2010–2019
Nou pa etranje ankò
Oktòb 2013


Nou pa etranje ankò

Nan legliz sa a, pa gen etranje ni moun deyò. Se sèlman frè ak sè ki genyen.

Nan yon moman kèlkonk, pifò nan nou te twouve nou nan yon sitiyasyon ki nouvo pou nou, kote nou te santi nou depeyize e nan te santi nou pa an sekirite. Sitiyasyon sa a te rive fanmi nou sa gen anviron senk an lè Prezidan Thomas S. Monson te aple m pou m sèvi kòm yon Otorite Jeneral Legliz la. Apèl sa a te oblije fanmi nou demenaje kite bèl kote nou te renmen pandan plis ventan an. Madanm mwen avèk mwen toujou sonje reyaksyon enstantane pitit nou yo lè yo te aprann chanjman an. Pitit gason 16 an nou an te di: “Pa gen pwoblèm. Nou mèt ale; mwenmenm map rete!”

Apresa li te vin rapidman aksepte pou li akonpaye nou e li te fidèlman anbrase nouvo opòtinite sa a nan lavi l la. Viv nan yon nouvo anviwonman pandan dènye ane ki sot pase yo te vin tounen yon eksperyans agreyab ak edifyan pou fanmi nou, espesyalman akoz akèy plen chalè ak bonte Sen Dènye Jou yo. Pou nou, viv nan peyi diferan an sete konfimasyon ke inite pèp Bondye a toupatou sou tè a se yon bagay reyèl ak tanjib.

Apèl mwen an fè m vwayaje nan anpil peyi e li ban mwen privilèj pou m prezide nan anpil reyinyon. Lè map gade divès kongregasyon yo, souvan mwen wè manm ki reprezante anpil peyi, lang, ak kilti. Yon aspè mèveye nan dispansasyon levanjil nou an sè ke li pa limite a yon zòn jewografik oswa yon gwoup nasyon. Li global e inivèsèl. Li ap prepare nou pou retou gloriye Pitit Gason Bondye a nan rasanble “pitit Li yo nan kat kwen tè a.”1

Menm si kantite manm Legliz la ap ogmante nan divèsite, eritaj sakre nou an ale pi lwen ke diferans nou yo. Antanke manm Legliz la, nou gen chans pou nou fè pati kay Izrayèl la. Nou vin tounen frè ak sè, eritye egal nan yon menm linyaj espirityèl. Bondye te pwomèt Abraram ke “paske tout moun ki resevwa Levanjil sa a pral pote non [li], epi yo pral konte kòm desandan [li], epi yo pral leve pou yo beni [li], antanke papa yo.”2

Gen yon pwomès ki fèt a tout moun ki vin manm Legliz la: “Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.”3

Mo etranje soti nan mo laten extraneus, la, ki vle di “eksteryè” oubyen “ki soti deyò.” An jeneral, li deziye yon moun ki se yon “moun deyò” pou divès rezon, keseswa akoz orijin, kilti, opinion, oubyen relijyon li. Antanke disip Jezikri ki ap fè efò pou nou nan mond lan san nou pa fè pati mond lan, pafwa nou santi nou tankou moun deyò. Anpil nan nou konnen gen kèk pòt ki kapab fèmen pou moun yo konsidere kòm moun ki diferan.

Depi tout tan, pèp Bondye a te toujou resevwa kòmandman pou l pran swen tout moun ki etranje oubyen moun li kapab wè kòm moun ki diferan. Nan tan lontan, epòk Ansyen Testaman an, yon etranje te benefisye menm devwa ospitalite avèk yon vèv oswa yon òfelen. Menm jan avèk yo, etranje a te nan yon sitiyasyon gwo vilnerabilite, ki vle di san defans, e pou l te ka kontinye viv fòk li te jwenn pwoteksyon nan men moun ki nan zòn kote li ye a. Pèp Izrayèl la te resevwa enstriksyon klè sou sijè sa a: “Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t’ peyi pa nou.”4

Pandan ministè L sou tè a, Jezi te montre nou egzanp pou depase senp obligasyon ospitalite ak tolerans lan. Li te manifeste konpasyon L ak respè L pou moun yo te rejte yo nan epòk li a, pou ke sila yo ki te kwè yo pi bon yo te bani nan sosyete a, te rejte epi konsidere kòm moun ki pa pwòp. Yo te resevwa yon pati egal nan ansèyman L yo ak ministè L la.

Pa egzanp, Sovè a te brave entèdiksyon ki te koutim nan tan pa L la pou l te adrese l a Fi Samari a, lè Li te mande l yon ti dlo. Li te chita manje avèk pibliken ak pèseptè kontribisyon. Li pat ezite apwoche lepre a, touche l epi geri l. Li te admire lafwa sentiryon Women an epi Li te di foul la: “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.”5

Jezi mande nou pou nou obsève lwa lanmou pafè a, ki se yon kado inivèsèl e san kondisyon. Li te di:

“Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou?

“Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou?

“Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.”6

Nan Legliz sa a, pa gen etranje ni moun deyò. Gen sèlman frè ak sè. Konesans ke nou genyen konsènan yon Papa Etènèl ede nou pou nou pi sansib a lanmou frè ak sè ki dwe egziste antre gason ak fi sou tè a.

Yon pasaj ki soti nan woman Les misérables ilistre kijan detantè prètriz yo kabap trete moun ke moun konsidere kòm etranje yo. Jean Valjean te apèn soti nan prison. Li te fatige apre yon vwayaj long e li tap mouri anba grangou ak swaf, li te rive nan yon ti vil e li tap chèche yon kote pou l ta jwenn yon ti manje epi pou l pase nuit lan. Lè nouvèl ke l rive te fin gaye, youn pa youn tout abitan nan zòn nan te fèmen pòt yo sou li. Ni otèl la, ni obèj la, menm prizon an pat envite l antre. Yo te rejte l, yo te ba l do, yo te bani l. Finalman, lè l pat ret fòs ankò, li te sot tonbe devan pòt evèk katolik vil la.

