2010–2019
Vrè bèje yo
Oktòb 2013


Vrè Bèje yo

Ansèyman nan fwaye reponn anpil priyè e pèmèt nou wè transfòmasyon ki ka fèt nan lavi moun.

Aswè a nan Sant Konferans lan nan Salt Lake City ak nan lòt kote ki pwòch ak lwen, moun ki detni prètriz Bondye yo rasanble. Vrèman nou se yon “prètriz wayal”—menm “yon jenerasyon chwazi” jan Apot Pyè te deklare a.1 Mwen santi m onore pou privilèj m genyen pou m pale avèk nou an.

Lè m te jèn, chak ete, fanmi m te konn kondui ale nan Canyon Provo a, apeprè (72 km) nan Sid e yon ti kras nan Lès Salt Lake City, kote nou te konn rete nan kabin familyal la pandan plizyè semèn. Nou menm, tigason yo, tout sousi nou sete pou ale peche nan rivyè a oswa al naje nan twou dlo a, epi nou te konn ap eseye ankouraje papa m pou l kondui machin nan pi vit. Nan epòk sa yo, otomobil papa m te genyen an sete yon Osmobil 1928. Lè l te konn depase (56 km) alè, manman m te konn di: “Ralanti! Ralanti!” M te konn di: “Akselere, papa! Akselere!”

Papa m te konn eseye kondui apeprè 35 kilomèt alè sou tout wout pou al nan Provo Canyon nan oubyen jiskaske nou te konn rive nan yon viraj sou wout la epi vwayaj nou te stope pa yon twoupo mouton. Nou te konn gade pandan dè santèn mouton t ap defile pase bò kote nou, aparaman san yon bèje, ak kèk chyen k ap jape pandan y ap avanse a. Byen lwen dèyè toupo a, nou te ka wè gadyen mouton an sou cheval li—san brid men avèk yon kòd. Li te konn pafwa panche sou sèl la ap kabicha, paske cheval la te konnen ki wout pou l te fè epi chyen yo k t ap jape a t ap fè travay la.

Konpare sa avèk yon sèn mwen te wè nan Munich, an Almay, sa gen kèk ane. Sete yon Dimanch maten, epi nou te nan wout pou nou t al nan yon konferans misyonè. Pandan m t ap gade nan vit machin prezidan misyon an, m te wè yon bèje avèk yon baton nan men li, ki t ap dirije twoupo mouton an. Yo te suiv li tout kote l te ale. Si l te al agoch, yo te suiv li agoch. Si l te fè adwat, yo te suiv li nan direksyon sa a. Mwen te fè konparezon ant vrè bèje a k ap dirije mouton l yo ak gadyen mouton an ki t ap kondui ak neglijans dèyè mouton yo.

Jezi te di: “Mwen se bon bèje a, e m konnen mouton m yo.”2 Li ba nou egzanp pafè sou sa yon vrè bèje vle di.

Frè m yo, antanke detantè prètriz Bondye a, nou gen responsablite pou nou veye sou twoupo a. Nan sajès li, Senyè a ba nou direksyon pou nou ka vin bèje pou fanmi yo nan legliz la, kote nou ka sèvi yo, anseye yo, e rann yo temwayaj. Se sa nou rele vizit nan fwaye, e se osijè sa mwen pral pale avèk nou aswè a.

Nan chak pawas nan legliz la, evèk la sipèvize tach detantè prètriz yo kòm enstriktè nan fwaye pou al vizite lakay manm yo chak mwa. Yo ale pa de. Kote sa posib, yon jènjan ki se yon prèt oswa yon enstriktè nan prètriz Aawon an akonpaye yon grandèt ki detni prètriz Mèlkisedèk la. Lè yo ale lakay moun yo responsab pou vizite yo, detantè prètriz Aawon an dwe patisipe nan ansèyman k ap fèt la. Ansèyman sa a ap ede prepare jènjan sa yo pou misyon osibyen pou tout yon lavi sèvis nan prètriz la.

Pwogram vizit nan fwaye a se repons pou yon revelasyon modèn, ki bay moun ki òdone nan prètriz yo tach pou yo “anseye, eksplike, egzòte, batize ... epi vizite kay chak manm pou egzòte yo pou yo priye awotvwa an sekrè, epi pou yo akonpli tout devwa familyal, ... pou yo toujou veye sou legliz la, se pou l avèk yo epi pou l fòtifye yo; epi pou l pa kite gen inikite nan legliz la, ni mechanste youn kont lòt, ni manti, kalomni, ni medizans.”3

Prezidan David O. McKay te konseye: “Ansèyman nan fwaye se youn nan responsablite ki pi ijan ak pi rekonpansan nou genyen pou edifye ak enspire, konseye ak gide pitit Papa nou yo. … [Se] yon sèvis diven, se yon apèl diven. Se devwa nou antanke enstriktè nan fwaye pou nou pote … espri sa a nan chak fwaye ak nan chak kè. Si yon [enstriktè] pitit Bondye yo, ki [nòb] ak devwe, renmen travay sa a epi l fè tout sa li kapab, l ap resevwa lapè, lajwa, ak yon gwo satisfaksyon.”4

Nan Liv Mòmon an nou li ke Alma “te konsakre tout prèt ak tout enstriktè yo, e you youn pa t konsakre si yo pa t moun jis.

