2010–2019
Gade devan epi kwè
Oktòb 2013


Gade devan epi kwè

Nan je Senyè a, se pa sitèlman sa nou fè ni ki kote nou te ye ki konte men se pito ki kote nou vle ale.

Lè m te piti, pandan m tap travay avèk manman m nan jaden, li te anseye m youn nan leson ki pi enpòtan nan lavi a. Se te nan fen matine a, solèy la te wo e m te gen enpresyon ke nou t ap sekle depi yon bon bout tan. Mwen te fè yon kanpe pou gade dèyè pou m te wè travay nou te deja fè epi m te di manman m: “Gade tout travay nou fè!” Manman m pa t reponn. Kòm mwen te panse se tande li pa t tande m, mwen te repete sa m te di a yon ti jan pi fò. Li te toujou pa reponn. Mwen te repete l ankò pandan m te leve vwa yon ti jan pi wo. Finalman, li te vire gade m epi li te di: “Edward, pa janm gade dèyè. Gade devan pou wè sa nou rete pou nou fè.”

Chè frè ak sè m yo, alyans nou te fè avèk Senyè a lè nou te batize a, “pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou kapab ye” a(Mozya 18:9), se yon angajman pou tout lavi. Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye: “Moun ki antre nan dlo batèm yo e ki resevwa don Sentespri a angaje yo sou chemen disip la e yo dwe suiv tras pye Senyè nou an fidèlman san gade dèyè” (“Saints for All Seasons,” Ensign oswa Liahona, Sept. 2013, 5). Senyè a rele nou, palentèmedyè sèvitè L yo, pou nou sèvi nan divès apèl, ke nou asepte avèk yon angajman total. Lè yo relve nou epi yo ba nou yon apèl pou nou sèvi nan yon pozisyon diferan, nou asepte l avèk jwa paske nou konnen, jan zansèt nou yo te konnen an, ke “nan sèvis Senyè a, sa ki konte se pa kibò n ap sèvi men se kijan n ap sèvi” (J. Reuben Clark Jr., nan Conference Report, Avr. 1951, 154).

Konsa lè yon prezidan pye oswa yon evèk relve, li asepte relèv li a ak kè kotan, epi lè yo ba l yon apèl pou l sèvi nan nenpòt sa Senyè, pa lantremiz sèvitè L yo, “jije nesesè” (Mozya 3:19), li pa enfliyanse pa eksperyans li te fè anvan yo, ni gade dèyè epi panse ke li sèvi ase. Li “pa bouke fè byen” paske li konnen ke li ap “poze fondasyon yon gwo travay” avèk yon vizyon klè ke efò sa yo beni anpil vi pou letènite. Konsa, “se nan ti bagay piti yo gwo bagay yo soti” (D&A 64:33).

Nou tout ta dwe angaje nou avèk zèl nan yon bon koz, fè anpil bagay pou kont nou, epi akonpli anpil jistis” (D&A 58:27).

Èldè Jeffrey R. Holland ki nan Kolèj Douz Apot yo te bay konsèy sa a: “Pase a la pou moun aprann de li men pa pou yo viv ladan. Nou gade dèyè pou nou ka pran meyè pati nan bon eksperyans nou yo men pa pou nou reviv yo. Epi lè nou aprann sa dwe aprann epi pote avèk nou pi bon eksperyans nou te fè yo, epi nou gade dèyè e nou sonje ke lafwa toujou oryante nan direksyon lavni” (“The Best Is Yet to Be,” Ensign, Jan. 2010, 24; oswa Liahona, Jan. 2010, 18).

Pandan ke leson manman m nan pou m gade devan an te konsène move zèb ki te vizib yo nan jaden an, difikilte sa a te minim konpare avèk sa premye Sen yo te travèse. Èldè Joseph B. Wirthlin te dekri eksperyans sa a si byen: “An 1846, plis pase 10,000 [moun] te kite Novou, yon vil pwospè ki te bati bò Rivyè Misisipi a. Avèk lafwa nan dirijan--pwofèt yo te genyen yo, premye manm sa yo nan Legliz la te kite Bèl Vil yo a e yo te rantre nan dezè fwontyè Ameriken an. Yo pa t konnen egzakteman kibò yo ta prale, ni presizeman sou konbyen kilomèt yo ta pral vwayaje, ni kisa lavni te rezève pou yo. Men yo te konnen se te Senyè a ak sèvitè L yo ki tap dirije yo” (“Faith of Our Fathers,” Ensign, Me 1996, 33).

Yo te konnen kisa sa te ye pou yon moun gade devan epi kwè. Pandan plis pase yon dizan edmi anvan sa, kèk nan manm sa yo te prezan lè pwofèt la te resevwa yon revelasyon ki di:

“Paske an verite, m di nou, yon moun ki respekte kòmandman m yo, li beni, menm si se nan lavi oubyen nan lanmò; epi yon moun ki fidèl nan tribilasyon, rekonpans li pi gran nan wayòm syèl la.

