2010–2019
Konferans jeneral: Fòtifye lafwa ak temwayaj
Oktòb 2013


Konferans Jeneral: Ranfòse Lafwa ak Temwayaj

O, ala nou bezwen konferans jeneral! Gras ak konferans yo, lafwa nou fòtifye epi temwayaj nou apwofondi.

Mèsi Prezidan Monson pou ansèyman ou ak egzanp sèvis kretyen ou ak responsablite ou ba bay nou tout pou nou misyonè a. Nou toujou priye pou ou.

Nan dispansasyon nou an, Sovè a te fè referans ak yon rasanbleman Sen antanke “konferans jeneral mwen.”1

Kèlkeswa kote nou ye nan mond sa a, kèlkeswa fason n ap suiv sesyon sa yo, mwen temwanye ke nou rasanble pou konferans Li . Mwen temwanye tou ke n ap tande pawòl Li, paske Li te di, “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”2

Konferans te toujou fè pati vrè Legliz Jezikri a. Adan te rasanble posterite Li epi li te pwofetize bagay ki gen pou vini yo. Moyiz te rasanble pitit Izrayèl yo epi li te ansenye yo kòmandman l te resevwa yo. Sovè a te ansenye miltitid ki te rasanble ni nan Tè Sent lan ni nan kontinan Amerik la. Pyè te rasanble kwayan yo nan Jerizalèm. Premye konferans jeneral ki te fèt nan dènye jou yo te fèt de mwa apre Legliz la te òganize, epi konferans kontinye jiska jodia.

Konferans sa yo toujou fèt sou direksyon Senyè a, gide pa Lespri Li.3 Nou pa resevwa sijè espesifik pou nou pale. Pandan dè semèn e menm dè mwa, e souvan pandan anpil nwit san somèy, nou konfye nou nan men Senyè a. Atravè jèn, priyè, etid ak meditasyon, nou aprann mesaj Li vle nou bay la.

Gen moun ki ka mande: “Poukisa enspirasyon an pa vini pi fasil e pi vit?” Senyè a te ansenye Oliver Cowdery: “Ou dwe etidye l nan panse ou; apre sa ou dwe mande m si se jis.”4 Nou resevwa mesaj pou nou bay nan konferans yo apre yon preparasyon nan lapriyè, palentèmedyè Sentespri a.

Prensip sa a vrè pou tout manm Legliz la lè n ap prepare pou nou patisipe nan konferans pawas ak pye nou yo ak nan konferans jeneral. Nou etidye nan panse nou sa nou bezwen ak sa nou vle nan men Papa nou ki nan Syèl la, epi nou priye pou nou ka konprann ak aplike sa yo anseye nou yo. Lè moman konferans lan rive, nou sakrifye lòt aktivite nou, nou “mete bagay ki nan mond sa a sou kote, epi chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon.”5 Apresa, nou rasanble fanmi nou pou nou tande pawòl Senyè a, jan pèp Wa Benjamen an te fè a.6

Timoun yo ak jèn yo renmen patisipe. Nou fè yon gwo erè si nou panse ke konferans jeneral depase nivo entelektyèl ak sansiblite espirityèl yo. Nou menm jèn yo nan Legliz la, mwen pwomèt ke si nou koute, n ap santi Lespri a touché andedan nou. Senyè a ap di nou sa l vle nou fè avèk lavi nou.

Nan konferans yo, nou kapab resevwa pawòl Senyè a voye egzakteman pou nou menm. Yon manm te temwanye: “Pandan m t ap tande diskou w la, mwen te etone. … Diskou w la sete revelasyon pèsonèl Senyè a te voye dirèkteman pou fanmi mwen. Mwen pat janm santi yon manifestasyon Lespri osi fò konsa nan lavi m pase pandan minit sa yo kote Sentespri a tap pale avèk m dirèkteman an.”

Yon lòt te di: “Mwen pa t janm te santi osi pwofondeman konsa ke yon diskou sa a sete pou mwen l te ye.”

Sa posib paske Sentespri a pote pawòl Senyè a nan kè nou nan fason nou kapab konpran.7 Lè m ap pran nòt pandan konferans lan, mwen pa toujou ekri egzakteman sa oratè a ap di a; mwen note direksyon pèsonèl Lespri a ban mwen.

