2010–2019
Akselere Plan Jwèt Senyè a!
Oktòb 2013


Akselere Plan Jwèt Senyè a!

Nou chak dwe devlope ak reyalize pwòp plan jwèt pa nou avèk antouzyas pou nou ka sèvi ansanm avèk misyonè aplentan yo.

Sa gen plizyè ane, mwen te bezwen pale avèk madanm youn nan evèk yo nan pye nou an, konsa, m te rele lakay yo. Yon jenn tigason te reponn telefòn nan. Mwen te di: “Alo. Èske manman w la?

Li te reponn: “Li la wi. Mwen pral chèche l. Se kiyès?

Mwen to reponn: “Di l se Prezidan Nielsen.”

Te gen yon ti poz kout, epi nan yon vwa ki te trè anime, mwen te tande: “Manmi, se Prezidan Hinckley’s nan telefòn nan!”

Mwen pa oze imajine sa l te dwe panse. Siman mache al pran telefòn nan sete mach ki pi long li te fè nan tout lavi li. Lide sa a te pase nan tèt mwen: “Èske m ta dwe fè l kwè mwen se Prezidan Hinckley?” Mwen pat fè sa, men nou toulède te ri anpil. Pandan map panse a sa kounyeya, siman li dwe te desi poutèt se avèk mwen li te pale.

Kisa ou tap fè si pwofèt Senyè a te rele w tout bon? Enben, li fè sa. Prezidan Thomas S. Monson, jan l fè ankò maten an, rele nou chak pou nou fè yon travay trè enpòtan. Li di: “Moman an rive pou manm yo ak misyonè yo ini ansanm, travay ansanm, laboure ansanm nan jaden Senyè a pou yo mennen nanm ba Li” (“Faith in the Work of Salvation,” [diskou nan fòmasyon mondyal dirijan yo, Jen 2013]; lds.org/broadcasts).

Èske nou t ap koute?

Toupatou nan mond lan, pye, distri ak misyon ap fè eksperyans yon nouvo nivo enèji, pandan ke deklarasyon Sovè a te bay Joseph Smith an 1832 a ap akonpli: “Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li” (D&A 88:73).

Frè m ak sè m yo, tan sa a se jodia! Mwen santi sa, e m si nou santi sa tou.

Mwen te vle met eksitasyon m ak lafwa m nan Jezikri a an aksyon. Lè m te konn jwe foutbòl, mwen te konn panse nan tèm plan jwèt. Lè nou te konn ap kòmanse yon match, nou te gen konfyans ke depi nou te prepare pou n itilize bon estrateji, nou tap gen siksè. Sepandan, mwen te pale dènyèman avèk LaVell Edwards, yon antrenè selèb BYU konsènan plan jwèt nou yo, e li te di: “Mwen pa t bezwen konnen ki plan ou te deside aplike, sèl sa ki te enpòtan pou mwen sete pou ekip la fè gòl!” Antanke youn nan aryè santral li nan jwèt yo, mwen te panse sa te pi konplike pase sa, men petèt filozofi tou senp li a se rezon ki fè gen yon estad ki pote non l jodia.

Etandone nou fè pati ekip Senyè a, èske nou chak gen plan pa nou pou nou ranpòte laviktwa? Èske nou pare pou nou jwe? Si noumenm, kòm manm, nou vrèman renmen fanmi, zanmi ak asosye nou yo, èske nou pa tap vle pataje temwayaj nou sou levanjil retabli a avèk yo?

Nan Seminè pou Nouvo Prezidan Misyon ki te fèt nan mwa Jen an, yon total rekò 173 nouvo prezidan ak madanm yo te resevwa enstriksyon final anvan yo te kòmanse sèvis yo. Tout 15 manm Premye Prezidans lan ak Kowòm 12 Apot yo te pale a gwoup espesyal sa a.

Èldè L. Tom Perry te ajoute kòmantè final yo: “Epòk sa a se epòk ki pi remakab nan istwa Legliz la. Se yon bagay ki kapab klase pami gwo evenman ki rive nan listwa tankou Premye Vizyon an, tankou kado nou genyen an ki se Liv Mòmon, tankou Retablishman Levanjil la, tankou tout lòt bagay ki bati fondayon sa a pou nou avanse ak anseye nan wayòm Papa nou ki nan Syèl la” (“Concluding Remarks” [diskou nan seminè pou nouvo prezidan misyon yo, 26 Jen 2013], 1, Church History Library, Salt Lake City).

Nou dwe enplike nan travay misyonè a plis pase jan nou te janm konn fè sa anvan pou nou reponn a antouzyas dirijan nou yo ak angajman misyonè aplentan nou you. Travay sa a pap avanse fason Senyè a vle a san nou menm! Jan Presidan Henry B. Eyring te di a, “Kèlkeswa laj nou, kèlkeswa kapasite nou, apèl nou nan Legliz la, oswa kote nou ye, nou resevwa apèl kòm yon sèl moun nan travay la pou nou ede L nan rekòt nanm nan” (“We Are One,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 62).

Èske m ka pataje avèk nou yon plan jwèt pèsonèl mwen te santi m pouse pou m enplante apre m te fin priye, ak li chapit 13 nan Preche Levanjil Mwen An, ak medite sou kèk eksperyans pase? Mwen envite nou pran twa pwen sa yo an konsiderasyon pandan nou ap panse a pwòp plan pa nou.

