2010–2019
Ti bagay senp yo
Oktòb 2013


Ti bagay senp yo

Annou longe lamen bay lòt moun yo avèk lafwa ak lanmou.

Frè ak sè byenneme m yo, sa gen apèn kèk semèn, m te nan yon sant fòmasyon misyonè Meksik la pou m te pataje yon mesaj avèk misyonè yo. Entensyonèlman, madanm mwen avèk mwen te rive plizyè èdtan alavans. Pandan nou tap eksplore bèl jaden yo ak lari byen pwòp nan sant fòmasyon an, li te enposib pou nou pa t remake bonè ki t ap briye sou figi dè santèn jèn èldè ak sè misyonè yo, yo chak te konsantre sou aprann yon nouvo lang ak aprann pou pi byen apresye objektif yo antanke misyonè.

Pandan m te pran tan mwen pou m te ka pi byen obsève bèl sèn sa a, m te reflechi sou pawòl Alma yo, lè li te kòmande pitit gason li a, Elaman, pou l ekri istwa pèp li a nan rejis Bondye te konfye l yo e konsidere tout bagay sa yo sakre pou ke yon jou, yo te kapab al jwenn tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp.

Lè sa a, Alma te di l:

“Kounyeya, ou kapab panse m fou; men, m di ou konsa, avèk ti bay ki senp, gwo bagay fèt; epi, nan anpil sitiyasyon, bagay ki piti konfonn moun ki saj.

“Epi, Senyè Bondye a fè yon mwayen pou l kapab reyalize gwo objektif etènèl li a; epi, avèk bagay ki piti anpil, Senyè a konfonn moun ki saj, epi Li sove anpil nanm” (Alma 37:6–7).

Inosans misyonè yo ak jèn laj yo se gwo egzanp sou fason Senyè a aji nan itilize moun ki gen enb pou yo al “envite lòt moun vin jwenn Kris la, pou ede yo resevwa levanjil retabli a atravè lafwa nan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa Li a, ak repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen” (Preche Levanjil Mwen an: Yon gid pou sèvis misyonè [2004], 1).

Antanke manm Legliz la, atravè ti bagay senp pa nou, nou kapab konvenk…anpil moun pou yo sòti nan chemen erè kote yo ye a” pou nou ede yo vin nan konesans Bondye yo a pou sove nanm yo” (Alma 37:8).

Nan yon okazyon, m te akonpaye yon prezidan pieu ak yon evèk pou vizite yon manm ki pat ase aktif. Nan fason trè senp, nou te anseye l sou benediksyon jou Saba a yo. Nou te eksprime amou sensè nou pou li. Li te reponn, “Tout sa m te bezwen sete pou yon moun vin ban m yon akolad,” pou pase men nan kou mwen.” M te kanpe imedyatman, epi m te ba l yon akolad. Jou apre a sete yon dimanch. Frè sa a te vini nan reyinyon Sentsèn nan avèk tout fanmi li.

Pandan yon vizit nan fwaye pou sè yo, Martha, yon sè nan pawas nou an, te di madanm mwen ak yon konpay li pou yo pa janm retounen lakay li ankò. Li te pran desizyon pou l te sispann vin Legliz. Yonn nan enstrikris nan fwaye yo te mande Martha si yo te kapab chante yon kantik ansanm pou dènye fwa sa a, epi li te dakò. Pandan yo tap chante a, yon bagay espesyal te pase. Tikras patikras, Lespri a te kòmanse ranpli sal la. Yo chak te santi l. Kè Martha te kòmanse adousi. Avèk anpil dlo nan je, li te eksprime santiman ki nan kè li bay enstriktris nan fwaye l yo. Se nan moman sa a li te reyalize ke l te konnen levanjil la te vrè. Kounyeya, li te remèsye enstriktris nan fwaye l yo pou vizit la epi l te eksprime dezi pou yo retounen ankò. Depi jou sa a, li te kontinye resevwa yo avèk jwa.