“Pou kounyeya, nou pa kapab wè avèk je natirèl nou yo, objektif Bondye nou an konsènan bagay ki pral vini apre yo, ak laglwa ki pral vini apre anpil tribilasyon” (D&A 58:2–3).

Noumenm tou nou kapab gade devan epi kwè. Nou kapab anbrase envitasyon Senyè nou an, ki avèk bra l byen louvri envite nou:

“Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l’ sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze.

“Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou” (Matye 11:28–30).

Chè Pwofèt nou an, Prezidan Thomas S. Monson, konseye l yo, ak Kolèj Douz Apot yo lanse yon envitasyon pou nou tout patisipe nan travay sali a. Nouvo konvèti yo, jèn yo, jèn adilt yo, moun ki pran retrèt yo ak misyonè aplentan yo dwe pote responsablite a ansanm pou akselere travay sali a.

Prezidan Boyd K. Packer, nan Kolèj Douz Apot yo, te asiste yon fwa nan yon konpetisyon kote bèf t ap rale chaj ki lou epi li te fè yon analoji sou sa. Li te di konsènan eksperyans sa a: “Yo te chaje yon treno an bwa avèk blòk siman: 10.000 liv [4,535 kg]— senk tòn. … Objektif la se te pou bèf yo te deplase treno a sou yon distans twa pye [91 cm]. … Mwen te remake de bèt byen asòti, byen gran, ki te yon melanj koulè ble ak gri … gwo bèf ble sezon pase yo.”

Lè l tap pale de rezilta konkou a, li te di: “Ekip yo te elimine youn apre lòt. … Gwo bèf ble yo pat menm te klase! De ti bèt konsa konsa, ki pa t menm byen asòti, te deplase treno a toulè twa fwa yo.”

Yo te ba l eksplikasyon pou rezilta siprenan sa a: “Gwo bèf ble yo te pi gran e pi djanm e yo te pi byen asòti, kontrèman ak lòt ekip la. Men ti bèf yo te fè yon pi bon travay an ekip e yo te pi byen kowòdone. Yo te kòmanse tire chay la ansanm. Toulède bèt yo te fè mouvman yo egzakteman an menm tan epi fòs sa a te deplase chay la” (“Equally Yoked Together,” address delivered at regional representatives’ seminar, Avr. 3, 1975; nan Teaching Seminary: Preservice Readings [2004], 30).

Pandan n ap gade devan epi kwè a, nou bezwen aji nan menm espri ekip sa a pou nou akselere travay sali a kote n ap envite lòt moun pou yo vin jwenn Kris la. Nan wòl respektif nou yo, nou bezwen suiv konsèy Prezidan Dieter F. Uchtdorf la pou “nou kanpe ansanm pou nou edifye kote nou ye a” (“Lift Where You Stand,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 56). Nou kapab eksplwate potansyèl nou genyen, jan Èldè L. Tom Perry nan Kolèj Douz yo te obsève a: “Pandan m ap vwyaje nan tout Legliz la, mwen emèveye devan tout bagay pozitif ki ap pase yo. Men, mwen pa gen enpresyon ke, antanke pèp, nou reyalize tout potansyèl nou. Sa mwen kwè sè ke nou pa toujou travay ansanm, nou twò enterese toujou nan resevwa onè ak siksè pèsonèl, e nou pa montre ase enterè nan bi komen ki se bati wayòm Bondye a” (“United in Building the Kingdom of God,” Ensign, Me 1987, 35).

Mwen swete pou nou tout ini nan yon objektif komen “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” nan (Moyiz 1:39).

Sovè nou an, Jezikri, ki wè depi nan kòmansman jiskalafen, te konnen trè byen wout Li tap tran pou rive Jetsemane ak Gòlgota a lè L te pwoklame: “Moun ki mete men nan yon travay, epi k’ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan wayòm Bondye a” (Luke 9:62). Nan je Senyè a, se pa sitèlman sa nou fè ni ki kote nou te ye ki konte men se pito ki kote nou vle ale.

Pwofèt Joseph Smith te anseye nou prensip k ap gide nou yo: “Prensip fondamental relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo konsènan Jezikri, ke Li te mouri, yo te antere Li, epi li te resisite nan twazyèm jou a, e Li te monte nan syèl la; e tout lòt bagay ki an rapò avèk relijyon nou an se sèlman anèks yo ye pou li” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 49).

Mwen temwaye ke si nou suiv egzanp Sovè nou an, Jezikri, epi nou leve men nou okare pou nou soutni pwofèt byeneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson, n ap jwenn lapè, rekonfò, ak lajwa, e nou “va manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo” (D&A 64:34). Nan non Jezikri, amèn.