2010–2019
Èske ou vle geri?
Oktòb 2013


Èske ou vle geri?

Lè nou repanti epi nou vin konvèti nan Senyè a, nou vin geri epi kilpablite nou efase.

Pandan yon tan festen nan Jerizalèm, Sovè a te kite foul moun yo pou l t al chèche moun ki te nan gwo bezwen yo. Li te jwenn yo nan Betesda, basen senk pòt la ki te bò yon mache mouton, ki te renome paske l te atire moun ki te aflije.

Levanjil Jan an di nou ke tou pre basen an “te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, ki t ap bwete, ki te paralize, yo tout t ap tann lè dlo a pran bouyi.

“Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l la te geri, nenpòt maladi l te genyen” (Jan 5:3–4).

Yo dekri vizit Sovè a nan yon bèl tablo Carl Bloch ki rele Christ Healing the Sick at Bethesda. Bloch montre Jezi ki jantiman ap soulve yon dra, ki te revele yon “mesye enpuisan” (Jan 5:7) ki te kouche bò basen an, ap tann. La a mo enpuisan an fè referans ak yon moun ki pa ka bouje e l mete aksan sou mizèrikòd ak gras Sovè a, ki te vini tou diskrètman pou sèvi moun ki pa ka ede tèt yo yo.

Nan tablo a, mesye malad la kouche atè a nan lonbraj la, fatige ak demoralize apre l t ap soufri maladi l la pandan 38 tan.

Pandan Sovè a te leve pwent dra a avèk yon men, li te envite l avèk lòt la epi l te poze l yon kesyon penetran: “Èske w vle geri?”

Mesye a reponn: “Mesye, mwen pa gen pèsonn pou mete m nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè m fè sa pou m ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.” (Jan 5:6–7).

Pou pwoblèm nan ki te parèt enposib pou mesye a, Jezi te bay yon repons pwofon ke li pa t atann:

“Leve, pran nat ou, mache w ale.

“Menm lè a, nonm lan te geri. Li te ranmase nat li, epi l pran mache” (Jan 5:8–9).

Nan yon lòt bèl sèn ankò, Lik di nou ke Sovè a, pandan l t ap vwayaje al Jerizalèm, te rankontre 10 moun ki te gen lalèp. Akoz maladi yo a, yo “te rete kanpe byen lwen” (Lik 17:12). Yo sete moun yo te rejte---ki pa t pi, moun pa t bezwen yo.

Yo te rele byen fò “Jezi, Mèt, gen pitye pou nou” (Lik 17:13)—pou n di l yon lòt jan “Èske gen yon bagay ou ka fè pou nou?”

Gwo Doktè a, ranpli ak konpasyon, te toujou konnen ke lafwa dwe presede mirak epi konsa li te di yo: “Al fè prèt yo wè nou” (Lik 17:14).

Pandan yo ta prale ak lafwa, mirak la te fèt. Èske nou ka imajine gwo lajwa nan chak pa yo te fè lè yo te wè tout bon vre ke kò yo te vin pwòp, geri, ak restore la devan je yo?

“Youn ladan yo ki te wè l geri te tounen sou wout li, li t ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande,

“Li te lage kò l atè nan pye [Mèt la], li te di l mèsi. …

“Epi [Jezi] Leve non, ou mèt ale. Se lafwa ou ki geri ou” (Lik 17:15–16, 19).

Lè m t ap travay kòm doktè ak chirijyen, mwen te konn konsantre m sou reparasyon ak koreksyon fizik. Jezikri geri ni fizik la ni espirityèl la, epi gerizon li kòmanse avèk lafwa.

Èske ou sonje yon lè kote lafwa ou ak lajwa ou te debòde? Sonje moman kote ou te jwenn temwayaj ou oubyen lè Bondye te konfime w ke ou sete pitit gason l ak pitit fi li epi Li renmen ou anpil la---epi ou te santi konplè a? Si ou pa sonje moman sa a, ou ka rejwenn ni ankò.

Sovè a konseye nou sou fason pou nou vin antye---pou nou vin konplè oswa vin geri:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma ba nou soulajman.

“Pran jouk mwen sou nou, epi aprann nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè; epi na jwenn repo pou nanm nou.

“Paske jouk mwen fasil pou pote, epi fado m lejè” (Matye 11:28–30).

““Vini, suiv mwen” (Lik18:22) an envite nou pou nou kite ansyen lavi nou an ak dezi monden nou yo pou nou vin yon nouvo kreyati pou ki “ansyen bagay yo pase [epi] tout bagay vin nouvo” (2 Korentyen 5:17), menm yon nouvo kè fidèl. E nou vin antye ankò.

“Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou” (D&A 88:63).

Lè nou rapwoche nou de li, nou reyalize ke mòtalite a fèt pou l difisil epi “gen opozisyon nan tout bagay” (2 Nefi 2:11) la se pa yon fay nan plan sali a. Okyesa, lopozisyon se eleman endispansab nan mòtalite a e li fòtifye volonte nou ak rafine chwa nou yo. Sikonstans difisil lavi yo yo menm ede nou kreye nan yon relasyon etènèl avèk Bondye---ak grave imaj li sou figi nou pandan ke n ap remèt li kè nou (gade Alma 5:19).

