2010–2019
Fòs pou pèsevere
Oktòb 2013


Fòs pou nou pèsevere

Kapasite nou pou nou pèsevere jiskalafen nan lajistis la depann dirèkteman de fòs temwayaj nou ak pwofondè konvèsyon nou.

Chak maten, lè nou reveye, nou fè fas ak yon nouvo jounen chaje ak difikilte lavi a. Difikilte sa yo vini sou diferant fòm: pwoblèm fizik, pwoblèm finans, difikilte nan relasyon nou avèk lòt moun, pwoblèm emosyonèl, e menm difikilte avèk lafwa nou.

Nou kapab rezoud ak simonte anpil nan pwoblèm n ap fè fas yo nan lavi a; sepandan, gen lòt ki kapab difisil pou nou konprann ak enposib pou nou simonte epi y ap rete avèk nou jistan nou pase al nan lòt vi a. Lè nou tanporèman andire pwoblèm nou ka rezoud yo epi nou kontinye andire pwoblèm nou paka rezoud yo, li enpòtan pou nou sonje ke fòs espirityèl nou devlope a pral ede nou sipòte tout pwoblèm n ap rankontre nan lavi a avèk siksè.

Frè m ak sè m yo, nou gen yon Papa eman ki nan Syèl la, ki te fè plan egzistans nou sou tè a yon fason pou nou kapab pèsonèlman aprann leson nou bezwen pou kalifye nou pou lavi etènèl nan prezans Li a.

Yon epizòd nan lavi Pwofèt Joseph Smith ilistre prensip sa a. Pwofèt la ak anpil nan konpayon li yo te prizonye nan Prizon Liberty a nan Missouri, pandan plizyè mwa. Pandan yo tap soufri nan prizon an, Pwofèt Joseph te sipliye Senyè a kote l te priye enbleman pou sen yo te ka soulaje anba soufrans yo t ap sibi yo. Kòm repons, Senyè a te anseye Pwofèt Joseph, ansanm avèk nou tout, ke pwoblèm n ap rankontre yo, si nou byen andire yo, se pral pou byen nou finalman. Men repons Senyè a te bay pou siplikasyon Joseph la:

“Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ak afliksyon ou yo pral sèlman la pou yon ti moman;

“Epi, si ou sipòte l byen, Bondye pral egzalte ou anlè a.”1

Papa nou ki nan Syèl la te prevwa ke vwayaj nou atravè lavi a ap yon tès karaktè nou. Nou ekspoze anba enfliyans byen ak mal, epi li ba nou libète moral pou nou chwazi pou tèt pa nou ki chemen n ap pran. Jan Samyèl, ansyen pwofèt la te anseye a: “Ou lib; ou gen pèmisyon pou ou aji pou tèt pa ou; paske reyèlman, Bondye te ba ou yon konesans epi L te fè ou lib.”2

Papa nou ki nan Syèl la te konnen tou, akoz kondisyon nou nan mòtalite a, nou pa tap toujou fè chwa kòrèk ki jis la. Paske nou pa pafè epi paske nou fè erè, nou bezwen èd pou nou retounen nan prezans Li. Nou jwenn èd nesesè sa a atravè ansèyman, ak egzanp, ak sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Sakrifis ekspyatwa Sovè a rann sali ak egzaltasyon fiti nou posib atravè prensip repantans la. Si nou repanti onètman epi avèk senserite, Ekspyasyon an kapab ede nou vin pwòp, chanje nati nou, epi ede nou sipòte difikilte nou yo avèk siksè.

Pèseverans se yon prensip enpòtan nou jwenn nan doktrin Jezikri a. Li enpòtan paske kalite avni etènèl nou pral genyen an depann sou kapasite nou genyen pou nou pèsevere nan lajistis.

Nan 2 Nefi 31 pwofèt Nefi anseye nou, apre nou resewva menm òdonans sali batèm Jezikri te resevwa a, epi apresa nou resevwa don Sentespri a, nou dwe “avanse, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, [enben] gade Papa a di: [N] ap gen lavi etènèl.”3

Se poutèt sa, pou nou resevwa pi gwo nan tout benediksyon yo nan men Papa nou ki nan syèl la, ki se lavi etènèl, nou dwe resevwa òdonans apwopriye a, epi apre sa kontinye kenbe alyans ki asosye avèk yo yo. Ki vle di, nou dwe pèsevere avèk siksè.

