2010–2019
Fenèt syèl yo
Oktòb 2013


Fenèt syèl yo

Nou resevwa benediksyon tanporèl ak espirityèl lè nou respekte lwa ladim nan.

Mwen ta renmen dekri de leson enpòtan m te aprann konsènan lwa ladim nan. Premye leson an konsène benediksyon ki vin jwenn moun ak fanmi yo lè yo fidèlman obeyi kòmandman sa a. Dezyèm leson an mete aksan sou enpòtans ladim nan pwogresyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan tout mond lan. Mwen priye pou Sentespri a konfime pou nou chak verite nan prensip m ap pale yo.

Leson nimewo 1—Benediksyon siyifikan men inapèsi

Manman Sè Bednar se yon fi fidèl ak yon metrès kay enspire. Depi nan premye jou maryaj li, li te pran swen pou kenbe rejis finans fanmi an. Pandan dèzane, li te pran san l pou l note revni ak depans fanmi an kote l te itilize senp kaye kontablite. Enfòmasyon li te rasanble pandan ane yo konplè ak enstriktif.

Lè Sè Bednar te yon jènfi, manman l te konn itilize enfòmasyon nan kaye kontablite yo pou mete aksan sou prensip debaz nan jere yon kay avèk pridans ak prevwayans. Yon jou, pandan yo t ap repase pil kategori depans yo ansanm, manman l te remake yon bagay enteresan. Montan pou vizit kay doktè ak medikaman pou fanmi an te pi ba pase jan l te prevwa. Li te di ke sa te anrapò avèk levanjil Jezikri a, epi l te eksplike pitit fi l la yon verite puisan: Lè nou obeyi lwa dim nan, nou souvan resevwa benediksyon siyifikan men ki inapèsi, ki pa toujou sa nou atann ak fasilman ka remake. Fanmi an pa t resevwa okenn montan anplis toudenkou ki te ajoute sou revni kay la. Men, yon Papa eman ki nan Syèl la te vide ti senp benediksyon nan fason ki aparaman òdinè. Sè Bednar toujou sonje leson enpòtan sa a nan men manman l lan osijè èd nou resevwa atravè fenèt syèl yo, jan Malachi pwomèt nan Ansyen Testaman an (gade Malachi 3:10).

Souvan lè n ap anseye lwa ladim nan e temwaye konsènan li, nou mete aksan sou benediksyon tanporèl imedyat, espetakilè, ak fasilman rekonesab ke nou resevwa yo. E mwen sèten nou resevwa benediksyon sa yo vre. Men, gen kèk lòt kalite benediksyon nou resevwa lè nou obeyi kòmandman sa a ki enpòtan men inapèsi. Kalite benediksyon sa yo nou kapab detekte yo sèlman si nou atantif ak obsèvan espirityèlman (gade 1 Korentyen 2:14).

Imaj “fenèt” syèl la Malachi itilize a pi enstriktif toujou. Fenèt pèmèt limyè natirèl antre nan yon kay. Menmjan tou, limyè ak pèspektiv espirityèl devèse atravè fenèt syèl yo pou vin nan lavi nou lè nou onore lwa ladim nan.

Pa egzanp, yon benediksyon inapèsi men enpòtan nou resevwa se don espirityèl gratitid la ki pèmèt rekonesans nou pou sa nou genyen depase dezi nou pou sa nou ta renmen genyen. Yon moun rekonesan se yon moun ki plen satisfaksyon. Yon moun ki engra soufri pòvrete ensatisfaksyon san fen (gade Lik 12:15).