“Fè sa pou nou toujou ka sonje mwen” (Lik 22:19) se sa Sovè nou an te mande lè l te enstitiye sa nou rele Sentsèn nan. Òdonans sa a avèk pen an ak dlo a renouvle alyans sakre nou te fè avèk Bondye yo e envite pouvwa Ekspyasyon an nan lavi nou. Nou geri kote nou abandone abitid ak mòd lavi ki andisi kè ak fè kou nou redi yo. Lè nou depoze “zam rebelyon [nou] yo” (Alma 23:7), nou vin tounen e nou aji kòm “mèt tèt nou]” (D&A 58:28), nou pa avegle pa manti Satan y ankò ni soud anba bri deranjan mond n ap viv la.

Lè nou repanti epi nou vin konvèti nan Senyè a, nou vin geri, epi kilpablite nou an efase. Nou gen dwa mande, tankou jan Enòs te di a “Kouman sa fè fèt?” Senyè a reponn: “Poutèt lafwa w nan Kris la. … Se poutèt sa, ou mèt ale, lafwa a geri ou” (Enòs 1:7, 8).

Corrie ten Boom, yon kretyèn Neyèlandè fèvan, te jwenn yon gerizon konsa malgre ke l te fèmen nan kan konsantrasyon pandan Dezyèm Gè Mondyal la. Li te soufri anpil, men kontrèman ak sè l la Betsie, ki te peri nan youn nan kan yo, Corrie te siviv.

Apre lagè a li te souvan pale piblikman sou eksperyans li ak sou gerizon ak padon. Yon fwa, yon ansyen gad Nazi ki te patisipe nan anprizonman kriyèl Corrie a nan Ravensbrück, an Almay, te vin bò kote li, kontan pou mesaj sou padon al kanmou Kris la li te bay la.

Li te di ‘Mwen rekonesan anpil pou mesaj ou a, Fraulein.’ ‘Pou panse ke, jan w di a, li lave peche nou yo!’

“Corrie raple l “li te lonje lamen li pou ban m lamen. Epi mwen menm, ki te preche si souvan an sou … bezwen padon an, m te pa t lonje men mwen.

“Menm pandan ke panse kòlè ak vanjans sa yo t ap bouyi andedan m nan, mwen te wè yo sete peche. … M te priye: Senyè Jezi, padon mwen e ede m padone li.

“Mwen te eseye souri [epi m te lite pou m te lonje men mwen. M pa t kapab. M pa t santi anyen, pa okenn ti kal chalè ni charite. Epi konsa ankò, m te adrese yon priyè an silans. Jezi, m pa ka padone li. Ba n m padon ou.

“Nan moman m te pran men l lan, yon bagay enkwayab te rive. Soti nan zepòl mwen desann nan bra m pou rive nan men mwen, te gen yon kouran k te pase soti nan mwen al nan li, pandan ke andedan kè m te ranpli lanmou pou etranje sa a, ki te prèske depase mwen.

“Epi konsa, m te dekouvri ke se pa sou padon nou ni nonplis sou bonte nou gerizon depann, men sou pa li. Lè l di nou renmen enmi nou yo, Li bay, ansanm ak kòmandman sa a, lanmou li tou.”1

Corrie ten Boom te geri.

Prezidan Thomas S. Monson te di: “gen yon lavi ki soutni moun ki twouble oswa ki chaje ak doulè ak lapenn yo—se Senyè a, Jezikri.”2

Si ou santi w pa pwòp, moun pa renmen ou, ou malere, ou pa diy, sonje “tout sa ki pa jis nan lavi sa a kapab vin jis atravè Ekspyasyon Kris la.”3 Se pou w gen lafwa ak pasyans nan kalandriye Senyè a ak objektif li. “Pa pè, kwè sèlman” (Mak 5:36).

Se pou nou asire ke Sovè a toujou ap chèche geri nanm nou ak repare kè nou. Pandan l kanpe nan pòt la epi l frape a, annou reponn ni kote n ap rekòmanse priye, repanti, padone, epi bliye. Annou renmen Bondye epi sèvi pwochen nou epi kanpe nan lye ki sen avèk yon lavi ki vin pwòp. Mesye enkapab la nan pisin Betseda a, lepre a sou wout Jerizalèm nan, ak Corrie ten Boom te vin antye ankò. “Èske w vle geri?” Leve epi mache. “Gras li ase” (2 Korentyen 12:9), epi ou pap mache poukont ou.

Mwen vin konnen ke Bondye vivan. M konnen nou tout se pitit li epi li renmen nou pou sa nou ye ak pou sa nou ka devni. M konnen li te voye Pitit Gason l lan nan mond lan pou l te fè sakrifis ekspyatwa a pou tout limanite ak pou tout sa ki anbrase levanjil li a ak suiv li ka vin total ak konplè ankò---nan tan pali, ak nan fason pa li, e selon volonte li” (D&A 88:68). Sa se temwayaj mwen pou nou nan non Jezikri, amèn

Nòt

  1. Corrie ten Boom, The Hiding Place (1971), 215.

  2. Thomas S. Monson, “Meeting Life’s Challenges,” Ensign, Nov. 1993, 71.

  3. Preche Levanjil Mwen an: Yon gid pou sèvis misyonè (2004), 52.