Kapasite nou pou nou pèsevere jiskalafen nan lajistis la pral depann dirèkteman sou fòs temwayaj nou ak pwofondè konvèsyon nou. Lè temwayaj nou solid epi nou reyèlman konvèti nan levanjil Jezikri a, chwa nou yo pral enspire pa Sentespri a, yo pral santre sou Kris la, epi yo pral kore dispozisyon nou pou nou pèsevere nan lajistis la. Si temwayaj nou fèb, e konvèsyon nou sipèfisyèl, nou gen pi gwo risk pou nou atire pa move tradisyon mond la pou n fè move chwa.

M ta renmen pataje yon eksperyans ki ilistre efò sa mande pou n pèsevere fizikman an epi apre konpare li avèk efò ki nesesè pou nou pèsevere espirityèlman an. Lè m te retounen sòt fè misyon, m te gen opòtinite pou m jwe baskètbòl pou yon antrenè trè popilè ki te yon ekriven respekte nan yon inivèsite nan Kalifòni. Antrenè sa a te konsidere ke l te enpòtan pou jwè l yo te anfòm anvan sezon baskètbòl la kòmanse. Anvan nou te ka touche yon balon sou teren an, yonn nan kondisyon antrènman an, sete pou nou kouri monte desann sou mòn yo tou pre lekòl la nan yon tan rekò li te bay. M sonje lè m te fèk eseye premye fwa pou m te monte desann mòn sa a imedyatman apre m te retounen sòt nan misyon an. M te panse m ta pral mouri..

Sa te pran m anpil semèn antrenman serye pou m te kapab finalman bat rekò antrenè a te fikse a. Sete yon bèl sansasyon non sèlman lè m te kapab kouri sou teren kous la, men tou pou m te akselere desann rès distans kous la jiska liy arive a.

Pou ou jwe baskètbòl avèk siksè, ou bezwen an bon kondisyon. Pou yon moun vin an bon kondisyon fizik, gen yon pri pou l peye, e pri sa a, se angajman, pèseverans, ak otodisiplin. Pèseverans espirityèl la gen yon pri tou. Se menm pri a: angajman, pèseverans, ak otodisiplin.

Yon temwayaj, menmjan ak kò nou, bezwen anfòm si nou vle l andire. Konsa, kijan nou ka kenbe temwayaj nou an bon kondisyon? Nou pa ka kenbe kò nou nan bon fòm pou jwe baskètbòl nan senpleman gade baskètbòl nan televizyon. Menmjan tou, nou pa kapab kenbe temwayaj nou an bon kondisyon nan senpleman gade konferans general nan televizyon. Nou bezwen etidye ak aprann prensip debaz yo nan levanjil Jezikri a, epi apresa, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou viv yo. Se konsa nap vin tounen disip Jezikri, epi se konsa n ap bati yon temwayaj dirab.

Lè n ap fè fas ak advèsite nan lavi a, epi dezi nou se pou imite kalite Jezikri yo, li esansyèl pou nou prepare espirityèlman. Prepare espirityèlman vle di nou akeri enègi oubyen andirans espirityèl—n ap vin an bon kondisyon espirityèlman. N ap vin sitèlman anfòm espirityèlman ke n ap toujou chwazi sa ki byen. Nap vin inebranlab nan volonte nou ak kapasite nou pou nou viv levanjil la. Yon otè anonim te di yon fwa: “Ou dwe vin tounen wòch la rivyè a pa ka pote ale a.”

Paske nou fè fas ak pwoblèm chak jou, li enpòtan pou nou travay sou andirans espirityèl nou chak jou. Lè nou devlope andirans espirityèl, fo tradisyon mond lan, osi byen ke pwoblèm pèsonèl chak jou nou yo, vin gen ti enpak negatif tou piti nan kapasite nou pou nou pèsevere nan lajistis la.

N ap jwenn gwo egzanp andirans espirityèl nan istwa familyal nou pèsonèl nou. Pami tout istwa zansèt nou yo, n ap kapab jwenn egzanp ki demontre karakteristik pozitif sou pèseverans.

Yon istwa nan pwòp istwa familyal pa m ilistre prensip sa a. Gran gran papa m, Joseph Watson Maynes, te fèt an 1856, nan Hull, Yorkshire, an Angletè. Fanmi l te vin manm Legliz la an Angletè, apre sa, yo te pran wout pou Salt Lake City. Li te marye avèk Emily an 1883, epi yo te vin paran ywit pitit. Joseph te resevwa apèl pou l t al sèvi nan misyon aplentan an Jen 1910, lè l te gen 53 zan. Avèk sipò madanm li ak ywit pitit li yo, li te retounen nan peyi natif natal li an Angletè pou l sèvi misyon li.

