2010–2019
Anseye avèk pouvwa ak otorite Bondye
Oktòb 2013


Anseye avèk pouvwa ak otorite Bondye.

Senyè a bay tout Sen Dènye Jou ki diy yo mwayen pou yo anseye nan fason Sovè a.

Nou rekonesan anpil anpil pou enstriktè yo toupatou nan Legliz la. Nou renmen nou e nou gen gwo konfyans nan nou. Nou se youn nan gwo mirak nan Levanjil retabli a.

Efektivman, gen yon sekrè pou yon moun vin yon bon enstriktè levanjil, pou anseye avèk pouvwa ak otorite Bondye. Mwen itilize mo sekrè a paske, prensip kote reyisit yon enstriktè chita yo, se sèlman moun ki gen yon temwayaj sou sa k te pase nan maten yon bèl jounene klè nan kòmansman prentan 1820 an, ki ka konprann yo.

Kòm repons pou enb priyè yon tigason katòzan, syèl la te louvri. Bondye, Papa Etènèl la ak Pitit Gason l la, Jezikri, te parèt epi yo te pale avèk Pwofèt Joseph Smith. Retablisman moun t ap tann depi lontan an te kòmanse epi prensip revelasyon an te etènèlman etabli nan dispansasyon nou an. Mesaj Joseph la ak mesaj pa nou pou mond lan, kapab rezime an de mo: “Bondye pale.” Li te pale nan tan lontan an, li te pale avèk Joseph, e l ap pale avèk nou tou. Se sa ki mete nou apa de tout lòt enstriktè nan mond lan. Se poutèt sa nou pa ka echwe.

Nou aple pa lespri pwofesi ak revelasyon epi yo te mete nou apa pa otorite prètriz la. Kisa sa vle di?

Premyèman, sa vle di ke nou nan travay Senyè a. Nou se ajan li, e nou gen otorite ak misyon pou nou reprezante li ak aji nan non li. Antanke ajan li, nou gen dwa resevwa èd li. Nou dwe mande tèt nou : “Kisa Sovè a t ap di si se li t ap ansenye klas mwen an jodia, e kijan li t ap di li?” Apresa nou dwe fè menmjan avèk li.

Responsablite sa a kapab fè anpil moun santi yo pa alawotè oubyen yo vin pè. Chemen an pa difisil. Senyè a bay tout Sen Dènye Jou ki diy yo mwayen pou yo anseye nan fason Sovè a.

Dezyèmman, nou aple pou nou preche Levanjil Jezikri a. Nou pa dwe anseye ide ak filozofi pa nou, menm si l melanje ak ekriti yo. Levanjil la se “puisans Bondye pou sali,”1 e se sèlman gras ak levanjil la nou kapab sove.

Twazyèmman, yo kòmande nou pou nou anseye prensip levanjil yo jan yo ye nan liv kanonik yo nan legliz la, anseye pawòl apot ak pwofèt epòk aktyèl yo, ak anseye sa Sentespri a anseye nou.

Konsa, ki kote pou nou kòmanse?

Premye pigran responsablite nou se viv yon fason pou nou ka gen Sentespri a kòm gid ak konpanyon nou. Lè Hyrum Smith te chèche angaje l nan travay dènye jou sa a, Senyè a te di: “Gade se travay ou sa, pou ou respekte kòmandman m yo ; wi, avèk tout pouvwa ou, panse ou, ak fòs ou.”2 Sa se kote pou nou kòmanse a. Konsèy sa a, Senyè a te bay Hyrum Smith la, se menm konsèy li te bay sen yo nan tout epòk.

Premyè Prezidans lan ap adrese l jodia ak enstriktè yo, pou deklare: “Pati ki pi enpòtan nan sèvis nou se pwòp preparasyon espirityèl pa nou chak jou, sa gen ladann, priyè, etid ekriti yo, ak obeyi kòmandman yo. Nou ankouraje ou pou konsakre tèt ou nan viv levanjil la avèk plis dilijans pase jamè anvan.”3

Sa siyifikan ke Premye Prezidans lan pa di ke pati ki pi enpòtan nan responsablite yon enstriktè se prepare leson yo byen oubyen metrize divès teknik ansèyman yo. Asireman, nou dwe dilijan nan prepare chak leson epi efòse pou nou aprann kòman nou ka anseye pou ka ede etidyan nou yo egzese libabit yo epi pèmèt levanjil la antre nan kè yo, men, premye pati nan travay nou, ki pi enpòtan tou, se pwòp preparasyon espirityèl nou. Si nou konsèy sa a, Premye Prezidans lan pwomèt: “Sentespri a ap ede nou konnen sa pou nou fè. Pwòp temwayaj nou ap grandi, konvèsyon nou ap apwofondi, epi n ap vin gen fòs pou nou afwonte difikilte lavi yo.”4

Ki pi gwo benediksyon yon enstriktè kapab dezire?

Answit, Senyè a kòmande pou, anvan nou chèche deklare pawòl li a, nou dwe chèche pou nou jwenn ni.5 Nou dwe vin gason ak fi byen entèlijan nan sonde ekriti yo avèk dilijans, epi apresye yo nan nan kè nou. Lè sa a, lè nou mande èd Senyè a, l ap ba nou Lespri li ak pawòl li a. Na va gen pouvwa Bondye pou konvenk lèzòm.