Sa ki di a pa osi enpòtan ke sa nou tande ak sa nou santi.8 Sepoutèt sa nou fè yon efò pou nou fè suiv konferans la nan yon lye kote nou ka klèman tande, santi, ak konprann ti vwa dous Lespri a.

O, ala nou bezwen konferans jeneral! Gras ak konferans yo, lafwa nou fòtifye epi temwanyaj nou apwofondi. Epi, lè nou konvèti, nou youn ede lòt kanpe fèm nan mitan flèch anflame dènye jou sa yo.9

Nan dènye dizan ki sot pase yo, Legliz la te epaye anpil anba malantandi ak pèsekisyon terib premye sen yo te rankontre yo. Sa p ap toujou rete konsa. Mond lan ap elwanye de Senyè a pi vit e pi lwen lontan pase jan sa te fèt anvan. Advèsè a lage sou latè. Nou gade, nou tande, nou li, nou etidye, epi nou pataje pawòl pwofèt yo pou nou ka avèti ak pwoteje. Paregzanp, “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan” te bay lontan anvan nou te konnen pwoblèm fanmi yo ap rankontre kounyeya. “Kris Vivan an: Temwanyaj Apot yo” te prepare anvan menm ke nou te plis bezwen li.

Nou gen dwa pa konn tout rezon ki fè pwofèt yo ak lòt oratè yo abòde kèk sijè nan konferans lan, men Senyè a konnen. Prezidan Harold B. Lee te ansenye: “Sèl sekirite nou genyen antanke manm Legliz sa a se … koute pawòl ak kòmandman Senyè a bay palentèmedyè pwofèt Li a. Ap gen kèk bagay ki mande pasyans ak lafwa. Nou gen dwa pa renmen sa k soti nan bouch otorite yo nan Legliz la. Yo gen dwa petèt an kontradiksyon avèk opinyon [pèsonèl] nou. Yo gen dwa an kontradiksyon avèk pwendvi sosyal nou. Petèt sa ka menm jennen nou nan relasyon sosyal nou. Men, si nou koute bagay sa yo kòmsi se nan bouch Senyè a Limenm yo sòti, avèk pasyans e avèk lafwa, nou gen pwomès ke ‘pòt lanfè a pap ouvè kont nou; …e Senyè a ap dispèse pouvwa fènwa a devan nou, epi koz syèl la tranble pou byen nou ak laglwa non li’ (D&A 21:6).”10

Kòman Prezidan Lee te fè konnen sa nou t ap gen pou rankontre nan epòk pa nou an? Li te konnen paske li sete yon pwofèt, vwayan, ak revelatè. E si nou koute pwofèt yo e nou obeyi yo kounyeya, espesyalman sa k ap pale yo nan konferans sa a, n ap fòtifye ak pwoteje.

Se lè konferans jeneral la fini nou resevwa pi gwo benediksyon yo. Sonje metòd ki toujou repete nan ekriti yo: nou rasanble pou nou tande pawòl Senyè a, epi nou retounen lakay nou pou nou viv yo.

Apre Wa Benjamen te fin ansenye pèp li a, “Li te ranvwaye foul moun yo e chak moun te retounen lakay pa yo avèk fanmi yo.”11 Nan epòk pa l la, Wa Limhi te fè menm bagay la.12 Apre li te fin ansenye ak sèvi moun yo nan tanp Bountiful la, Sovè a te di pèp la: “Nou mèt ale lakay nou pou nou reflechi sou bagay m te di nou yo, e mande Papa m, nan non m pou nou kapab konprann e pare lespri nou pou demen, e m ap vin jwenn nou ankò.”13

Nou aksepte envitasyon Sovè a lè nou medite ak priye pou nou konprann sa yo ansenye nou yo epi apresa ale epi nou fè volonte Li. Sonje pawòl Prezidan Kimball yo: “Mwen pran desizyon pou lè m retounen lakay mwen apre konferans [jeneral] sa a… gen anpil, anpil domèn nan lavi m m ap kapab pèfeksyone. Mwen fè yon lis nan tèt mwen, e mwen espere travay sou yo osito konferans lan fini.”14 Prezidan Monson te di pa twò lontan: “Mwen ankouraje nou pou nou reli diskou yo … epi medite sou mesaj yo ki gen ladan yo a. Mwen reyalize pèsonèlman ke m jwenn plis avantaj nan diskou enspire sa yo lè m etidye yo pi pwofondeman.”15

Anplis envite nou pou nou fè etid pèsonèl ak familyal sou ekriti yo, Pè Selès la vle pou nou etidye regilyèman sa nou aprann nan konferans lan epi aplike yo. Mwen temwanye ke moun ki mete konfyans yo nan Senyè a epi ki suiv konsèy sa a nan lafwa yo ap jwenn gwo fòs pou tèt pa yo ak pou fanmi yo pandan jenerasyon k ap vini yo.

