2010–2019
Doktrin ak prensip ki nan Atik Lafwa yo
Oktòb 2013


Doktrin ak Prensip ki nan Atik Lafwa yo

Chak Atik Lafwa ajoute valè pa li sou konpreyansyon nou sou levanjil Jezikri a.

Lè m te resevwa tach pou m pale nan sesyon prètriz konferans jeneral la, mwen te imedyatman panse ak yon bon enstriktris Primè m te genyen. Pi gwo dezi li sete pou l te prepare nou pou n diy pou resevwa prètriz la. Li te konn teste nou anpil sou sa yo te mande yo pou nou te resevwa diplòm Primè a lè sa a---memorize non manm Kolèj Douz Apot yo ak Atik Lafwa yo. Li te fè nou yon pwomès tou---si nou tout te ka resite trèzyèm atik lafwa a pa kè, nou t ap ka chwazi yon kote pou n fè yon aktivite pou dènye klas nou an.

Nou te deside sou yon kote patikilye nou te renmen ale pou monte sou pant wòch yo anlè premye baraj nan antre Canyon Logan an, nan Nò Uta. Nan falèz sa yo, te gen yon ti kote plat ki te fòme yon chemine natirèl kote nou te ka kuit ‘hotdog ak marshmallow’. Men, lè nou te chwazi kote a, nou pa t panse ak enstriktris nou an, ki te aje e ki sètènman pa t yon moun espòtif. Si nou te panse pi byen reflechi, nou ta ka reyalize ke sa t ap twò difisil pou li pou l te monte mòn nan. Men, kòm se li k te fè pwomès la, li te detèmine pou l ale avèk nou.

Toudabò, nou te monte ti mòn nan. Nan epòk sa a, pa t gen fil kouran pou te anpeche aksè nan zòn nan. Avèk enpe èd, enstriktris nou an te rive monte sou tèt mòn nan. Lè nou te rive anlè a, nou te desann nan mitan wòch yo al yon kote nou te rele “do tòti.”

Lè nou te rive, sa te pran enstriktris nou an yon ti tan pou l te reprann souf li. Letan pou n te prepare manje nou epi chita pou n manje a, li te gentan pran souf ase pou l te anseye nou dènye leson an. Li te di nou konbyen li te kontan anseye nou nan Primè a pandan dezan k te pase yo. Li te konplimante nou sou fason nou te apran Atik Lafwa yo. Li te ka poze nou kesyon sou nenpòt nan yo, e nou te ka resite l ba li. Apresa li te di ke memorize Atik Lafwa yo pa t ap vle di anyen pase konnen yon pakèt mo si nou pa konprann doktrin ak prensip ki ladan yo a. Li te ankouraje nou pou n te etidye doktrin levanjil yo anseye nan chak Atik Lafwa yo. Li te eksplike ke doktrin nou jwenn nan Atik Lafwa yo divize an plizyè seksyon.

I. Divinite a ak doktrin debaz Kris la

Nou aprann nan premye atik lafwa a ke Divinite a konpoze pa twa pèsonaj: Bondye Papa a, Jezikri, ak Sentespri a.

Nan dezyèm atik la yo anseye nou ke nou responsab pou pwòp aksyon nou sou tè a.

Nan twazyèm nan yo ba nou yon vizyon sou misyon Sovè a pou sali pitit Papa nou ki nan Syèl la yo.

Nan katriyèm la yo anseye enpòtans prensip ak òdonans debaz yo.

Puisans pawòl enstriktris nou an te yon sous enspirasyon pou mwen paske li te mete aksan sou valè etid levanjil la. Ekriti yo gide nou al nan yon modèl verite kote nou ka jije konesans n ap resevwa a, si li vrè ou pa vre. Vrè doktrin soti nan Bondye, ki se sous ak fondasyon tout verite. Nou jwenn ansèyman ak konsèp sou vrè doktrin nan nan levanjil Senyè ak Sovè nou an. Fo ansèyman yo vini de Satan, papa tout manti yo. Dezi li se pou pèvèti, chanje, ak tòdye verite revele yo. Li vle twonpe nou pou kèk nan nou ka pèdi wout nou sou chemen ki mennen retounen al nan fwaye selès nou an.

