Sentespri a pa rezève pou gason sèlman, ni pou apot oswa pwofèt yo sèlman; li pou tout gason ak fi fidèl, ak pou tout timoun ki gran ase pou yo resevwa levanjil Jezikri a.”3

Nou bezwen resevwa dotasyon tanp. Èldè M. Russell Ballard te di: “Lè gason ak fi ale nan tanp, yo toulède dote avèk menm pouvwa a, ki pa definisyon se pouvwa prètriz la. … Dotasyon an se literalman yon don pouvwa.”4

Nou bezwen òdonans sèlman an, ki mennen nan lavi etènèl la, “ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo.”5 Òdonans prètriz sa a se sèlman yon gason ak yon fi ansanm ki resevwa li. Èldè Russell M. Nelson te anseye: “Otorite prètriz la te retabli pou fanmi yo kapab sele etènèlman.”6

Nou bezwen opòtinite pou n renouvle alyans nou yo chak semèn lè nou pran Sentsèn nan. Pwofèt ak Apot dènye jou yo anseye ke lè nou pran sentsèn nan diyman, nou renouvle non sèlman alyans batèm nou men “tout alyans [nou fè] avèk Senyè a” tou.”7

Òdonans ak alyans prètriz sa yo bay aksè nan plenitid benediksyon yo Bondye pwomèt nou an, ki rann posib pa Ekspyasyon Sovè a. Yo ekipe pitit gason ak pitit fi Bondye yo avèk pouvwa, pouvwa Bondye,8 ba nou opòtinite pou nou resevwa lavi etènèl—pou retounen nan prezans Bondye pou viv avèk li nan fanmi etènèl li a.

Mwen te fèk sot vizite fwaye kat fi nan Honduras avèk dirijan prètriz yo. Sè sa yo ak fanmi yo te bezwen kle ak otorite prètriz yo, òdonans ak alyans prètriz yo, ak pouvwa ak benediksyon prètriz yo.

Nou te vizite yon sè ki marye ki gen de bèl pitit. Li fidèl e aktiv nan Legliz la, epi li anseye pitit li pou yo chwazi bon bagay. Mari li sipòte aktivite li nan legliz la, men li pa yon manm. Fanmi yo solid, men pou yo jwi pi gwo fòs, yo bezwen benediksyon prètriz adisyonèl. Yo bezwen papa a resevwa òdonans batèm yo ak don Sentespri a epi pou gen prètriz la konfere sou li. Yo bezwen pouvwa prètriz la ki ka vini atravè dotasyon ak sèlman.

De vizit apre yo sete lakay de sè selibatè, fi gwo lafwa. Youn nan sè yo gen yon pitit gason k ap prepare pou misyon. Lòt sè a ap fè tretman pou maladi kansè. Nan moman dekourajman ak dezespwa, yo sonje Ekspyasyon Sovè a epi yo ranpli ak lafwa ak lespwa. Yo toulède bezwen benediksyon adisyonèl ak pouvwa ki disponib atravè òdonans tanp yo. Nou te ankouraje yo pou yo ini avèk fiti misyonè a nan fwaye yo nan prepare pou resevwa òdonans sa yo.

Dènye vizit nou an sete lakay yon sè mari l te fèk mouri nan yon trajik aksidan. Antanke nouvo konvèti nan legliz la, li pa t ko konprann ke l te ka resevwa dotasyon li ak sele avèk mari li. Lè nou te anseye l ke benediksyon sa yo ta ka disponib pou li ak mari l la ki te mouri a, li te ranpli ak espwa. Konesan ke atravè òdonans ak alyans tanp yo fanmi kapab sele ansanm, li gen lafwa ak detèminasyon pou afwonte eprèv k ap vini yo.

Pitit gason vèv sa a ap prepare pou resevwa Prètriz Aawon an. Òdinasyon li ap yon gwo benediksyon pou li menm ak fanmi li. Yo pral gen yon detantè prètriz nan fwaye a. 

Lè m te rankontre fi fidèl sa yo nan Honduras la, mwen te ka wè yo t ap eseye kenbe fanmi yo aktif nan levanjil la. Yo te eksprime gratitid pou manm pawas yo k ap kenbe alyans yo ki te tandreman veye sou yo ak ba yo sipò nan bezwen tanporèl ak espirityèl yo. Men, chak sè sa yo gen bezwen ki pa totalman satisfè.

Nan chak nan twa kay sa yo nou te vizite a, yon dirijan prètriz saj te mande chak sè si l te resevwa yon benediksyon prètriz. Chak fwa repons la sete non. Chak sè te mande yon benediksyon e yo te resevwa youn jou sa a. Yo chak te kriye pandan yo t ap eksprime rekonesans yo pou rekonfò, direksyon, ankourajman, ak enspirasyon yo te resevwa nan men Papa nou ki nan Syèl la atravè yon detantè prètriz diy.

Sè sa yo te enspire mwen. Yo te montre reverans pou Bondye ak pu pouvwa li ak otorite li. Mwen te rekonesan tou pou dirijan ki te vizite kay sa yo avèk mwen yo detni an. Lè nou te kite chak fwaye, nou te pale ansanm sou fason pou ede fanmi sa yo resevwa òdonans yo te bezwen pou pwogrese sou chemen alyans la ak pou fòtifye fwaye yo.

Jodia gen yon gwo bezwen ki egziste pou gason ak fi kiltive respè youn pou lòt antanke pitit gason ak pitit fi Bondye ak reverans pou Papa nou ki nan Syèl la ak prètriz li a---pouvwa li ak otorite li.

