2010–2019
Fòs moral fi yo
Oktòb 2013


Fòs moral fi yo

Tandans natirèl andedan nou pouse nou pou nou fè byen ak pou nou bon moun, epi si nou suiv Sentespri a, otorite ak enfliyans moral nou ap grandi.

Depi nan tan imemoryal, sosyete yo te toujou apiye sou fòs moral fi yo. Byenke se pa sèl enfliyans pozitif ki nan sosyete a, gen prèv ke fondasyon moral fi yo poze yo patikilyèman benefisye tout sosyete a. Petèt paske l toujou prezan, yo pa toujou souzestime kontribisyon sa a fi yo pote a. Mwen vle eksprime rekonesans mwen pou enfliyans bon fi, idantifye kèk nan filozofi ak tandans ki menase fòs ak plas fi yo, ak mande yo pou yo kiltive enfliyans moral ki tou natirèl nan yo a.

Fi yo ne avèk yon sèten vèti lè yo fèt, yon don divin ki fè yo ekspè nan enspire kalite tankou lafwa, kouraj, afinite, ak rafinman nan relasyon yo ak nan kilti yo. Lè l t ap louwe “lafwa sensè” li te jwenn nan Timote a, Pòl te fè remake ke lafwa sa a “abite dabò nan grann ou, Lois, ak nan manman ou Eunice.”1

Sa gen kèk ane, pandan m t ap viv Meksik, mwen te pèsonèlman obsève sa Pòl te vle di a. M raple m yon sèten jèn manman, youn nan plizyè pami fi yo nan Legliz la nan Meksik ke lafwa yo nan Bondye anbeli lavi si natirèlman ke yo sanble yo pa menm konsyan de sa. Bon madanm sa a te degaje yon otorite moral ki te soti nan bonte li ki te enfliyanse tout moun bòkote li pou byen. Avèk mari li, li te sakrifye yon pakèt plezi ak byen materyèl pou priyorite ki te pi elve, aparaman san okenn ezitasyon. Kapasite li pou akonpli eksplwa pou edifye pitit li yo te prèske depase natirèl. Li te gen anpil responsablite epi tach li te souvan repetitif ak banal, men akote tout sa, li te konsève yon bèl serenite, yon sans responsablite nan travay Bondye a. Menmjan ak Sovè a, sa te fè l santi l elve pou l te beni lòt moun pa mwayen sèvis ak sakrifis. Li sete lanmou pèsonifye.

Mwen remakableman beni pa enfliyans moral fi yo, an patikilye manman m ak madanm mwen. Pami lòt fi m konsidere avèk rekonesans yo, gen Anna Daines. Anna ak mari li, Henry, ak kat pitit yo te fè pati piyonye Legliz la nan New Jersey nan Etazini. Kòmanse nan ane 1930, kote Henry sete yon etidyan ki t ap etidye doktè nan Inivèsite Rutgers, li menm ak Anna te travay san rete nan lekòl ak òganizasyon sivik yo nan Metuchen, kote yo te abite a, pou te simonte diskriminasyon ki te pwofondeman anrasinen kont Mòmon yo ak pou rann kominote a yon pi bon kote pou tout paran yo te elve pitit yo.

Anna, pa egzanp, te pòte l volontè nan YMCA Metuchen nan e li te rann tèt li endispansab. Nan lespas yon ane, yo te rele kòm prezidan Okisilyè pou Manman yo epi apresa “yo te mande l pou l te aplike pou youn nan twa pozisyon pou fi yo nan konsèy administrasyon YMCA a. Li te ranpòte laviktwa san opozisyon, epi konsa, li te antre nan komite sa a menm ki, sa pa t gen twò lontan, te refize kite Sen yo reyini nan bilding yo a!”2

Fanmi m te bwote al nan pawas Nouvo Brunswick la lè m te adolesan. Sè Daines te remake mwen e souvan li te eksprime konfyans li nan kapasite m ak potansyèl mwen, sa k te enspire m pou m te gen pi gwo anbisyon---pi gwo pase m t ap genyen san ankourajman li. Yon fwa, gras ak yon avètisman m te resevwa atan nan men li, mwen te eviteyon sitiyasyon ki t ap vin mennen nan regrè. Malgre l pa la ankò, nou kontinye santi enfliyans Anna Daines e li reflete nan lavi pitit li yo ak lòt desansan li ak anpil lòt moun, enkli mwen menm.

Grann mwen, Adena Warnick Swenson, te anseye m pou m te toujou dilijan nan responsablite m nan prètriz la. Li te ankouraje m pou m te aprann benediksyon sentsèn yo sou pen an ak dlo a pa kè, kote l te eksplike m ke nan fason sa a m te ka eksprime yo avèk plis santiman ak pi bon konpreyansyon. Obsève kijan li te soutni granpapa m, patriyach pye a, te aprann mwen respè pou bagay ki sakre. Grann Swenson pa t janm aprann kondui yon machin, men li te konn kijan pou anseye ti mesye yo pou yo te vin bon gason nan prètriz la.