Pòl te di nou ke lèzòm resevwa levanjil la nan de fason, an pawòl e avèk puisans.6 Pawòl levanjil la ekri nan ekriti yo, e nou kapab jwenn ni nan chèche avèk dilijans. Puisans levanjil la penetre nan lavi moun k ap viv nan fason pou Sentespri a kapab konpayon yo e ki ap swiv enspirasyon yo resevwa yo. Gen moun ki konsantre yo sèlman sou jwenn pawòl la epi yo vin tounen ekspè nan transmèt enfòmasyon. Gen lòt ki neglije preparasyon yo epi yo espere ke Senyè a, nan bonte li, ap ede yo yon fason kèlkonk pou yo anseye klas la. Nou pa ka atann pou Lespri a ede nou sonje ekriti ak prensip ke nou pa ni etidye ni reflechi sou yo. Pou nou ka byen ansenye levanjil la, nou dwe gen pawol la ak puisans levanjil la nan lavi nou alafwa.

Alma te konprann prensip sa yo lè l t ap pale de pitit gason Mozya yo ak dekri kijan yo te anseye avèk puisans ak otorite Bondye. Li te di:

“Yo te dèzòm entelijan, e yo te fouye ekriti yo avèk dilijans pou yo kapab konnen pawòl Bondye.

“Men se pa tout la sa ; yo te lage kò yo nan anpil priyè, ak jèn ; se poutèt sa, yo te gen… lespri revelasyon.”7

Apresa, nou dwe aprann koute. Eldè Jeffrey R. Holland te anseye prensip sa a pou misyonè yo. Mwen pral site pawòl Èldè Holland yo men, m ap pran libète pou ranplase tèm misyonè ak envestigatè yo respektivman pa tèm enstriktè ak elèv konsa: “Non sèlman responsablite [enstriktè] yo se koute Lespri a, yo gen responsablite pou yo koute [elèv] yo tou … Si nou koute avèk zòrèy espirityèl nou, … [elèv nou yo] va di nou ki leson yo bezwen tande!”

Eldè Holland te kontinye: “Bagay la sèke [enstriktè yo] konsantre twòp sou anseye yon bagay konfòtab, toujou menm nan, pase yo konsantre yo sou [elèv] yo antanke moun endividyèl.”8

Lè nou fin prepare tèt nou epi nou fin prepare leson nou pi byen nou kapab, nou dwe dispoze pou nou kite yo gide nou. Lè nou resevwa enspirasyon diskrèt nan men Sentespri a, nou dwe gen kouraj pou nou mete plan nou yo ak nòt nou yo akote pou nou ale kote enspirasyon sa a dirije nou. Lè nou aji nan fason sa a, leson n ap bay la se pa leson pa nou ankò men li vin leson Sovè a.

Pandan n ap devwe tèt nou pou nou viv levanjil la avèk pi gwo rezolisyon pase jamè anvan epi sonde ekriti yo, nan konsève yo nan kè nou, menm Sentespri sa a, ki te revele pawòl sa yo bay apot ak pwofèt nan tan lontan yo, va temwaye nou de verasite yo. Epitou, Sentespri a va revele nou yo anouvo. Lè sa rive, pawòl nou li yo se pap pawòl Nefi oswa Pòl oswa Alma ankò, men y ap vin pawòl pa nou. Epi apresa, lè n ap anseye, Sentespri a va kapab fè nou sonje tout bagay. Anfèt, “nou pral resevwa nan lè a menm, wi, nan moman an menm, kisa pou nou di.”9 Lè sa rive, n ap etone lè nou wè n ap di yon bagay nou pa t planifye pou nou di. Apresa, si nou pote atansyon, n ap aprann yon bagay nan sa nou di lè n ap anseye a. Prezidan Marion G. Romney te di: “Mwen toujou konnen lè m ap pale sou enspirasyon Sentespri a, paske mwen toujou aprann yon bagay nan sa m ap di yo.”10 Sonje, yon enstriktè se yon elèv tou.

Pou fini, yon enstriktè dwe kanpe kòm yon temwen endepandan de sa l ap anseye yo e pa sèlman repete pawòl ki nan yon manyèl oswa panse lòt moun. Si nou fè yon festen ak pawòl Kris yo epi nou efòse pou pou nou viv levanjil la avèk plis rezolisyon pase anvan, Sentespri a ap manifeste nou ke sa n ap anseye a se verite. Sa se lespri revelasyon an e menm espri sa a ap pote mesaj nou an nan kè moun ki vle resevwa li e ki dispoze pou resevwa li.

Annou fini kote nou te kòmanse a—nan Boskè Sakre a. Akoz sa k te pase nan bèl jou maten sa a, sa pa gen si lontan an, nou gen dwa pou nou anseye avèk pouvwa ak otorite Bondye. Konsènan sa mwen rann temwayaj solanèl ak endepandan mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Women 1:16.

  2. Doktrin ak Alyans 11:20.

  3. Premye Prezidans lan, nan Teaching the Gospel in the Savior’s Way: A Guide to Come, Follow Me: Learning Resources for Youth (2012), 2.

  4. Premye Prezidans lan, nan Teaching the Gospel in the Savior’s Way, 2.

  5. Gade Doktrin ak Alyans 11:21.

  6. Gade 1 Tesalonisyen 1:5.

  7. Alma 17:2–3.

  8. Jeffrey R. Holland, “The Divine Companionship” (diskou nan seminè pou nouvo prezidan misyon yo, Jen 26, 2009), 7, 8, Church History Library, Salt Lake City; italik nan orijinal la.

  9. Doktrin ak Alyans 100:6.

  10. Marion G. Romney, nan Boyd K. Packer, Teach Ye Diligently (1975), 304.