2010–2019
Jiskaske nou rankontre ankò
Oktòb 2013


Jiskaske nou rankontre ankò

Se pou nou montre plis jantiyès youn anvè lòt, e se pou nou toujou okipe ap fè travay Senyè a.

Frè m ak sè m yo, kè m ranpli pandan n ap pwoche nan fen bèl konferans sa a nan legliz la. Nou te resevwa nouriti espirityèl pandan nou t ap koute konsèy ak temwayaj moun ki te patisipe nan chak sesyon yo.

Nou te gen benediksyon pou nou reyini isit la nan bèl Sant Konferans sa a, nan lapè ak sekirite. Nou gen yon retransmisyon san presedan pou konferans lan, ki travèse kontinan pou al touche moun toupatou. Menmsi nou fizikman elwaye de ou, nou santi espri ou.

Pou Frè nou yo ki te relve nan konferans sa a, kite m eksprime sensè remèsiman tout legliz la pou ane sèvis devwe nou yo. Nou pa ka konte kantite moun ki te beni pa kontribisyon nou nan travay Senyè a.

Mwen eksprime rekonesans mwen pou Kè Tabènak la ak lòt koral yo ki te patisipe nan konferans sa a. Mizik yo te bèl anpil e yo te ajoute grandman sou Lespri nou te santi nan chak sesyon yo.

Mwen remèsye nou pou priyè nou fè pou mwen yo ak pou tout Otorite Jeneral yo ak ofisye jeneral yo nan Legliz la. Yo fòtifye nou.

Se pou benediksyon syèl yo akonpaye nou. Se pou fwaye nou ranpli avèk amou ak koutwazi epi avèk Lespri Senyè a. Se pou nou konstamman nouri temwayaj nou sou levanjil la, pou l ka vin yon pwoteksyon pou nou kont flèch dife advèsè a.

Konferans lan fini kounyeya. Pandan n ap retounen lakay nou an, se pou nou fè sa an sekirite. Se pou Lespri nou te santi la a rete avèk nou pandan n apral ranpli okipasyon chak jou nou yo. Se pou nou montre plis jantiyès youn pou lòt, e se pou nou toujou okipe ap fè travay Senyè a.

Frè m ak sè m yo, se pou Bondye beni nou. Se pou lapè li pwomèt la avèk nou kounyeya ak pou tout tan. M ap di nou orevwa jiskaske nou reyini ankò nan sis mwa. Nan non Sovè nou an, Jezikri, Senyè a, amèn.