2010–2019
Desizyon pou letènite
Oktòb 2013


Desizyon pou letènite

Li enpòtan pou pwogresyon espirityèl nou, kounyeya ak pou letènite, pou nou itilize libète pou pran desizyon nou an avèk sajès.

Chè frè m ak sè m yo, chak jou se yon jou desizyon. Prezidan Thomas S. Monson anseye nou ke “desizyon nou yo detèmine destine nou.”1 Li enpòtan pou pwogresyon espirityèl nou, kounyeya ak pou letènite, pou nou itilize libète nou pou pran pwòp desizyon nou yo avèk sajès. Nou pa janm twò jèn pou n aprann, ni twò granmoun pou nou chanje. Dezi nou pou nou aprann ak chanje a soti nan yon bezwen ki divinman enplante nan nou pou n chèche pwogresyon etènèl.2 Chak jou pote opòtinite pou nou pran desizyon pou letènite.

Nou se moun etènèl—pitit espri paran selès. Bib la rakonte ke “Bondye te kreye lòm nan pwòp imaj li, … li te kreye yo gason ak fi.”3 Dènyèman, m te tande yon koral timoun ki t ap chante bèl chan sa a: “Je suis enfant de Dieu.”4 Mwen te mande tèt mwen: “Poukisa mwen pa tande manman ak papa fidèl yo chante chan sa a pi souvan ?” Èske nou tout tout se pa pitit Bondye nou ye? Anverite, okenn nan nou pa p janm ka janm anpeche ke l se yon pitit Bondye!

Antanke pitit Bondye, nou dwe renmen li ak tout kè nou ak tout nanm nou, menm plis pase nou renmen paran terès nou yo.5 Nou dwe renmen pwochen nou kòmsi yo sete frè ak sè nou. Okenn kòmandman pa pi gran pase kòmandman sa yo.6 Epi nou dwe toujou respekte valè lavi imèn an, atravè chak nan etap li yo.

Ekriti yo anseye ke kò a ak lespri a se nanm lòm.7 Paske nou konpoze de de pati, nou chak kapab remèsye Bondye pou don inestimab kò nou ak espri nou yo.

Kò imen an

Ane m te pase ap travay kòm doktè yo fè m gen yon pwofon respè pou kò imen an. Kreye pa Bondye kòm yon kado li ba nou, li absoliman ekstraòdinè! Panse ak je nou ki wè, zòrèy nou ki tande, ak dwèt nou ki santi tout bagay ekstraòdinè ki antoure nou yo. Sèvo nou fè nou aprann, panse, ak rezone. Kè nou ponpe san rete, lajounen kou lannuit, pratikman san nou pa rann nou kont.8

Kò nou pwoteje tèt li. Doulè vini kòm yon avètisman pou di nou yon bagay pa mache byen e l bezwen atansyon. Maladi enfeksyon frape nou tanzantan, epi lè sa rive, antikò fòme pou ogmante rezistans nou pou anpeche plis enfeksyon.

Kò nou repare tèt li poukont li. Blese ak grafiyen geri. Zo kase kapab vin solid ankò. Pou m site jis yon ti egzanp sou pil kalite etonan yo Bondye bay kò nou an.

Malgre sa, sanble ke nan chak fanmi, si se pa nan chak moun, gen kèk kondisyon fizik ki egziste ki mande swen patikilye.9 Senyè a bay yon machasuiv pou fè fas ak sitiyasyon sa yo. Li di: “M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; … paske, si yo gen imilite devan m … epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb yo vin fò pou yo.”10

Gen espri mèveye ki souvan abite nan kò ki enpafè.11 Don yon kalite kò konsa kapab fòtifye yon fanmi pandan ke paran yo ak frè ak sè yo ap volontèman bati lavi yo pou adapte ak timoun sa a ki fèt avèk bezwen espesyal la.

Pwosesis vyeyisman an se yon kado Bondye tou, menm jan ak lanmò tou. Lanmò kò mòtèl nou an esansyèl pou gwo plan bonè Bondye a.12 Poukisa? Paske lanmò ap pèmèt lespri nou retounen al jwenn ni.13 Nan yon pèspektiv etènèl, se moun ki pa prepare pou rankontre Bondye yo sèlman ki konsidere ke lanmò vin twò bonè.