“Se poutèt sa, yo te voye je sou pèp yo a, e yo te nouri yo avèk nouriti lajistis.”5

Lè nou ranpli responsablite nou kòm enstriktè nan fwaye, nou saj si nou aprann ak konprann pwoblèm manm chak fanmi genyen, pou nou ka efikas nan anseye yo ak nan pote èd yo bezwen an.

Yon vizit nan fwaye ap pi byen reyisi si nou pran yon randevou alavans. Pou m ilistre pwen sa a, kite m pataje avèk nou yon eksperyans mwen te fè sa gen dèzane. Nan epòk la, Komite Egzekitif Misyonè a te konpoze pa Spencer W. Kimball, Gordon B. Hinckley, ak Thomas S. Monson. Yon jou swa, Frè Hinckley ak Sè Hinckley te envite manm komite a ak konjwen yo nan yon dine lakay yo. Nou te fèk fin manje yon bon ti manje lè nou te tande frape nan pòt la. Prezidan Hinckley te louvri epi l te wè youn nan enstriktè nan fwaye l kanpe devan pòt la. Enstriktè nan fwaye a te di: “Mwen konnen m pa t pran randevou pou m vini, e konpayon m pa avèk mwen, men mwen te santi m te dwe vini aswè a. Mwen pa t konnen si w t ap resevwa moun.”

Prezidan Hinckley te jantiman envite enstriktè nan fwaye a antre vin chita pou enstwi twa Apot yo ak madanm yo sou devwa nou kòm manm legliz la. Avèk yon ti anksyete, li te fè sa l te kapab. Prezidan Hinckley te remèsye li dèske l te vini, epi apre sa enstriktè a te kouri ale.

M ap mansyone yon lòt egzanp ankò sou move fason pou nou fè vizit nan fwaye. Prezidan Marion G. Romney, ki te konseye nan Premye Prezidans lan sa gen dèzane, te konn pale nou de enstriktè nan fwaye li ki te vin lakay li yon swa kote l te fè frèt anpil. Li te kenbe chapo l nan men li epi l te konpòte l avèk nèvozite lè yo te envite l pou l te chita pou l te bay mesaj la. Pandan ke l te tou kanpe a, li te di: “Bon, ou m ap di ou, Frè Romney, li fè frèt deyò a, e m kite motè machin nan ap mache pou l pa kanpe. Mwen vini jis pou m ka di evèk la mwen te fè vizit mwen yo.”6

Apre l te fin rakonte eksperyans Frè Romney a nan yon reyinyon avèk detantè prètriz yo, Prezidan Ezra Taft Benson te di: “Nou ka fè pi byen pase sa, frè m yo—pi byen anpil!”7 Mwen dakò.

Enstriksyon nan fwaye se plis pase yon vizit nou fè machinalman yon fwa pa mwa. Nou gen responsablite pou nou anseye, enspire, motive, e kote nou vizite moun ki inaktif yo, pou fè yo retounen vin aktif ankò, epi prepare egzaltasyon final pitit gason ak pitit fi Bondye yo.

Pou ede nou nan travay sa a, m ap site konsèy saj sa a ki asireman aplike pou tout enstriktè nan fwaye. Se Abraham Lincoln ki te di: “Si nou vle yon moun vin jwenn nou, nou bezwen toudabò konvenk li ke nou se yon zanmi sensè.”8 Prezidan Ezra Taft Benson te di: “Anvan tout bagay, se pou nou yon veritab zanmi pou moun yo ak fanmi yo n ap anseye a. … Yon zanmi fè plis pase yon sèl vizit chak mwa, pa devwa. Yon zanmi pi sousye pou ede moun pase resevwa louwanj. Yon zanmi sousye. Yon zanmi [montre lanmou li]. Yon zanmi koute, epi yon zanmi lonje lamen pou ede.”9

Enstriksyon nan fwaye reponn anpil priyè e pèmèt nou wè chanjman ki fèt nan lavi moun.

Yon egzanp sou sa se t ap Dick Hammer, ki te vin Uta avèk Kò Sivil pou Pwoteksyon an pandan Gwo Depresyon an. Pandan l te la a, li te rankontre yon fi Sen Dènye Jou e yo te marye. Li te louvri Dick’s Café nan St. George, nan Utah, ki te vin yon lye rankont popilè.