Premyèman, priye espesyalman pou nou kapab mennen yon moun pi pre Sovè a ak levanjil li a chak jou. Nou kapab fè sa pandan n ap konsidere chak moun kòm pitit gason ak pitit fi Bondye ki ap pote kole nan vwayaj pou yo ale lakay yo a. Panse a nouvo zanmi nou pral fè yo.

Dezyèmman, priye pou misyonè ki ap sèvi nan zòn nou yo ak envestigatè yo pandan nap site non yo chak jou. Sèl fason pou nou fè sa se salye yo, gade badj yo, rele yo pa non yo, epi mande yo kimoun yo ap anseye. Èldè Russell M. Nelson te di dènyèman: “Senyè a pa ka ede nou konn kè yon moun si nou pa konnen non li ak vizaj li.”

Mwen te asiste batèm yon sè mèveye ki te pataje temwayaj li. Mwen ap toujou sonje lè l te di: “Mwen pa t janm gen tout moun sa yo ki ap priye pou mwen konsa pandan m ap eseye jwenn repons pou kesyon m yo. Fanmi pawas sa a reyèlman sousye pou mwen. Kijan m ta fè pa konnen travay sa a vrè?

Twazyèmman, envite yon zanmi nan yon aktivite lakay nou oswa yon lòt kote. Kèlkeswa kote nou ale oswa kèlkeswa sa nou ap fè, reflechi pou nou konnen kimoun ki tap bay kè kontan epi apre sa koute Lespri a pandan L ap dirije nou.

Sovè a te anseye m yon leson senp pandan mwen tap aprann levanjil la pou kont mwen. Mwen kwè leson sa a aplike trè byen a “akselerasyon” an. Lè m chaje antouzyas pou yon bagay, sa montre nan fason m ekri e souvan sa fini pa yon pwen eksklamasyon ki, pa definisyon endike yon “santiman fò [oubyen yon] bagay ki gen gwo enpòtans” (Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary, 11th ed. [2003], “exclamation point”).

Mwen te vin entrige lè m te kòmanse ap remake anpil ekriti sou “rasanbleman” an ki te fini pa yon pwen eksklamasyon, tankou nan aspirasyon sensè Alma a: “O, si m te yon zanj, m ta kapab fè sa ki nan kè m, m ta vle ale pou m pale avèk twonpèt Bondye a, avèk yon vwa pou souke tè a, m ta rele repantans nan zòrèy tout pèp!” (Alma 29:1).

Rechèch mwen fè montre ke gen 65 pasaj menmjan an ki montre emosyon ki anrapò ak travay misyonè a, enkli sa yo:

“Ala li pran anpil anpil plezi nan nanm ki repanti a! …

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!” (D&A 18:13, 15–16).

Konnen mwen konnen vèsè ekstraòdinè sa yo te jwe yon wòl enpòtan nan premye tach mwen te genyen yo kòm Swasanndis Otorite Zòn. Kè m te yon tijan sou biskèt pou m te akonpaye yon Apot, Èldè Quentin L. Cook, nan yon konferans pye. Lè m te antre nan biwo prezidan pye a pou premye reyinyon wikenn sa a, mwen te remake yon pè soulye ize, koulè bronz, poze sou yon mèb dèyè biwo l la avèk yon ekriti ki fini pa yon pwen eksklamasyon. Lè me te li l, mwen te santi Senyè a te okouran etid mwen te fè a, li te reponn priyè m yo e li te konnen egzakteman kisa m te bezwen pou kalme kè sote m nan.

Mwen te mande prezidan pye a pou l rakonte m istwa soulye sa yo.

Li te di:

“Se soulye yon jèn konvèti nan Legliz la ki te soti nan sitiyasyon familyal difisil, men, ki te deside pou l te reyisi misyon li e se sa l te rive fè nan Guatemala. Lè l te retounen, mwen te gen entèvyou avèk li pou m ba li yon relèv onorab e mwen te remake soulye l te abime anpil. Jennonm sa a te bay Senyè a tout sa li te genyen, pratikman san okenn soutyen nan men fanmi li.

“Li te remake mwen tap gade soulye l yo epi li te di m: ‘Prezidan, èske gen yon bagay ki pa nòmal?’

“Mwen te reponn: ‘Non, Èldè, tout bagay nòmal! Èske ou ka ban m soulye sa yo?”

Prezidan pye a te kontinye: “Respè m ak lanmou m pou ansyen misyonè sa a te ekstrawòdinè! Mwen te vle kenbe souvni eksperyans sa a, konsa, mwen te fè pentire soulye l yo an bronz. Chak fwa m antre nan biwo sa a, se yon rapèl pou mwen sou efò nou tout dwe fè, kèlkeswa sitiyasyon nou. Vèsè a soti nan Ezayi ‘Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k’ap kouri pote bon nouvèl k’ap bay kè poze a! L’ap fè konnen delivrans Bondye a. L’ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k’ap gouvènen!’ (Ezayi 52:7).”

Chè frè m ak sè m yo, madanm evèk la te petèt mande tèt li poukisa pwofèt la t ap rele li. Mwen temwaye ke limenm ak noumenm pa bezwen mande tèt nou anyen ankò—PWEN DEKSKLAMASYON!

Mwen konnen nou chak dwe devlope ak egzekite plan jwèt pèsonèl pa nou pou n sèvi avèk antouzyas avèk misyonè aplentan yo—PWEN DEKSKLAMASYON!

Mwen ajoute temwayaj mwen sou pa Pwofèt Joseph Smith la: “Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan!” (D&A 76:22). Nan non sakre Jezikri, amèn.