Pa gen okenn lòt kote moun ka pi grandman santi enfliyans moral yon fi oubyen kote li pi byen anplwaye pase nan fwaye a. Pa gen okenn lòt kote ki pi bon pou elve jenerasyon k ap grandi a pase andedan fanmi tradisyonèl la, kote yon manman ak yon papa ap travay ansanm pou okipe, enstwi, ak edike pitit yo. Lè ideyal sa a pa egziste, moun eseye repwodui avantaj li yo osi byen yo kapab, selon sitiyasyon pèsonèl yo.

Nan tout sans, yon manman kapab egzèse yon enfliyans okenn lòt moun pa ka egale nan okenn lòt relasyon. Pa pouvwa egzanp li ak ansèyman li, pitit gason l aprann respekte fi ak entegre disiplin ak prensip moral elve nan lavi pèsonèl pa yo. Pitit fi l yo aprann kiltive vèti pèsonèl yo epi yo aprann defann sa ki byen, ankò epi ankò, kèlkeswa jan yo enpopilè. Lamnou yon manman ak gwo espwa li mennen pitit li aji an responsab san chèche eskiz, pou konsidere etid ak devlopman pèsonèl yo trè oserye, ak pou pote kontribisyon yo nan byennèt lòt moun bò kote yo. Èldè Neal A. Maxwell te di yon fwa: “Lè veritab istwa mond lan va totalman revele, èske l pral rapòte son fizi k ap tire oswa son melodi chante pou bèse? Sòlda k ap bay trèv oswa fi k ap etabli lapè nan fwaye yo ak nan katye yo? Èske sa k ap pase nan bèso yo ak nan kuizin yo pral revele yo pi enpòtan pase sa ki pase nan kongrè yo?”3

Sa ki pi sakre se wòl yon fi nan kreyasyon lavi a. Nou konnen ke kò fizik nou gen yon orijin divin4 epi nou dwe fè eksperyans nesans fizik ak yon renesans espirityèl pou ka atenn pi gwo degre nan wayòm selès Bondye a.5 Konsa, fi yo jwe yon wòl esansyèl, (pafwa nan risk pwòp lavi yo), nan travay Bondye a ak glwa li pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”6 Antanke grann, manman, ak modèl, fi yo te toujou gadyen sous lavi, pou anseye chak jenerasyon sou enpòtans pite seksyèl---sou chastete anvan maryaj ak fidelite apre maryaj. Nan fason sa a, yo te toujou egzèse yon enfliyans sivilizatè nan sosyete a; yo fè resòti sa k pi bon lakay lòm nan; yo kreye anviwonman sen pou elve timoun ekilibre ak an sante.

Sè m yo, mwen pa vle louwe nou aleksè jan nou pafwa fè nan diskou Jou Fèt manman yo ki fè nou malalèz yo. Nou pa oblije pafè;7 e m pa di nou pafè (sof yon eksepsyon posib ki chita tou pre m nan la a). Sa m vle di sèke, keseswa nou selibatè oswa marye, keseswa nou gen timoun ou pa, keseswa nou jèn oubyen aje oubyen ant de laj sa yo, otorite moral nou enpòtan e petèt yo kòmanse pran otorite sa a avèk nou menm kòm yon bagay evidan. Sètènman gen tandans ak fòs k ap travay pou febli e menm elimine enfliyans nou, pou gwo dezavantaj moun yo endividiyèlman, pou fanmi yo, ak sosyete a annantye. Kite m mansyone twa kòm yon mizangàd ak yon avètisman.

Yon filozofi danjere k ap minen enfliyans moral fi yo se tandans pou devalorize maryaj ak wòl fi yo kòm madanm ak manman nan fwaye a. Gen kèk moun ki konsidere tach menajè yo avèk gwo mepri, yo di sa devalorize fi yo epi egzijans konstan ki genyen nan elve timoun yo se yon fòm eksplwatasyon.8 Yo ridikilize sa yo rele “manman pwofesyonèl”, kivledi moun ki chwazi manman kòm karyè yo. Sa enjis e sa pa bon. Nou pa diminye valè sa fi yo ak gason yo ap akonpli nan kèlkeswa antrepriz oswa karyè diy ke yo antreprann nou tout benefisye nan bagay sa yo men, nou konsyan ke pa gen anyen ki pi bon pase djòb manman ak papa nan yon maryaj. Pa gen okenn karyè ki pi siperyè, ni okenn montan lajan, okenn otorite, oswa siksè piblik ki ka depase rekonpans siprèm fanmi an. Kèlkeswa lòt bagay yon fi ka akonpli, pa gen okenn lòt kote enfliyans moral li ka pi byen anplwaye pase nan fanmi an.