Ekriti yo anseye nou kijan pou n evite fo ansèyman yo. Pa egzanp, nan lèt Pòl te voye bay Timote a, nou li:

“Tout ekriti enspire pa Bondye, epi y ap sèvi pou anseye, pou konvenk, pou korije, pou enstwi nan lajistis:

“Pou moun k ap sèvi Bondye a ka tou pare, pou l gen tout sa l bezwen pou fè sa ki byen” (2 Timote 3:16–17).

Pwen doktrin sa a nesesè pou legliz la tankou yon batri nesesè pou yon telefòn selilè. Lè nou retire batri a nan telefòn nan, li vin pa itil anyen. Yon legliz kote yo pa anseye vrè doktrin nan ankò pa itil anyen menmjan an tou. Li pa ka gide nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la ak fwaye etènèl nou.

II. Òganizasyon ak Lòd Prètriz la

Apre nou kòmanse konprann doktrin debaz Kris la, nan senkyèm ak sizyèm atik lafwa yo, yo anseye nou òganizasyon ak lòd prètriz la. Sou direksyon Senyè a, Joseph Smith te òganize Legliz Sovè a kote l te itilize otorite prètriz la---pouvwa Bondye. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se menm òganizasyon Kris la te òganize ak dirije pandan l te sou tè a.

Ala yon jou gloriye sa te ye pou Joseph Smith ak Oliver Cowdery an Me 1829 la lè yo te ale nan forè a pou priye sou doktrin batèm pou remisyon peche a yo te li nan Liv Mòmon an. Te gen anpil ansèyman sou batèm ki te anseye pa plizyè legliz diferan nan kòmansman ane 1800 yo, epi Joseph ak Oliver te konnen yo tout pa t kapab vre. Yo te vle konnen osijè bon fason batèm nan ak kimoun ki te gen otorite pou batize tou.

Kòm repons pou priyè yo te fè Senyè a, yon mesaje soti nan syèl la, Jan Batis, te parèt devan yo. Li te mete men sou tèt yo, youn apre lòt, epi li te konfere otorite pou batize a sou yo avèk pawòl sa yo: “Nou menm sèvitè asosye m yo, nan non Mesi a, m konfere Prètriz Aawon a” (D&A 13:1).

Ala yon bèl jou sa te ye nan istwa mond lan! Prètriz la te retabli sou tè a.

Lè nou resevwa prètriz la, nou resevwa otorite pou aji nan non Bondye ak pou dirije nan chemen verite ak jistis. Otorite sa a se yon sous vital pouvwa ak enfliyans jis pou benefis pitit Bondye yo sou tè a epi l ap rete avèk nou nan lòtbò vwal la. Li te nesesè pou prètriz la te retabli anvan Legliz Jezikri a te ka òganize. Sa se leson fondamantal nou aprann nan senkyèm ak sizyèm atik lafwa yo.

III. Resous etènèl nan yon vwayaj terès

Twa pwochen atik lafwa yo—setyèm, uityèm, ak nevyèm—yo dekri resous ki disponib pou enstwi nou pandan vwayaj nou nan mòtalite a. Nou resevwa don espirityèl pou gide nou lè nou suiv ansèyman Senyè a ak pou pwoteje nou kont malen an. Ekriti yo se yon lòt gid---si byen li pawòl Bondye a, l ap revele nou chemen ki mennen nan lavi etènèl la.

Nan nevyèm atik lafwa a yo anseye nou ke Bondye te revele, li revele kounyeya, e li pral revele nan lefiti anpil gwo bagay ki enpòtan pou pwofèt, vwayan, ak revelatè l yo. Nou aprann ke anplis koute tivwa dous piti Lespri a ak li ekriti yo, lòt sous gidans lan se dirijan legliz nou yo, ki chwazi, aple, epi mete apa pou beni lavi nou atravè leson y ap anseye yo.