Li gen yon plan pou nou, epi lè nou egzèse lafwa nou ak konfyans nou nan plan l lan, reverans nou pou li ak pou pouvwa ak otorite prètriz li a ap fòtifye.

Nan fòmasyon mondyal pou dirijan an sou Fòtifye fanmi an ak Legliz la pa mwayen Prètriz la, yo te anseye ke sè ki pa gen detantè prètriz lakay yo yo pa dwe janm santi yo poukont yo. Yo beni ak fòtifye atravè òdonans yo resevwa yo ak alyans yo kenbe yo. Yo pa dwe ezite lonje lamen lè gen bezwen èd. Èldè M. Russell Ballard te anseye ke chak fi nan Legliz la bezwen konnen li se yon evèk, yon prezidan kowòm ansyen, yon enstriktè nan fwaye, ak lòt detantè prètriz diy ke l ka konte sou yo pou vini lakay li pou ede l epi, jan Sè Rosemary M. Wixom te ajoute a, “pou ba l yon benediksyon.”9

Èldè Ballard te anseye tou: “Papa nou ki nan Syèl la gen anpil jenewozite nan pouvwa l la. Tout gason ak tout fi gen aksè ak pouvwa sa a pou ede nan lavi nou. Tout moun ki fè alyans sakre avèk Senyè a epi ki onore alyans sa yo elijib pou resevwa revelasyon pèsonèl, pou beni pa ministè zanj, [ak] pou jwi kominikasyon avèk Bondye.”10

Nou youn bezwen lòt. Pitit Gason Bondye yo bezwen pitit fi Bondye yo, epi pitit fi Bondye yo bezwen pitit gason Bondye yo.

Nou gen don diferan ak fòs diferan. Premye Korentyen chapit 12 mete aksan sou bezwen pou pitit gason ak pitit fi Bondye yo, yo chak, ranpli wòl ak responsablite endividyèl nou selon plan Senyè a pou tout moun ka pwogrese.11

Pitit gason Bondye yo, èske nou konnen kiyès nou ye? Èske nou konnen sa nou genyen? Èske nou diy pou egzèse prètriz la ak pou resevwa pouvwa ak benediksyon prètriz la? Èske nou anbrase wòl nou ak responsablite nou pou fòtifye fwaye a antanke papa, granpapa, pitit gason, frè, ak tonton? Èske nou montre respè pou fi, pou feminite, pou matènite?

Pitit fi Bondye yo, èske nou konnen kiyès nou ye? Èske nou konnen kisa nou genyen? Èske nou diy pou resevwa pouvwa ak benediksyon prètriz yo? Èske nou resevwa don yo ba nou yo avèk gratitid, gras, ak diyite? Èske nou anbrase wòl nou ak responsablite nou pou fòtifye fwaye yo kòm manman, grann, pitit fi, sè, ak matant? Èske nou montre respè pou gason yo, pou karaktè maskilen, ak wòl papa a?

Antanke pitit gason ak pitit fi alyans, èske nou gen lafwa nan Papa nou ki nan syèl la ak nan plan etènèl li a pou nou? Èske nou gen lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon an? Èske nou kwè ke nou gen yon nati ak yon destine divin? Epi nan efò nou pou atenn destine divin sa a ak resevwa tout sa Papa a genyen an,12 èske nou konprann enpòtans resevwa òdonans prètriz yo ak fè, ak kenbe ak renouvle alyans avèk Senyè a?

Nou se pitit gason ak pitit fi espri byeneme paran selès, avèk yon nati ak yon destine divin. Sovè nou an, Jezikri, te renmen nou ase pou l te bay lavi li pou nou. Ekspyasyon l lan ba nou mwayen pou pwogrese sou chemen an pou al nan fwaye selès nou an atravè òdonans ak alyans sakre prètriz yo.

Òdonans ak alyans prètriz sa yo te retabli sou tè a atravè Pwofèt Joseph Smith, epi jodia, Prezidan Thomas S. Monson detni tout kle prètriz yo sou tè a.

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nou jwenn otorite prètriz pou administre òdonans ki pèmèt nou antre nan alyans avèk Papa nou ki nan syèl la nan non Pitit Gason Sen l lan. … Bondye ap kenbe pwomès li fè nou yo si nou onore alyans nou fè avèk li yo.”13

Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129.

  2. Gade Mowoni 4:3; 6:3.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2004), 49.

  4. M. Russell Ballard, “Let Us Think Straight” (Brigham Young University Education Week devotional, Out. 20, 2013); speeches.byu.edu.

  5. Doktrin ak Alyans 14:7; gade tou Doktrin ak Alyans 131:1–4.

  6. Russell M. Nelson, “Nurturing Marriage,” Ensign or Liahona, May 2006, 37; or in Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 134.

  7. Delbert L. Stapley, nan Conference Report, Oct. 1965, 14; site nan L. Tom Perry, “As Now We Take the Sacrament,” Ensign oswa Liahona, Me 2006, 41; gade tou Teachings of Gordon B. Hinckley (1997), 561; The Teachings of Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 220.

  8. Gade Doktrin ak Alyans 109:22.

  9. Gade M. Russell Ballard and Rosemary M. Wixom, “Blessings of the Priesthood in Every Home,” nan Strengthening the Family and the Church through the Priesthood (worldwide leadership training, 2013); lds.org/broadcasts.

  10. M. Russell Ballard, “Let Us Think Straight”; speeches.byu.edu.

  11. Gade tou Doktrin ak Alyans 46:9, 12.

  12. Gade Doktrin ak Alyans 84:38.

  13. D. Todd Christofferson, “The Power of Covenants,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 22.