Atitid anvè seksyalite imen an menase otorite moral fi yo nan plizyè aspè. Avòtman pou rezon konvenans pèsonèl oubyen sosyal atake nannan pouvwa ki pi sakre fi yo e detwi otorite moral yo. Se menm bagay la tou pou imoralite seksyèl, ak abiye ak rad endesan ki non sèlman rabese fi yo men ranfòse mansonj ki di ke se seksyalite fi yo ki defini valè yo a.

Te toujou gen yon diskriminasyon ki di pou fi yo veye zo yo nan zafè seksyalite, pandan ke yo eskize imoralite gason yo. Karaktè enjis diskriminasyon sa a klè, e yo te byen fèt kritike li ak rejte li. Nan rejte l la, yon moun ta ka espere ke gason yo t ap egzije tèt yo menm prensip moral avèk fi yo, men se opoze a ki fèt---yo ankouraje fi yo ak jènfi yo kounyeya pou yo osi liberal ke gason yo nan ansyen diskriminasyon an. Kote yon fwa prensip moral fi yo te mande angjman ak responsablite nan men gason yo, kounyeya nou gen relasyon seksyèl san konsyans, dè fanmi san papa, ak pòvrete k ap ogmante. Egalite nan imoralite a senpleman retire enfliyans moral fi yo nan men yo e degrade tout sosyete a.9 Nan agisman san valè sa a, se gason yo ki “libere” epi fi yo ak timoun yo ki soufri plis.

Yon twazyèm bagay ki preyokipe nou se moun ki, nan non egalite yo, vle efase tout diferans ki genyen ant maskilen ak feminen yo. Souvan, sa montre nan pouse fi yo pou yo adopte plis trè maskilen---pou yo vin pi agresif, andisi, ak renmen konfwontasyon. Kounyeya, sa komen nan fim yo ak jwèt videyo yo pou wè fi nan wòl teribleman vyolan, k ap kite moun mouri ak destriksyon sou pasaj yo. Se yon bagay tris pou wè gason nan wòl sa yo e sa pi tris toujou lè se fi yo ki ap pwodui ak soufri vyolans la.

Ansyen prezidant jeneral Jènfi a, Margaret D. Nadauld, te anseye: “Fi Bondye yo pa p janm ka pèmèt yo vin tankou fi ki pa nan alyans yo. Mond lan gen ase fi ki andisi; nou bezwen fi ki gen tandrès. Mond lan gen ase fi ki brital; nou bezwen fi ki emab. Gen ase fi ki gwosyè; nou bezwen fi ki rafine. Nou gen ase fi selèb ak rich; nou bezwen plis fi ki gen lafwa. Nou gen ase konvwatiz; nou bezwen plis bonte. Nou gen ase vanite; nou bezwen plis vèti. Nou gen ase popilarite; nou bezwen plis pite.”10 Nan efase diferans ant maskilen ak feminen sa yo, nou pèdi don distenktif ak konplemantè gason ak fi genyen yo, ki ansanm pwodui yon gwo antye a.

Priyè mwen pou fi yo ak jènfi yo jodia se pou pwoteje ak kiltive fòs moral ki andedan yo a. Prezève vèti natirèl sa a ak don inik yo nou pote avèk nou nan mond lan. Tandans natirèl lakay nou pouse nou pou nou fè byen ak pou nou bon moun, epi si nou suiv Sentespri a, otorite nou ak enfliyans moral nou ap grandi. Pou nou menm jènfi yo m ap di: pa pèdi fòs moral sa a anvan menm ke l totalman devlope nan nou an. Veye pi patikilyèman pou langaj nou ka pwòp, pa gwosye; pou abiman nou reflete modesti, pa vanite; pou konduit nou montre pite, pa imoralite. Nou pa ka ede lòt moun vin gen vèti si nou menm nou pa gen vèti.

Sè m yo, nan tout rapò nou, se sèl relasyon nou avèk Bondye, Pè Selès nou an, ki se sous fòs moral nou an, ke nou dwe toujou mete anpremye nan lavi nou. Sonje ke pouvwa Jezi te soti nan devosyon total li pou fè volonte Papa a. Li pa t janm ekate l de sa ki te fè Papa l plezi.11 Eseye pou nou kalite disip sa a pou Papa a ak Pitit la, epi enfliyans nou pa p janm bese.