Yo te bay Willard Milne, yon zanmi mwen, tach kòm enstriktè nan fwaye pou fanmi Hammer. Paske m te konnen Dick Hammer tou, m te konn enprime menu pou kafe l la, mwen te konn mande zanmi m nan, Frè Milne, lè m te konn al vizite St.George, “Kijan zanmi nou Dick Hammer ap pwogrese?”

Repons la sete jeneralman: “L ap pwogrese, tou dousman.”

Lè Willard Milne ak konpayon li te konn al vizite kay Hammer yo chak mwa, yo te toujou debwouye yo pou prezante yon mesaj levanjil e pataje temwayaj yo avèk Dick ak fanmi li.

Ane te pase, epi yon jou, Willard te telefone mwen pou anonse m bòn nouvèl la: Li te di: “Frè Monson, Dick Hammer konvèti e li pral batize. Li prèske gen 90 zan, e nou zanmi depi lè nou te nan laj adilt. Dezisyon l lan rechofe kè mwen. Sa fè dèzane depi m se enstriktè nan fwaye li.” Te gen yon emosyon nan vwa Willard lè l t ap ban m mesaj sa a m te kontan tande a.

Frè Hammer te anfèt batize epi ennan apre li te antre nan bèl tanp St. George la pou l te resevwa benediksyon dotasyon li ak sèlman li.

M te mande Willard: “Èske ou te janm dekouraje antanke enstriktè nan fwaye li pandan si lontan konsa?”

Li te reponn: “Non, sa te vo lapèn. Kounyeya m konstate lajwa manm fanmi Hammer yo resevwa, kè m ranpli ak gratitid pou benediksyon levanjil la pote nan lavi yo ak pou privilèj mwen te genyen pou te ede yo nan yon tifason. Mwen se yon moun ki kontan.”

Frè m yo, se pral privilèj nou atravè ane yo pou n vizite ak anseye plizyè kalite moun—moun ki inaktif osibyen ke moun ki totalman angaje. Si nou gen konsyans nan apèl nou an, n ap jwenn anpil opòtinite pou beni lavi. Vizit nou pral rann moun ki elwaye yo de legliz la kapab se kle ki ap finalman louvri pòt pou yo retounen.

Avèk panse sa a nan lespri nou, annou lonje lamen bay moun nou responsab yo pou mennen yo sou tab Senyè a pou yo vin fè festen ak pawòl li ak jwi konpayi Lespri li, e annou “pa etranje ankò, ni moun ki depasaj, men sitwayen avèk sen yo, moun kay Bondye.”10

Si gen nenpòt nan nou ki ta neglije fè vizit nan fwaye nou, kite m di ke pa gen pi bon moman pase kounyeya pou nou rededikase tèt nou pou n akonpli devwa vizit nan fwaye nou yo. Deside kounyeya pou nou fè tout efò nesesè pou n lonje lamen bay moun yo ba nou responsab yo. Gen moman k ap rive kote yon ti ankourajman anplis ka nesesè, pou ede konpayon vizit nan fwaye ou jwenn tan pou akonpaye ou, men si w pèsevere, w ap reyisi.

Frè m yo, efò nou nan zafè vizit nan fwaye yo ap pèmanan. Travay la pap janm fini jiskaske Senyè ak Mèt nou an di: “Sa sifi.” Gen lavi pou nou klere, kè pou nou touche, nanm pou nou sove. Nou gen privilèj sakre pou nou klere, touche, ak sove nanm presye sa yo yo konfye nou an. Nou dwe fè sa fidèlman avèk kè nou ranpli ak lajwa.

Pou fini, m ap itilize yon egzanp patikilye pou dekri ki kalite enstriktè nan fwaye nou dwe ye. Gen yon Enstriktè ki te pi gran pase tout lòt. Li te anseye sou lavi ak lanmò, sou devwa ak destine. Li te viv non pa pou yo te sèvi li, men pou l te sèvi, non pa pou l te resevwa, men pou l te bay, non pa pou sove lavi li men pou l te sakrifye l pou lòt moun. Li te dekri yon lanmou pi bèl pase luxure, yon pòvrete pi rich pase trezò. Yo te di apwopo Enstriktè sa a ke Li te anseye avèk otorite e non pa jan eskrib yo te fè a.11 Lwa l yo pa t grave sou wòch men yo te nan kè lèzòm.

M ap pale de Mèt Enstriktè a, ki se Jezikri, Pitit Gason Bondye a, Sovè ak Redanmtè tout limanite. Resi Bib la di konsènan li ke li “te ale toupatou ap fè byen.”12 Avèk li menm kòm gid enfayib ak egzanplè nou, nou ka kalifye pou resevwa èd divin ni pou vizit nan fwaye nou yo. Lavi apral beni. Kè pral rekonfòte. Nanm va sove N ap vin vrè bèje. Pou nou fè sa mwen priye, nan non Jezikri amèn.