Nou gen dwa bezwen èd pou yon nou jwenn yon travay konvnab epi nou priye pou n jwenn ni. Men, se je ak zòrèy lafwa (gade Etè 12:19) nou bezwen pou nou ka rekontèt don espirityèl yon disènman anplis ki ka pèmèt nou jwenn opòtinite travay kote anpil lòt moun gen dwa neglije---oubyen benediksyon gen pi plis detèminasyon pèsonèl pou n chèche pi rèd ak pi lontan pou jwenn yon pozisyon pase jan lòt moun ta kapab fè oswa dispoze pou yo fè. Nou gen dwa anvi jwenn yon òf travay epi n ap atann ni, men benediksyon ki vin jwenn nou atravè fenèt syèl yo se kapab yon pi gwo kapasite pou nou aji ak chanje pwòp sitiyasyon nou olye nou atann ke sitiyasyon nou pral chanje pa yon moun oswa pa yon lòt bagay.

Nou gen dwa nòmalman gen dezi epi n travay pou resevwa yon ogmantasyon nan travay nou pou n ka pi byen fè fas ak nesesite lavi yo. Men, sa mande je ak zòrèy lafwa pou n remake nan nou yon ogmantasyon nan kapasite espirityèl ak tanporèl nou (gade Lik 2:52) pou nou fè plis avèk mwens nou genyen an, yon pi gwo kapasite pou nou fikse priyorite ak senplifye, ak yon kapasite anplis pou n byen pran swen byen materyèl nou deja genyen yo. Petèt nou gen dwa ta anvi e atann yon pi gwo salè, men benediksyon ki vini atravè fenyèt syèl yo se ka yon pi gwo kapasite pou chanje pwòp sitiyasyon nou olye ke nou atann sitiyasyon nou pral chanje pa yon lòt moun oswa yon lòt bagay.

De mil gèrye yo nan Liv Mòmon an (gade Alma 53; 56–58) te priye sensèman pou Bondye te ka fòtifye yo ak delivre yo anba men lenmi yo. Sa k enteresan, sèke repons pou priyè sa yo pa t pwodui plis zàm ni ogmante kantite sòlda yo. Men olyesa, Bondye te bay geryè fidèl sa yo asirans ke li t ap delivre yo, li te bayo lapè nan nanm yo, ak gwo lafwa ak esperans pou delivrans yo nan li (gade Alma 58:11). Konsa, pitit gason Elaman yo te pran kouraj, yo te gen yon detèminasyon pou yo venk, epi yo te avanse avèk tout fòs yo kont Lamanit yo (gade Alma 58:12–13). Asirans, lapè, lafwa, ak esperans gen dwa pa sanble toudabò avèk benediksyon yon gèrye ta vle nan yon batay, men sete presizeman benediksyon jenòm vanyan sa yo te bezwen pou yo te ka avanse byen deside epi triyonfe fizikman ak espirityèlman.

Pafwa nou gen dwa mande Bondye siksè, e li ba nou enèji fizik ak mantal. Nou gen dwa plede pou pwosperite, epi nou resevwa yon pi gwo pèspektiv ak pi plis pasyans, oubyen nou priye l pou l ba nou pwogresyon epi nou resevwa don lagras la kòm benediksyon. Li gen dwa vide konviksyon ak konfyans sou nou lè n ap eseye atenn bi ki diy. Epi lè nou priye pou soulajman anba pwoblèm fizik, mantal, ak espirityèl nou yo, li gen dwa ogmante detèminasyon nou ak kapasite nou pou n andire.

Mwen pwomèt nou ke si nou menm avèk mwen obsève lwa ladim nan, fenèt syèl yo va louvri epi benediksyon espirityèl ak tanporèl va devèse sitèlman ke nou pap gen ase plas pou n resevwa yo (gade Malachi 3:10). Na va sonje deklarasyon Senyè a tou:

“Senyè a di ‘Paske panse pa m pa menm ak panse pa nou, fason pa m pa menm ak fason pa nou

“Menmjan syèl la byen lwen anlè tè a, se konsa fason pa m pi wo pase fason pa nou, epi panse pa m pi wo pase pa nou” (Ezayi 55:8–9).