Martha te kòmanse al Legliz avèk jèn ti piti fi l la. Pandan plizyè ane, yo te ale regilyèman, epi Martha pat janm pèdi espwa ke mari l ta vin Legliz avèk li yon jou. Finalman, jou a te rive kote Senyè a te touché kè mari a, epi li te komanse ale avèk yo, epi lòt pitit fi yo a te fè sa tou apre yon ti tan. Fanmi sa a te komanse santi vrè lajwa ki vini lè moun gen levanjil la nan fwaye yo. Depi lè sa a, Martha sèvi te fidèlman kòm prezidant Sosyete Sekou nan pawas nou an, epi mari l sèvi byen nan plizyè apèl nan pieu a. Tout bagay sa yo te kòmanse avèk yon chan ki te chante, yon ti bagay senp ki te touché kè Martha.

Naaman Naaman sete kapitèn lame wa Siri a, sete yon nonm onorab, yon nonm ki te gen gran valè; men tou, li te gen maladi lalèp (gade 2 Wa 5:1). Apre ke l pa t ka jwenn remèd pou maladi a nan men wa Izrayel la, Naaman te ale lakay Elize, pwofèt la. Elize te voye yon mesaj ba li ki te di:

“Al lave kò ou nan Rivyè Jouden an sèt fwa, epi chè ap retounen sou kò ou ankò, epi wap vin pwòp.

“Men, Naaman te fache epi l te te vire do l, epi l te di konsa, Reyèlman, m te panse li tap vin kote m, li tap kanpe, epi l tap rele m nan non Senyè Bondye li a, pou l te lonje men l pou l geri m. …

“Epi sèvitè a te apwoche, epi l te pale avèk li, epi l te di l, mèt mwen, si pwofèt la te mande ou pou ou fè yon gran bagay èske ou pa tap fè l? Eske l pa pi fasil lè l di ou konsa, al lave kò ou epi wap vin pwòp?

“Lè sa, li te desann, epi l te mouye kò l sèt fwa nan Rivyè Jouden an, daprè fason òm Bondye a te di l la: epi che te retounen sou kò l ankò tankou chè yon timoun piti, epi l te pwòp” (2 Wa 5:10–11, 13–14).

Pwofèt nou an, Prezidan Thomas S. Monson, envite nou tout pou na pote sekou bay frè ak sè nou yo. Li di: “Mond la bezwen èd nou. Gen pye pou nou ede mache dwat, ak men pou nou kenbe, ak panse pou nou ankouraje, ak kè pou nou enspire, ak nanm pou nou sove. Benediksyon letènite yo ap tann nou” (“To the Rescue,” Ensign, Me 2001, 48; oswa Liahona, Jiyè 2001, 57).

Mwen temwaye ke anpil nan moun ki bezwen èd nou yo la ap tann nou. Yo pare pou frè ak sè vayan yo lonje lamen pou pote yo sekou atravè ti mwayen piti ki senp. Pèsonèlman, m pase plizyè èdtan ap vizite manm ki inaktif nan Legliz la, epi Senyè a déjà touché kè yo, epi kounyeya, yo pare pou yo resevwa temwayaj nou ak ekspresyon amou sensè nou. Lè nou lonje lamen pou envite yo, yap retounen vin Legliz la san ezitasyon.

An nou lonje lamen bay lòt moun ak lafwa epi avèk amou. An nou sonje pwomès Senyè a:

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa, epi ou sèlman Mennen yon sèl nanm ban mwen al jwa ou ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si jwa ou ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala jwa ou ap anpil si ou ta mennen plis ban mwen!” (D&A 18:15–16).

Mwen rann nou temwayaj mwen konsènan amou Sovè a pou tout pitit Li yo. M konnen Li vivan epi Li se Redanmtè nou an. Nan non Jezikri, amèn.