Etandone kò nou se yon pati ki si enpòtan konsa nan plan etènèl Bondye a, se pa etonan ke Apot Pòl te dekri li kòm yon “tanp Bondye.”14 Chak fwa nou gade nan yon glas, konsidere kò nou kòm tanp nou. Verite sa a—nou dwe rekonesan pou li chak jou a—kapab pozitivman enfliyanse desizyon nou sou fason n ap pran swen kò nou ak fason n ap itilize li. Epi desizyon sa yo ap detèmine destine nou. Kijan sa ka fèt? Paske kò nou se tanp pou espri nou. Epi fason nou itilize kò nou afekte espri nou. Kèk nan desizyon ki pral detèmine destine etènèl nou yo gen ladan yo:

  • Ki fason nou pral chwazi pou n pran swen kò nou ak itilize li?

  • Ki karakteristik espirityèl nou chwazi pou nou devlope?

Espri imen an

Espri nou se yon antite etènèl. Senyè a te di pwofèt li, Abraham: “Ou te chwazi anvan ou te fèt.”15 Senyè a te di yon bagay menmjan tou osijè Jeremi16 ak anpil lòt.17 Li te menm di l pou ou tou.18

Papa nou ki nan Syèl la konnen nou depi trè trè lontan. Ou menm, li te chwazi ou, antanke pitit gason oswa pitit fi li, pou w te vin sou tè a nan moman sa a menm, pou w vin dirijan nan gwo travay li a sou tè a.19 Ou te chwazi non pa pou karakteristik fizik ou men pou kalite espirityèl ou, tankou bravou, kouraj, entegrite nan kè, yon swaf pou laverite, yon grangou pou sajès, ak yon dezi pou sèvi lòt moun.

Nou te devlope kèk nan kalite sa yo nan lavi premòtèl la. Gen lòt nou ka akeri isit la sou tè a20 si nou toujou ap chèche yo.21

Yon kalite espirityèl trè enpòtan se sa yo rele metriz tèt la—fòs pou fè chwa baze sou larezon olye sou dezi nou. Metriz bati yon konsyans solid. Epi konsyans ou detèmine jan w ap kondui ou moralman nan sitiyasyon difisil, tantan ak epwouvan yo. Jèn ka ede lespri ou aprann domine apeti fizik ou tou. Jèn ba ou plis aksè nan èd syèl la, paske li fè priyè w yo vin pi fò. Poukisa nou bezwen gen metriz tèt nou? Bondye mete andedan nou gwo dezi pou nourisman ak lanmou, ki vital pou fanmi imen an kapab kontinye egziste.22 Lè nou metrize apeti sa yo pou yo rete andedan limit lwa Bondye yo, nou ka viv pi lontan, nou ka jwenn pi gwo lanmou, ak lajwa total.23

Konsa, sa pa etonan ke pifò tantasyon pou ekate nou de plan bonè Bondye a soti nan mal itilize apeti esansyèl sa yo Bondye ba nou an. Li pa toujou fasil pou nou kontwole apeti nou yo. Okenn nan nou pa jere yo pafètman.24 Erè fèt. Fot komèt. Peche komèt. Kisa pou nou fè lè sa a? Nou ka aprann de yo. Epi nou ka vrèman repanti.25

Nou ka chanje konpòtman nou. Menm dezi nou yo kapab chanje. Kijan? Gen yon sèl fason. Vrè chanjman—chanjman pèmanan—kapab pwodui sèlman atravè pouvwa Ekspyasyon Jezikri a pou geri, pirifye, ak sanktifye a.26 Li renmen nou—nou chak!27 Li ba nou aksè ak pouvwa li lè nou obeyi kòmandman l yo, sensèman, seryezman, e egzakteman. Sa senp epi sèten. Levanjil Jezikri a se yon levanjil chanjman!28

Yon espri imen solid, ki gen kontwòl sou apeti lachè yo, se mèt emosyon li ak pasyon li e non pa esklav yo. Kalite libète sa a osi esansyèl pou espri a ke oksijèn esansyèl pou kò a! Libère anba esklavaj dezi nou se vrè liberasyon!29