Papa nou ki nan Syèl la banou mwayen an. Nan konferans sa a, 97 pousan manm Legliz la kapab tande mesaj sa yo nan pwòp lang pa yo. Dè milyon manm nan 197 peyi ap gade konferans sa a nan 95 lang. Nan jis de ou twa jou, mesaj yo pral kòmanse parèt sou LDS.org an Anglè, epi nan lespas yon semèn, y ap disponib nan 52 lanj. Kounyeya nou resevwa magazin Legliz la nan mwens pase 3 semèn apre konferans jeneral la. Nou pa bezwen tann dèmwa ankò pou nou resevwa diskou yo pa lapòs. Nou kapab li, koute, gade ak pataje ansèyman pwofèt yo sou konpitè, sou telefòn, oswa lòt aparèy elektwonik. Nenpòt ki lè, nenpòt ki kote, nou kapab elaji konesans nou, fòtifye lafwa nou ak temwanyaj nou, pwoteje fanmi nou, epi dirije yo ansekirite nan fwaye a.

Mesaj konferans sa yo ap nan pwogram etid pou jèn yo sou entènèt la. Paran yo, nou kapab al gade leson jèn yo ap aprann sou LDS.org yo nou menm tou. Al gade sa pitit nou yo ap aprann, itilize yo pou etid pèsonèl nou, nan diskisyon familyal nou, pou sware familial, konsèy familyal, ak antretyen pèsonèl nou avèk pitit nou yo apwopo sa nou bezwen anseye yo endividyèlman.

Mwen ankouraje tout manm yo pou yo itilize dokimantasyon ki sou sit entènèt Legliz la ak nan aplikasyon pou aparèy mobil yo. Yo toujou ap amelyore yo pou yo ka pi fasil pou itilize ak pi aplikab nan lavi nou. Sou sit entènèt LDS.org la, n ap jwenn dokimantasyon pou ede nou etidye levanjil la, fòtifye fwaye nou ak fanmi nou, ak sèvi nan apèl nou. Nou kapab jwenn zansèt nou ki bezwen òdonans tanp yo tou ak dokimantasyon pou ede nou nan travay sali a, enkli pataje levanjil la. Paran yo kapab pran inisyativ nan prepare pitit yo pou batèm, pou prètriz la, pou misyon aplentan ak pou tanp. Yo kapab ede yo avanse nan chemen dwat kwense òdonans ak alyans tanp yo epi kalifye yo pou benediksyon lavi etènèl la.

Nan dènye konferans mwa Avril la, nan reyinyon jeneral prètriz la, mwen te rakonte ke papa m te desine yon foto solda ki te gen zàm li sou li pou l te ka anseye m sou zàm Bondye yo ak pwoteksyon espirityèl yo bay.

Apre sesyon sa a te fini, yon papa te rapòte fanmi li sa l te aprann. Avèk enspirasyon, jèn pitit gason yo a, Jason, te chèche tande diskou a sou sit entènèt LDS.org la. Kèk jou apre, li te parèt nan sware familial la pou pataje leson an avèk frè l yo ak sè l yo. Men li.

Imaj
Jason

Yon senp mesaj konferans, enspire pa Senyè a, resevwa pa yon timoun, te ansenye yon fanmi nan yon fason pèsonèl ak puisan. Mwen renmen manto jistis li a. Mwen renmen boukliye lafwa l la pou kontrekare flèch anflame advèsè a. Sa yo se benediksyon konferans lan pote.

Frè m ak sè m yo, mwen rann temwayaj espesyal mwen ke Senyè a, Jezikri, vivan e li kanpe nan tèt Legliz sa a. Sa a se konferans jeneral pa Li. Mwen pwomèt nou, nan non Li, ke si nou priye avèk dezi sensè pou nou tande vwa Pè Selès la nan mesaj yo nan konferans sa a, n ap dekouvri ke li pale avèk nou pou ede nou, fòtifye nou, ak dirije nou retounen nan prezans li. Nan non Jezikri, amèn.