Epi se pou nou pa pè egzèse enfliyans sa a san krent ni eskiz. “Se pou n toujou pare pou n toujou bay yon repons pou chak [gason, fi, ak timoun] ki mande nou rezon esperans sa a ki nan nou an.”12 “Preche pawòl la; mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans; rale zòrèy, bay konsèy, egzòte avèk tout pasyans nan anseye yo.”13 “Elve pitit nou yo nan limyè ak verite.”14 “Anseye [yo] ... pou yo priye, pou yo mache dwat devan Senyè a.”15

Se pou okenn moun pa chwazi pou volontèman mal entèprete egzòtasyon sa yo pou fi yo. Nan louwe ak ankouraje fòs moral kay fi yo, mwen pa di ke gason yo ak tigason yo pa anba obligasyon pou yo defann laverite ak lajistis tou, ke responsablite yo pou sèvi, pou fè sakrifis, ak ede a mwens pase pa fi yo oubyen pou kite yo bay fi yo. Frè m yo, annou travay avèk fi yo, pataje fado yo, ak kiltive pwòp otorite moral nou an patnè avèk yo.

Chè sè m yo, nou konte sou fòs moral n ap pote nan mond lan, nan maryaj, nan fanmi, nan Legliz la. Nou apiye nou sou benediksyon nou rale soti nan syèl la yo, pa priyè nou yo ak lafwa nou. Nou priye pou sekirite nou, byennèt nou ak bonè nou, ak pou yo soutni enfliyans nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. 2 Timote 1:5.

  2. Orson Scott Card, “Neighborliness: Daines Style,” Ensign, Avr. 1977, 19.

  3. Neal A. Maxwell, “The Women of God,” Ensign, Me 1978, 10–11.

  4. Gade Moyiz 2:27.

  5. Gade Moyiz 6:57–60.

  6. Moyiz 1:39.

  7. “Sa gen yon syèk, espesyalis atachman an, John Bowlby, te dekouvri ke lyen ki kreye pa pil relasyon afeksyon ant yon manman ak pitit li se fondman esansyèl pou devlopman sosyo emosyonèl. … Sara Ruddick, espesyalis feminen an, idantifye ‘amou atantif’ yon manman kòm sant efikasite wòl parantal la. “Je pasyan lanmou an’ pèmèt manman yo akeri yon konesans patikilye sou pitit yo—yon konesans ki ba yo yon ide san parèy sou sa “pi bon pratik” pou chak timoun ta dwe vrèman ye” (Jenet Jacob Erickson, “Love, Not Perfection, Root of Good Mothering,” Deseret News, May 12, 2013, G3).

  8. Se vre ke pandan dè jenerasyon yo te eksplwate anpil fi oubyen chaje yo anba fado enjis nan fanmi yo ak nan travay yo, men dezenteresman ak sakrifis pa ta dwe vin abi ni eksplwatasyon. Èldè Bruce C. Hafen, nan Swasanndis yo, te obsève: “Si ‘devwe’ vledi pou yon fi abandone pwòp idantite li ak pwogresyon pèsonèl li, konsepsyon sa a sou devouman an pa bon. ... Men chema liberal jodia yo al twò lwen nan lòt sans lan, yo klase fi yo nan yon kategori ki eksesivman endepandan de fanmi yo. Yon atitid pi klè sèke mari yo ak madanm yo depandan youn de lòt. ... Kritik yo ki deplase manman yo soti nan depandans pou al nan endepandans yo kite jis milye entèdepandans lan. Moun ki deplase manman yo soti nan devouman pou al nan egoyis yo kite jis milye sèvi libreman konsanti a ki ki kontribye nan pwogresyon pèsonèl fi a. Akoz eksè sa yo, deba sou valè wòl manman yo iwonikman lakoz sosyete a an jeneral diminye non sèlman manman yo men fi an jeneral” (“Motherhood and the Moral Influence of Women” [remarks to the World Congress of Families II, Geneva, Plenary Session IV, Nov. 16, 1999], http://worldcongress.org/wcf2_spkrs/wcf2_hafen.htm).

  9. Nan yon editoryal nan Wall Street Journal, yon manman te obsève: “Aleksepsyon kèk Mòmon, evanjelik, ak Juif Òtodòks, pifò nan nou pa konn kijan pou anseye pitit gason ak pitit fi nou yo pou yo pa lage kò yo bay si fasilman konsa. ... Poutan, nan sèk zanmi m yo, dezi pou retounen nan chastete a fò. M pa konn youn nan yo ki pa santi yo enkonfòtab lè y ap panse ak pwòp pase seksyèl pa yo. Epi pa gen okenn fi nan pami tout sa m pale sou sijè a avèk yo ki di yo regrèt yo pa t “fè sa pi plis.” (Jennifer Moses, “Why Do We Let Them Dress Like That?” Wall Street Journal, Mar. 19, 2011, C3).

  10. Margaret D. Nadauld, “The Joy of Womanhood,” Ensign, Nov. 2000, 15; or Liahona, Jan. 2001, 18.

  11. Gade Jan 8:29.

  12. 1 Pyè 3:15.

  13. 2 Timote 4:2.

  14. Doktrin ak Alyans 93:40.

  15. Doktrin ak Alyans 68:28.