Nou “lib pou n chwazi libète ak lavi etènèl … oubyen kaptivite [malè,] ak lanmò.”30 Lè nou chwazi chemen ki pi elve ki mennen nan libète ak lavi etènèl la, chemen sa a enkli maryaj.31 Sen Dènye Jou yo pwoklame ke “ maryaj ant yon gason ak yon fi se bagay Bondye òdone epi fanmi se pwen santral nan plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit li yo.” Nou konnen tou ke “maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou moun ki premòtèl, ki mòtèl, epi se yon idantite ak yon objektif etènèl.”32

Maryaj ant yon gason ak yon fi se bagay fondamantal nan doktrin Senyè a e ki enpòtan anpil nan plan etènèl Bondye a. Maryaj ant yon gason ak yon fi se modèl Bondye bay pou yon plenitid lavi sou tè a ak nan syèl la. Nou pa ka maltrete, ni mal konprann, ni mal entèprete modèl diven maryaj Bondye bay la.33 Pa si nou vle gen vrè lajwa. Modèl maryaj Bondye bay la pwoteje pouvwa sakre pwokreyasyon an ak lajwa nan vrè entimite marital.34 Nou konnen Bondye te marye Adan ak Èv anvan yo t al fè eksperyans goute lajwa pou yo te ini kòm mari ak madanm nan.35

Nan epòk pa nou an, gouvènman sivil yo ta gen tout enterè pou yo pwoteje maryaj paske fanmi ki solid se pi bon mwayen pou founi sante, enstriksyon, byennèt, ak pwosperite jenerasyon k ap grandi yo.36 Men gouvènman sivil yo grandman enfliyanse pa tandans sosyal yo ak filozofi mond lan lè y ap ekri, modifye, ak aplike lwa yo. Kèlkeswa sa dwa sivil la kapab deklare, doktrin Senyè a konsènan maryaj ak moralite a pa kapab chanje.37 Sonje: menmsi l legalize pa lèzòm, peche rete peche nan je Bondye!

Pandan ke nou dwe gen menm konpasyon ak bonte avèk Sovè nou an, pandan ke nou dwe valorize dwa ak santiman tout pitit Bondye yo, nou pa kapab chanje doktrin ni an. Nou pa gen dwa pou nou chanje li. Li ba nou doktrin ni an pou nou etidye li, konprann ni, ak defann ni.

Fason Sovè a bay pou nou viv la bon. Li enkli chastete anvan maryaj ak fidelite total nan maryaj.38 Chemen Senyè a se sèl chemen ki ka pèmèt nou jwenn bonè dirab. Li pote rekonfò dirab nan nanm nou ak lapè kontinyèl nan fwaye nou. Epi, sa k pi bon nan tout la, chemen li mennen nou lakay al jwenn Li menm ak Papa nou ki nan syèl la, al nan lavi etènèl ak egzaltasyon exaltation.39 Sa se vrè esans travay Bondye ak glwa li.40

Chè frè m ak sè m yo, chak jou se yon jou desizyon, epi desizyon nou detèmine destine nou. Yon jou, nou chak pral kanpe devan ba jijman Senyè a.41 Nou chak pral gen yon entèvyou pèsonèl avèk Jezikri.42 Nou pral rann kont pou desizyon nou te pran avèk kò nou, atribi espirityèl nou yo, ak fason nou te onore modèl Bondye bay pou maryaj ak fanmi an. Mwen priye sensèman pou nou ka fè chwa ki saj nan desizyon n ap pran chak jou pou letènite yo, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “Decisions Determine Destiny” (Kwendfe Sistèm Edikasyon Legliz la, Nov. 6, 2005), 3; speeches.byu.edu.

  2. Konsèp pwogresyon etènèl la te byen kaptire pa W. W. Phelps nan pawòl kantik sa a “Si tu pouvais jusqu’à Kolob” (Cantiques, no. 181). Vèsè 4 la di: “Éternelle est la puissance; / éternelle est la vertu; / Éternelle est la sajesse; / éternel est le salut. / Éternelle est la jeunesse; / éternelle est l’unité; / Éternelle est la prêtrise; / éternelle est la clarté.” Vèsè 5 la fini konsa: “Éternel est l’amour même; / éternel est notre accord; / Éternel est aussi l’être; / Le Christ a vaincu la mort.”