Mwen temwaye ke si nou espirityèlman atantif ak obsèvan, n ap gen benediksyon pou nou gen je ki ka wè pi klèman, zòrèy ki ka tande pi totalman, ak yon kè ki pi totalman konprann enpòtans ak sibtilite fason Senyè a, panse li, ak benediksyon li nan lavi nou.

Leson nimewo 2—Senplisite fason Senyè a

Anvan m te aple pou m te sèvi kòm manm Kolèj Douz yo, mwen te konn li anpil fwa nan Doktrin ak Alyans sou konsèy ki etabli pou sipèvize ak dekese fon sakre ladim yo. Konsèy pou Dispozisyon Dim yo te etabli pa revelasyon e li konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an (gade D&A 120). Pandan m t ap prepare pou m t al asiste premye reyinyon m avèk konsèy sa a nan mwa Desanm 2004 la, mwen t ap tann avèk enpasyans yon opòtinite aprantisaj trè ekstraòdinè.

Mwen ankò sonje sa m te viv ak sa m te santi nan konsèy sa a. Mwen te akeri yon pi gwo apresyasyon ak reverans pou lwa finans Senyè a pou moun endividyèlman, pou fanmi, ak pou legliz li a. Pwogram finansye debaz Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo---pou ni rantre ni depans---defini nan seksyon 119 ak 120 nan Doktrin ak Alyans yo. De deklarasyon nou jwenn nan revelasyon sa yo fòme fondasyon pou zafè finans legliz la.

Seksyon 119 la deklare senpleman ke tout manm “dwe peye yon dizyèm nan tout enterè yo chak ane; epi sa pral yon lwa regilye pou yo pou tout tan, Senyè a di” (vèsè 4).

Apre sa, konsènan dekesman otorize pou dim yo, Senyè a di: “Tan an rive kounyeya pou yon konsèy konpoze avèk Premye Prezidans legliz mwen an, ak evèk la, epi ak konseye li yo, epi ak gran konsèy mwen, epi avèk vwa pa mwen m ap ba yo ki pral deside sou sa” (D&A 120:1) “Evèk la ak konseye l yo” ak “gran konsèy mwen an” yo fè referans nan revelasyon sa a rekoni jodia kòm Episkopa Prezidan an ak Kolèj Douz Apot yo, respektivman. Fon sakre sa yo itilize nan yon legliz k ap grandi rapidman pou espirityèlman beni moun yo ak fanmi yo nan konstwi ak antretni tanp yo ak kay adorasyon yo, pou sipòte travay misyonè a, pou tradui ekriti ak pibliye yo, pou ankouraje rechèch jeneyalojik, pou finanse fòmasyon lekòl ak relijye, ak pou akonpli lòt bi legliz la jan sa dirije pa sèvitè Senyè a òdone yo.

Mwen etone pa klète ak briyèfte de revelasyon sa yo an konparezon avèk direksyon finansye ak pwosedi administratif konplike yo itilize nan si anpil òganizasyon ak gouvènman nan mond lan. Kijan zafè tanporèl yon òganizasyon osi gran ke Legliz retabli Jezikri a kapab posibman opere atravè tout mond lan nan itilize enstriksyon si brèf konsa? Pou mwen menm, repons la trè senp: sa a se travay Senyè a, epi li kapab fè pwòp travay li (gade 2 Nefi 27:20), epi Sovè a enspire ak dirije sèvitè l yo pandan y ap aplike direksyon l yo ak travay nan kòz li a.

Nan premye reyinyon konsèy sa a, mwen te enpresyone pa senplisite prensip ki te gide deba nou yo ak desizyon nou yo. Nan aktivite finansye legliz la, yo obsève de prensip debaz byen detèmine. Premyèman, Legliz la viv selon mwayen li e li pa depanse plis pase sa l resevwa. Dezyèmman, li mete yon pati nan revni anyèl la akote kòm rezèv pou sitiyasyon ijans ak bezwen enprevi. Pandan dèzane, Legliz la ap anseye manm li yo prensip pou fè rezèv manje, gaz, ak lajan pou reponn si ka ijans ta prezante. Legliz la antanke enstitisyon senpleman suiv menm prensip sa yo yo toujou ap anseye manm yo.

