2010–2019
Pwoche pi pre Bondye
Oktòb 2013


Pwoche pi pre Bondye

Sovè nou an vle pou nou reyèlman renmen li nan pwen ke nou vle konfòme volonte nou avèk volonte pa li.

Pitit pitit gason sizan nou an, Oli, ki afektyezman rele m “Poppy”, te gen poul t al pran yon bagay nan machin nan. Papa l te andedan kay la, epi san Oli pa t wè, li te delòk pòt machin nan pandan Oli t ap pwoche kot machin nan, epi apresa li te lòk li ankò lè l te fini. Apresa Oli te kouri rantre andedan avèk yon gwo souri!

Tout fanmi an t mande l, “Kisa w te fè ki te fè machin nan louvri epi fèmen ankò a?” Li te jis souri.

Pitit fi nou an, manman li, te di: “Petèt se menmjan ak lè Poppy fè li—siman ou gen pouvwa majik menmjan avèk li!”

Lè sa te rive yon dezyèm fwa kèk minit apre, repons li te bay pou plis kesyon sou nouvo talan l lan sete: “Sa ekstraòdinè! M panse se paske Poppy renmen m, paske li se youn nan pi bon zanmi mwen, epi li pran swen mwen!”

Mwen te gen benediksyon pou m te wè bagay vrèman mirakile ki te pase nan lavi sen fidèl yo nan Afrik, Papouasie, Nouvèl Guine, Ostrali, Nouvèl Zeland, ak Océanie. Mwen dakò avèk Oli—Mwen panse se paske moun fidèl sa yo gen pou Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a menm santiman Oli genyen pou mwen yo. Yo renmen Bondye tankou yon bon zanmi, epi li pran swen yo.

Manm yo nan Legliz sa a gen dwa pou yo resevwa yon temwayaj espirityèl, e anpil nan yo resevwa li, ak fè alyans sakre pou swiv Senyè a. Men malgre sa, gen moun ki rapwoche pi pre li pandan ke gen lòt ki pa fè sa. Nan ki kategori ou ye?

Bondye ta sipoze sant inivè nou—bon jan sant atansyon nou. Èske l se sa? Oubyen èske li pafwa lwen panse ak entansyon kè nou? (gade Mozya 5:13). Remake ke se pa jis panse nan kè nou ki enpòtan, men “entansyon” yo tou. Nan ki fason konpòtman nou ak aksyon nou reflete entegrite entansyon nou?

Lè l te gen dèzan, pitit gason nou an, Ben, nan yon diskou li te fè nan yon konferans pye, te poze kesyon sa a: “Kijan w t ap santi w si yon moun ta pwomèt ou yon bagay chak semèn epi li pa janm kenbe pwomès la?” Li te kontinye: “Èske nou pran pwomès nou fè lè nou pran Sentsèn ak fè alyans pou nou obeyi kòmandman l yo epi toujou sonje l la oserye?”

Senyè a bannou mwayen pou ede nou sonje li menm ak pouvwa fòtifyan li. Youn nan mwayen sa yo se atravè sò nou tout genyen pou nou tout pataje—advèsite a (gade Alma 32:6). Lè m ap repanse avèk eprèv mwen te travèse yo, li klè ke yo te jwe yon gwo wòl nan pwogresyon mwen, ogmante konpreyansyon m ak konpasyon mwen. Yo te rapwoche m de Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan avèk eksperyans ak rafinman ki grave nan kè mwen.

Konsèy li ak enstriksyon l yo esansyèl. Li te ede frè fidèl Jared la rezoud youn nan de pwoblèm li yo lè l te di li kijan pou l te fè lè frèch rantre nan bato yo li te konstwi avèk fidelite yo (gade Etè 2:20). Men, se pou nou note ke, non sèlman Senyè a pa t rezoud pwoblèm pou konnen kijan pou l te jwenn limyè a, men, nan apre, li te di klèman ke li menm, Senyè a, li ap pèmèt eprèv ak difikilte ki pral mennen nesesite pou rezout pwoblèm nan. Se limenm menm ki ap voye van, lapli ak inondasyon yo vini (gade Etè 2:23–24).

Poukisa l ap fè sa? E poukisa li avèti nou pou nou elwaye nou de yon sous danje lè l te ka senpleman anpeche danje a rive? Prezidan Wilford Woodruff te rakonte istwa sou lè li te espirityèlman resevwa avètisman pou l te deplase charyo limenm, mandanm ni ak pitit li a t ap domi an, pou l te vin dekouvri nan apre ke yon siklòn te rache yon gwo pyebwa ki te tonbe egzaktemen kote charyo a te kanpe avan an. (gade Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff [2004], 47).

Nan toude egzanp sa yo, yo te ka jis chanje meteyo a pou elimine danje yo. Men pwen kle a sèke—olye li rezoud pwoblèm nan limenm, Senyè a vle pou nou devlope lafwa ki ap ede nou konte sou li pou rezoud pwoblèm nou yo ak fè l konfyans. Lè s a, nou ka santi lanmou li pi souvan, pi puisan, pi klè e pi pèsonèl. Nou vin ini avèk Li, e nou kapab vin menmjan avèk Li. Objektif Li se pou nou vin menmjan avèk li. Anfèt, Se glwa li osibyen ke travay li (gade Moyiz 1:39).

Yon jèn tigason t ap eseye netwaye yo zòn ki te sal dèyè lakay li pou l te ka jwe avèk machin jwèt li yo. Te gen yon gwo woch ki te bloke travay li a. Ti gason an te pouse, li te rale avèk tout fòs li, men kèlkeswa jan l te eseye, wòch la pat bouje.