  3. Jenèz 1:27; gade tou Kolosyen 3:10; Alma 18:34; Etè 3:15; Moyiz 6:9.

  4. “Je suis enfant de Dieu,” Cantiques, no. 301.

  5. Gade Matye 10:37.

  6. Gade Mak 12:30–31.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 88:15.

  8. Gen lòt mekanis diven ki egalman ap travay nan kò nou. Eleman tankou sodyòm, potasyòm, ak kalsyòm, ak konpozan tankou dlo, glucose, ak pwoteyin esansyèl pou nou siviv. Kò a gen gaz tankou oksijèn ak dioxide de carbone. Li fabrike bagay tankou ensilin, adrenalin, ak tiroksin. Nivo chak nan bagay sa yo ak plizyè lòt nan kò a jere otomatikman andedan sèten limit. Relasyon ant gland kò a kontwole ak jere otomatikman. Pa egzanp, gland ipofiz la ki alabaz sèvo a pwodui yon òmon pou estimile pati deyò gland surenal la pou pwodui òmon adrenal cortical. Nivo elve òmon cortical yo menm siprime pwodiksyon òmon estimilan an e vice versa pou ipofiz la. Tanperati kò nou mentni nan yon nivo nòmal ki se 98,6 ˚ F ou 37 ˚ C, keseswa nou nan ekwatè a oubyen nan pol Nò a.

  9. Gen kèk kondisyon ki fasilman evidan, gen lòt ki pa konsa. Genyen ki familyal, genyen ki pa familyal. Gen moun ki predispoze pou yo gen kansè, gen lòt ki gen alèji, eksetera. Nou chak kapab veye pwòp zòn feblès pa nou epi enbleman aprann sa Senyè a ta renmen anseye nou, pou feblès sa a ka vin tounen yon fòs.

  10. Etè 12:27.

  11. Gen kèk kondisyon ki pa totalman korije jiska Rezirèksyon an, kote “tout bagay pral restore nan kò a pafètman” (Alma 40:23).

  12. Gade Alma 42:8.

  13. Salmis la ekri: “Lanmò moun ki renmen l yo gen pri pou Senyè a” (Som 116:15). Lanmò presye paske lanmò se yon “selebrasyon tounen lakay” pou Sen yo avèk Senyè a.

  14. 1 Korentyen 3:16; gade tou 6:19.

  15. Abraham 3:23.

  16. Gade Jeremi 1:5.

  17. Gade Alma 13:2–3.

  18. Gade Doktrin ak Alyans 138:55–56.

  19. Gade Alma 13:2–3; Doktrin ak Alyans 138:38–57.

  20. Kalite tankou “lafwa, vèti, konesans, tanperans, pasyans, jantiyès fratènèl, sentete, charite, imilite, [ak] dilijans” (Doktrin ak Alyans 4:6) yo pami don espirityèl nou ka devlope e resevwa. Gratitid se yon lòt kalite espirityèl nou ka devlope tou. Li modle karaktè nou ak pwodiktivite nou. Epi lè nou espirityèlman “nedenouvo”, nou gen dwa resevwa imaj li nan figi nou (gade Alma 5:14).