Amezi reyinyon an t ap avanse, mwen te twouve m ap swete ke tout manm nan Legliz la ta ka obsève senplisite, klète, lòd, santiman charite, ak puisans fason Senyè a (gade D&A 104:16) pou dirije zafè tanporèl Leglis li a. Kounyeya, sa fè plizyè ane ke m ap patisipe nan Konsèy pou Dispozisyon Dim yo. Rekonesans mwen ak reverans mwen ogmante chak ane pou modèl Senyè a etabli a, epi leson m aprann yo vin pi pwofon toujou.

Kè m ranpli ak lamou ak admirasyon pou manm fidèl ak obeyisan yo nan legliz sa a nan tout nasyon, ras, lang ak pèp. Pandan m ap vwayaje toupatou nan mond lan, mwen aprann sou espwa nou ak rèv nou, sou sikonstans ak kondisyon varye n ap viv, ak sou lit nou. M ale nan reyinyon Legliz avèk nou e m vizite kèk nan nou lakay nou. Lafwa nou fòtifye lafwa mwen. Devouman nou fè m vin plis devwe. Epi dispozisyon nou pou obeyi lwa dim nan ede m vin yon pi bon moun, yon pi bon mari, yon pi bon papa, ak yon pi bon dirijan nan Legliz la. Mwen sonje nou e m panse avèk nou chak fwa m ap patisipe nan Konsèy Dispozisyon Dim nan. Mèsi pou bonte nou ak fidelite nou nan onore alyans nou yo.

Dirijan yo nan Legliz retabli Senyè a santi yon gwo responsablite pou byen pran swen ofrann konsakre manm Legliz yo. Nou konnen nati sakre ofrann vèv la.

“Epi Jezi te chita vizavi bwat ofrann nan, epi li t ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t ap mete anpil lajan.

“Yon pòv vèv te rive tou; li te mete de ti kòb ki pa t menm fè mwatye senk kòb.

“Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo: Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la.

“Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tout sa l te genyen, tout sa l te gen pou l viv” (Mak 12:41–44).

Mwen konnen apati eksperyans pèsonèl ke Konsèy pou Dispozisyon Dim nan vijilan nan pran jere ofrann vèv la. Mwen eksprime apresyasyon m pou Prezidan Thomas S. Monson ak konseye l yo pou direksyon efikas yo nan ranpli responsablite sakre sa a. Epitou mwen rekonèt vwa (gade D&A 120:1) ak men Senyè a ki soutni sèvitè l li òdone yo nan ranpli devwa pou reprezante l la.

Yon envitasyon ak yon temwayaj

Peman onèt ladim nan plis pase yon devwa; se yon etap enpòtan nan pwosesis sanktifikasyon pèsonèl la. Pou moun ki peye dim yo, mwen konplimante nou.

Pou sa nan nou ki pou moman an pa obeyi lwa dim nan, mwen envite nou pou nou panse ak sa n ap fè epi repanti. Mwen temwaye ke si nou obeyi lwa sa a ki se lwa Senyè a, fenèt syèl yo ap louvri pou nou. Tanpri, pa ranvwaye jou repantans nou.

Mwen temwaye konsènan benediksyon espirityèl ak tanporèl ki vini nan lavi nou lè nou viv lwa dim nan. Mwen rann temwayaj mwen ke benediksyon sa yo souvan siyifikan men inapèsi. Mwen deklare tou ke senplisite fason Senyè a ki si evidan nan zafè tanporèl Legliz la banou modèl ki ka gide nou antanke endividi ak antanke fanmi. Mwen priye nou chak pou nou aprann ak benefisye nan leson enpòtan sa yo, nan non sakre Senyè Jezikri, amèn.