IV. MManm misyonè

Nan dizyèm, onzyèm, ak trèzyèm atik lafwa yo, yo enstwi nou sou fason pou nou fè travay misyonè ak pataje levanjil la nan yon mond ki gen anpil nasyon ak lwa varye. Nou aprann sou rasanbleman Izrayèl la an preparasyon Dezyèm Vini Sovè a. Yo enstwi nou ke gason ak fi lib pou yo aji, e yo ka aksepte oubyen refize pawòl Bondye a selon pwòp konsyans yo. Finalman, nou aprann lè n ap simaye levanjil Jezikri a nan kat kwen tè a, nou dwe respekte gouvènman chak peyi nou rantre. Vrèman, nou kwè nou dwe obeyi, onore, ak soutni lalwa chak peyi.

V. Kalite pou nou chèche genyen

Nan trèzyèm atik lafwa a yo bay enfòmasyon espesyal sou fason nou dwe kondui lavi nou ak konpòte nou. Li di: “Nou kwè nou dwe onèt, vrè, chas, byenveyan, gen vèti, epi nan fè byen pou tout moun; gade, nou kapab di konsa, nou suiv konsèy Pòl la---Nou kwè tout bagay, nou espere tout bagay, nou te pèsevere nan anpil bagay, epi nou espere sipòte nan tout bagay. Si gen nenpòt bagay ki gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj, nou chèche bagay sa yo.”

Nou tout ta dwe aspire pou akeri kalite sa yo ak viv lavi ki montre egzanp yo. Verite yo anseye nan Atik Lafwa yo repoze youn sou lòt tankou diferant pati yon telefòn selilè sipòte youn lòt yo. Tou kòm chèn lojistik la ki ajoute konpozan nan yon telefòn selilè a, Atik Lafwa yo ba nou doktrin kle Retablisman yo. Chak atik lafwa ajoute valè pa li sou konpreyansyon nou sou levanjil Jezikri a.

Enstriktris Primè m nan te fè ankre nan mwen yon detèminasyon pou etidye doktrin wayòm nan. Li te anseye m pou m chèche sans pwofon ki nan senp Atik Lafwa sa yo. Li te pwomèt mwen ke si m te envesti m nan aprann verite sakre sa yo, konesans m t ap akeri a t ap chanje lavi m pou tout tan, e mwen temwaye nou ke se vre.

Apre bèl leson sa a nan men enstriktris mwen an sou tèt mòn sa a nan Canyon Logan an, nou te remake ke nou te rete pi lontan pase nou te prevwa. Aswè te prèske rive, epi nou te reyalize ke nou te gen yon pwoblèm.

Enstriktris la te lite pou l te rive nan zòn patikilye nou an, men retounen an te prezante yon gwo problèm. Sa te demontre ke plas sa a nou te chwazi pou n t ale a sete yon move chwa. Desann nan te difisil pou nou, men li te menm pi difisil toujou pou yon moun laj li.

Pandan nou t ap lite pou ede l remonte sou kolin nan, de polis te parèt. Prezidant Primè a te voye yo vin chèche nou, paske li te pè pou n pa t pèdi. Peripesi aktivite a ak leson ki te anseye yo te fè l vin tounen yon eksperyans inoubliyab pou mwen nan lavi m.

Nou menm jènjan yo---mwen ankouraje nou pou n itilize entelijans nou pou etidye ak aprann Atik Lafwa yo ak doktrin yo anseye yo. Yo pami deklarasyon ki pi enpòtan ak pi dirèk nan doktrin legliz la. Si nou itilize yo kòm gid pou dirije etid nou nan levanjil Jezikri a, n ap vin prepare pou n deklare temwayaj nou konsènan verite retabli a bay mond lan. N ap kapab deklare nan yon fason senp, dirèk, ak pwofon, kwayans fondamantal ki chè pou nou yo antanke yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Mwen ajoute temwayaj mwen sou verasite trèz Atik Lafwa yo nan non Senyè nou ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.