  21. Gade 1 Korentyen 12; 14:1–12; Mowoni 10:8–19; Doktrin ak Alyans 46:10–29.

  22. Gen moun ki gen tante pou yo manje twòp. “Obezite atenn gwo gwo pwopòsyon nan mond lan, avèk omwen 2,8 milyon moun k ap mouri chak jou akoz eksè pwa.” (World Health Organization, “10 Facts on Obesity,” Mar. 2013, www.who.int/features/factfiles/obesity/en. Gen lòt moun ki tante pa manje ase. Anorekzi ak boulimi ap devaste anpil lavi moun, maryaj ak fanmi. Epi gen moun ki tante pa apeti seksyèl Kreyatè nou an entèdi. N ap jwenn klarifikasyon sou sa nan Manyèl Enstriksyon Jeneral 2: Administre Legliz la, ki deklare: “Lwa chastete Senyè a se pa al nan relasyon seksyèl andeyò lyen maryaj ak fidelite andedan maryaj. … Adiltè, fònikasyon, relasyon omoseksyèl ak lesbyèn, ak tout lòt pratik ki pa enpi, ki kont nati lòm, e ki se peche.” Toujou nan manyèl enstriksyon an: “Konpòtman omoseksyèl vyole kòmandman Bondye yo, li kontrè ak bi seksyalite lòm, epi li anpeche moun jwenn benediksyon yo ka jwenn nan lavi familyal ak nan òdonans sali levanjil yo. … Pandan ke li opoze a konpòtman omoseksyèl la, Legliz la lonje lamen avèk konpreyansyon ak respè bay moun ki santi yo atire pa moun ki gen menm sèks avèk yo” ([2010], 21.4.5, 6).

  23. Gade 1 Korentyen 6:9–20; Jak 1:25–27; Doktrin ak Alyans 130:20–21. Epi nou dwe toujou sonje ke “lèzòm fèt pou yo ka gen lajwa” (2 Nefi 2:25).

  24. Mòtalite a se yon peryòd tès, jan sa eksplike nan ekriti yo: “Epi nou pral pase yo anba eprèv, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo” (Abraham 3:25).

  25. Gade Mozya 4:10; Alma 39:9; Elaman 15:7. Manuel 2 ki gen mesaj sa a: “Konpòtman omoseksyèl ka padone sou kondisyon repantans sensè” (21.4.6).

  26. Atravè Ekspyasyon Jezikri a e pa obeyisans nan prensip levanjil yo, tout limanite kapab sove (gade Doktrin ak Alyans 138:4; Atik Lafwa 1:3).

  27. Gade Etè 12:33–34; Mowoni 8:17.

  28. Gade Mozya 5:2; Alma 5:12–14.

  29. Gade Women 8:13–17; Galat 5:13–25; Doktrin ak Alyans 88:86.

  30. 2 Nefi 2:27.

  31. Gade Doktrin ak Alyans 131:1–4.

  32. “The Family: A Proclamation to the World,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129.

  33. Gade Matye 19:4–6; Mozya 29:26–27; Elaman 5:2.

  34. Chak moun fèt avèk yon idantie pa li, kwomozòm ak DNA pa li. DNA a se yon molekil ki kode enstriksyon jenetik yo itilize nan devlopman ak fonksyonman selil vivan yo. DNA chak moun kreye lè DNA yon papa ak yon manman mete ansanm pou kreye DNA yon nouvo kò---yon patnè ant papa, manman, ak pitit.

  35. Gade Jenèz 2:24–25; 3:20–21; 4:1–2, 25.

  36. Dr. Patrick F. Fagan te ekri: “Fondasyon endispensab sou ki sò ekonomi an depann nan se relasyon paran ki marye—espesyalman timoun-fanmi rich k al adore chak semèn. … Chak maryaj kreye yon nouvo fwaye, yon inite ekonomik otonòm ki jenere revni, depans, ki ekonomize, ki envesti” (“The Family GDP: How Marriage and Fertility Drive the Economy,” The Family in America, vol. 24, no. 2 [Spring 2010], 136).

  37. Gade Egzòd 20:14; Levitik 18:22; 20:13; Detewonòm 5:18; Matye 5:27–28; Mak 10:19; Lik 18:20; Women 1:26–27; 13:9; Mozya 13:22; 3 Nefi 12:27–28; Doktrin ak Alyans 42:24; 59:6.

  38. Gade Gordon B. Hinckley, “This Thing Was Not Done in a Corner,” Ensign, Nov. 1996, 49.

  39. Gade Doktrin ak Alyans 14:7.

  40. Gade Moyiz 1:39.

  41. Gade 2 Nefi 9:41, 46; Mozya 16:10.

  42. Na pral jije selon aksyon nou ak dezi ki nan kè nou (gade Doktrin ak Alyans 137:9; gade tou Ebre 4:12; Alma 18:32; Doktrin ak Alyans 6:16; 88:109).