Papa l te gade l pandan yon moman epi apresa li te ale kote pitit gason l lan epi l te di li: “Ou bezwen itilize tout fòs ou pou deplase yon gwo wòch konsa.”

Ti gason an te reponn: “Mwen te itilize tout fos mwen!”

Papa a te rektifye pou li: “Non se pa vre. Ou poko mande m pou m ede w!”

Yo te bese ansanm epi yo te deplase woch la byen fasil.

Papa zanmi m nan, Vaiba Rome, premye prezidan pye nan Papouasie nan Nouvèl Guinée, te aprann li menm tou pou l te vire vè Papa nou ki nan Syèl la nan moman bezwen. Limenm avèk moun nan vilaj li yo te kapab siviv sèlman gras ak rekòlt yo te konn fè yo. Yon jou, li te limen yon dife pou l te ka netwaye pati fèm pa l la nan vilaj la pou l te ka plante. Men, anvan sa te gen yon long peryòd chalè epi vejetasyon an te sèch anpil. Konsa, dife l la te vin menmjan ak kalite dife Prezidan Monson nan, jan pwofèt nou an li menm te dekri li nan dènye konferans jeneral la conference (gade “Obedience Brings Blessings,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 89–90). Li te komanse pwopaje nan zèb yo ak branch bwa yo, epi selon pawòl pitit gason l la, li te vin tounen “yon gwo dife”. Li te pè pou moun yo nan vilaj la epi li te pè pou yo pa t pèdi rekòt yo. Si rekòlt yo te detwi, yo t ap rele li lajistis nan vilaj la. Lè li te wè l pa t ka etenn dife a, lè sa a, li te sonje Senyè a.

M ap repete pawòl pitit gason l la, zanmi m nan: “Li te mete ajenou sou tèt mòn nan nan mitan pyebwa yo epi li te komanse priye Papa nou ki nan Syèl la pou l te sispann dife a pou li. Toudenkou, te gen yon gwo nyaj nwa ki te parèt anlè kote l t ap priye a, epi lapli te kòmanse tonbe byen fò—men sèlman kote dife a tap boule a. Lè l te gade bòkote li, syèl la te klè toupatou eksepte kote flanm yo t ap boule a. Li pat ka kwè ke Senyè a te reponn priyè yon senp moun tankou limenm, epi li te mete ajenou ankò epi li te kriye tankou timoun piti. Li te di sete santiman ki te pi dous ki egziste” (gade Alma 36:3).

Sovè nou an vle pou nou reyèlman renmen li rive nan pwen pou nou vle konfòme volonte nou avèk volonte pa Li. Lè sa a, nou ka santi amou Li e konnen laglwa Li. Lè sa a, li ka beni nou jan Li vle. Sa te rive Nefi, pitit gason Elaman an, ki te rive nan pwen kote Senyè a te fè l konfyans totalman, epi akoz de sa, Li te kapab beni li avèk tout sa l te mande (gade Elaman 10:4–5).

Nan L’histoire de Pi, woman Yann Martel la, ewo a eksprime santiman li sou Kris la: “Mwen pa t ka chase l soti nan lespri mwen. Mwen toujou pa kapab. Mwen pase twa jou antye ap panse avèk li. Plis li te deranje m, se mwens mwen te ka bliye Li. E plis m te aprann sou li, se mwens mwen te vle abandone li” ([2002], 57).

Se egzaktemen konsa m santim pou Sovè a. Li toujou pwòch, espesyalman nan kote sakre yo ak nan moman bezwen yo; e pafwa, lè m pa atann ditou, mwen gen enpresyon ke li touche zepol mwen pou fè m konnen Li renmen mwen. Mwen kapab retounen amou sa a nan fason enpafè pa mwen nan remèt li kè m (gade D&A 64:22, 34).

Sa gen kèk mwa, mwen te chita kote Èldè Jeffrey R. Holland pandan li t ap voye misyonè nan misyon yo. Lè nou ta prale, li te ret tann mwen, epi, pandan nou t ap mache ansanm, li te pase bra l sou zepòl mwen. Mwen te raple l ke l te fè menm bagay la yon fwa deja an Ostrali. Li te reponn: “Se paske m renmen ou!” E m te konnen sete verite.

Mwen kwè si nou te kapab gen privilèj pou nou mache fizikman avèk Sovè a, nou t ap santi bra l pase sou zepòl nou menmjan an tou. Tankou disip yo sou wout Emmaus la, kè nou t ap “boule andedan nou” (Lik 24:32). Sa a se mesaj Li” (Jan 1:39). Se yon envitasyon pèsonèl pou nou mache avèk li, avèk bra li pase sou zepòl nou.

Se pou nou tout santi nou osi konfyan ke Enòs, jan sa reflete nan denye vèsè ti liv kout men pwofon l lan: “Mwen rejwi pou jou kote mòtalite pral imòtalite m, pou kanpe devan l; lè sa a m pral wè figi l ak kè kontan e li pral di m: Vin jwenn mwen, oumenm ki beni, gen yon kote ki prepare pou ou nan kay Papa m yo” (Enòs 1:27).

Akoz tout eksperyans m fè yo ak pouvwa Lespri a rann mwen temwayaj la, mwen temwaye avèk sètitid total ke Bondye vivan. Mwen santi amou Li. Se pou nou fè tout sa ki nesesè pou konfòme volonte nou avèk pa Li e reyèlman renmen Li. Nan non Jezikri, amèn.