Bon mesye relijye a, byen ke li te konn tout enfòmasyon konsènan Valjean, li te resevwa vakabon an avèk mo sa yo ki te ranpli ak konpasyon:

“‘Se pa kay mwen; se kay Jezikri. Pòt sa a pa mande moun ki ap antre a si l gen yon nom, men li si li gen yon pwoblèm. Ou ap soufri, ou grangou epi ou swaf; ou byenvini.... Poukisa pou m bezwen konnen non ou? Epi anvan ou te di m [non ou], ou te gen youn ke m te konnen.’

“[Valjean] te louvri je l tèlman li te sezi.

“‘Vrèman? Ou te konnen kijan m rele?’

“‘Wi,’ Evèk la reponn, ‘ou rele frè mwen.’”7

Nan Legliz sa a, pawas nou yo ak kowòm nou yo pa pou nou. Se pou Jezikri yo ye. Kèlkeswa moun ki antre nan sal reyinyon nou yo, li ta dwe santi li lakay li. Responsablite pou akeyi chak moun nan gen yon enpòtans ki ap grandi. Mond kote nou ap viv la ap travèse yon peryòd boulvèsman. Akoz ogmantasyon disponiblite transpò, vitès kominiksasyon, globalizasyon ekonomi yo, tè a vin tounen yon gwo vilaj kote moun ak nasyon rankontre, konekte, melanje youn ak lòt yon fason ki pat janm egziste anvan.

Gwo chanjman mondyal sa yo sèvi plan Bondye Toupuisan an. Rasanbleman moun Li chwazi yo nan kat kwen tè a pa sèlman ap fèt nan voye misyonè nan peyi byen lwen men li fèt nan vil nou yo ak katye nou yo tou, nan arive moun ki soti nan lòt kote pou vini lakay nou yo. San yo pa konnen, se Senyè a ki kondi anpil moun sa yo vini nan kote yo kapab tande levanjil la ak antre nan bèjri L la.

Li trè probab ke pwochen moun ki apral konvèti nan levanjil la nan pawas ou a se ap yon moun ki pa soti nan sèk kote zanmi ak moun ou konnen yo abitye soti. Ou gen dwa remake sa nan aparans li, lang li, jan li abiye, oswa koulè po li. Moun sa a gen dwa te grandi nan yon lòt relijyon, avèk yon fòmasyon diferan oubyen yon estil lavi diferan.

Entegre moun nan legliz la se yon responsablite ki enpòtan nan prètriz la. Kolèj Prètriz Aawon ak Mèlkisedèk yo dwe aji nan tèt kole avèk oganizasyon oksilyè yo sou direksyon evèk la, pou yo fè yon jan pou yo akeyi chak moun avèk lanmou ak jantiyès. Enstriktè nan fwaye yo ak enstriktris vizitèz yo dwe veye pou yo pa bliye oswa inyore okenn moun.

Nou tout bezwen travay ansanm pou nou bati inite espirityèl nan pawas ak branch nou yo. Yon egzanp inite pafè te egziste pami pèp Bondye a apre Kris la te fin vizite Amerik yo. Anal yo di ke “pa t gen Lamanit, ni okenn kalite-it; men, yo te youn, pitit Kris yo, ak eritye wayòm Bondye yo.”8

Inite pa ka reyalize lè nou inyore oswa izole manm ki parèt diferan oswa pi fèb, pou nou asosye nou sèlman avèk moun ki tankou nou. Okontrè, nou ap gen inite lè nou akeyi ak sèvi moun ki nouvo yo oubyen ki gen bezwen patikilye yo. Manm sa yo se yon benediksyon pou Legliz la e yo ban nou opòtinite pou nou sèvi pwochen nou e konsa pirifye pwòp kè pa nou.

Konsa, frè m yo, se devwa nou pou nou lonje men nou bay nenpòt moun ki parèt nan pòt bilding Legliz nou yo. Akeyi avèk gratitid e san prejije. Si gen moun nou pa konnen ki antre nan youn nan reyinyon nou yo, salye yo avèk chalè epi envite yo pou yo chita avèk nou. Silvouplè, fè premye pa a pou ede yo santi yo byenveni e nou renmen yo olye pou nou rete ap tann pou yo vin sou nou.

Lè nou fin akeyi moun sa yo, reflechi sou fason nou kapab kontinye okipe nou de yo. Yon lè, mwen te tande pale de yon pawas kote, apre batèm de sè ki pat tande byen, de sè mèveye nan Sosyete Sekou a te deside aprann langaj siy pou yo te kapab kominike pi byen avèk de nouvo konvèti sa yo. Ala yon bèl egzanp lanmou pou frè ak sè parèy nou yo nan levanjil la!

Mwen rann temwayaj ke okenn moun pa etranje pou Papa nou ki nan syèl la. Nanm tout moun presye pou li. Avèk Pyè, mwen temwaye ke “Bondye pa gade sou figi moun Men li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.”9

Mwen priye pou lè Senyè a pral rasanble brebi l yo nan dènye jou a, Li kapab di nou chak: “Mwen te etranje, e ou te resevwa m’ lakay ou.”

Lè sa a, nou va di li: “Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou?”

Epi li va reponn nou: “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m’ yo, se pou mwen nou te fè li.”10

Nan non Jezikri, amèn.