Apre l te fin sèvi fidèlman pandan apeprè dezan, li t ap kondui bisiklèt li ansanm avèk konpayon l pou l al nan Lekòldidimanch nan Gloucester, an Angletè, lè kawoutchou li te pete. Li te desann bisiklèt la pou l te wè ki dega k te genyen. Lè l te wè sa te serye e sa t ap pran anpil tan pou l repare l, li te di konpayon l pou l ale devan pou kòmanse reyinyon jou Dimanch la, epi li t ap vini toutswit. Menm lè l te fin di sa a, li te flechi epi l te tonbe atè a. Li te mouri toudenkou anba yon kriz kadyak.

Joseph Watson Maynes Joseph pa t janm wè madanm ni ak ywit pitit li yo ankò nan lavi sa a. Yo te transpòte kadav li retounen nan Salt Lake City epi yo te fè antèman li nan ansyen Sal Asanble ki rele Waterloo a. Yon deklarasyon Èldè Anthony W. Ivins, yon manm Kolèj Douz Apot yo te fè nan antèman li, anseye nou yon leson enpòtan sou lavi, lanmò, ak pèseverans: Men sa levanjil la ban nou—non pa pwoteksyon kont lanmò, men, viktwa sou li atravè esperans nou genyen nan rezirèksyon gloriye a. … Sa aplike pou [Joseph Maynes]. … Se yon plezi, epi se yon satisfaksyon ak yon lajwa pou n konnen ke dèzòm bay lavi yo nan lajistis, nan lafwa, vrè nan lafwa yo.”4

Istwa familyal sa a enspire m pou m eseye fè tout sa m kapab pou m swiv egzanp pèseverans ak andirans espirityèl sa a gran gran papa m te demontre a. Mwen egalman enspire pa lafwa madanm ni, Emily, ke lavi li apre lanmò Joseph la te sètènman vin yon fado ki te lou pou pòte. Temwayaj li te solid epi konvèsyon li te total pandan l te pase rès lavi li vrè nan lafwa a pandan l t ap sipòte ywit pitit li yo poukont li.

Apot Pòl te di, “An nou mete tout pwa lou ak tout peche ki dewoute nou fasilman yo sou kote, epi an nou fè kous ki devan nou an avèk pasyans.”5 Kous ki devan nou sou tè a se yon kous andirans chaje avèk obstak. Obstak ki nan kous sa se pwoblèm nou leve avèk yo chak maten yo. Nou isit la sou tè a pou nou fè kous la, pou nou ekzèse libète moral nou, epi chwazi ant byen ak mal. Pou nou kapab fini kous sa a onorabman epi avèk siksè epi retounen kote Papa nou ki nan Syèl la, nou dwe peye pri devouman, pèseverans, ak disiplin pèsonèl. Nou dwe mete nou anfòm espirityèlman. Nou dwe devlope andirans espirityèl. Nou bezwen temwayaj ki solid ki pou mennen nan vrè konvèsyon, epi, kòm rezilta, nap jwenn lapè andedan nou ak fòs ki nesesè a pou nou andire kèlkeswa pwoblèm nou fè fas.

Konsa, nenpòt pwoblèm ou reveye avèk li chak maten an, sonje—avèk fòs espirityèl ou devlope a, ansanm avèk èd Senyè, nan fen kous la, w ap kapab jwi konfyans Apot Pòl te eksprime a lè l te di konsa:

“Kounyeya mwen pare pou m ofri tèt mwen, epi lè pou m ale a prèske rive.

“M te fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen te kenbe nan lafwa:

“Kounyeya, gen yon kouwòn jistis kap rete tann mwen, yon kouwòn Senyè a, jij ki pral jije san patipri a, ap mete sou tèt mwen nan jou sa.”6

Mwen rann nou temwayaj mwen sou reyalite yon Papa eman ki nan Syèl la ak gran plan bonè etènèl li a, ki mennen sou tè a nan epòk sa a. Se pou Lespri Senyè a enspire nou tout pou nou devlope andedan nou fòs pou nou andire a, Nan non Jezikri, amèn.