2010–2019
Okenn lòt bondye
Oktòb 2013


Okenn lòt Bondye

Èske n ap sèvi lòt priyorite ak lòt bondye anvan Bondye nou pwofese ke nou adore a?

Dis kòmandman yo se fondasyon Krisyanis la ak Jidayis la. Nan kòmandman sa yo, ke Bondye te bay pitit Izrayèl yo palentèmedyè pwofèt Moyiz la; de premye yo defini sa pou nou adore ak priyorite nou. Nan premye a, Senyè a kòmande “Piga nou gen lòt Bondye pase mwen menm sèlman” (Egzòd 20:3). Dè syèk apre, lè yo te mande Jezi: “Ki pi gran kòmandman ki gen nan lalwa a?” Li te reponn: “Se pou nou renmen Senyè a Bondye nou avèk tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lide nou” (Matye 22:36–37).

Dezyèm nan Dis Kòmandman yo bay direksyon pou nou pa gen lòt bondye epi li deklare kisa ki dwe pi gwo priyorite nan lavi nou antanke pitit Bondye. “Nou pa dwe fè okenn imaj taye, ni okenn bagay ki sanble avèk sa ki anlè nan syèl la, ak anba sou tè a (Egzòd 20:4). Apresa, dezyèm kòmandman an ajoute: “Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo” (Egzòd 20:5). Plis pase senpleman entèdi idòl fizik, li deklare yon priyorite fondamantal pou tout tan. Jewova eksplike: “Paske, mwen menm Senyè a, Bondye nou an, m se yon Bondye jalou, ... ki fè mizèrikòd pou ... moun ki renmen m, epi ki obeyi kòmandman m yo” (Egzò 20:5–6).” Sans mo jalou a revelatè anpil. Orijin Ebre li siyifi “posede santiman sansib ak pwofon” (Egzòd 20:5, referans b). Konsa, nou ofanse Bondye lè nou “bese devan lòt bondye” oswa “sèvi” lòt bondye---lè nou gen lòt priyorite.1

I.

Ki lòt priyorite ke moun—menm moun ki relijye—ap “sèvi” nan epòk pa nou an? Panse ak posiblite sa yo, yo tout kouran nan mond nou an:

  • Tradisyon kiltirèl ak familyal

  • Tandans ‘Poliktikman kòrèk’ la

  • Objektif pou karyè

  • Byen materyèl

  • Aktivite lwazi

  • Pouvwa, renome, ak prestij

Si okenn nan egzanp sa yo pa aplike pou okenn nan nou, nou ka san dout sigjere lòt ki konsène nou. Prensip la pi enpòtan pase egzanp endividyèl yo. Kesyon an se pa si nou gen lòt priyorite ou pa. Kesyon dezyèm kòmandman an poze a se “Kisa ki siprèm priyorite nou?” Èske n ap sèvi lòt priyorite ak lòt bondye anvan Bondye nou deklare nou adore a? Èske nou bliye suiv Sovè a ki te anseye ke, si nou renmen li, n ap obeyi kòmandman l yo? (gade Jan 14:15). Si wi, priyorite nou vire tèt anba pa mank enterè espirityèl ak dezi endisipline ki si komen nan epòk nou an.

II.

Pou Sen Dènye Jou yo, kòmandman Bondye yo baze sou plan Bondye pou pitit li yo—gran plan sali a, e yo pa ka separe avèk li. Plan sa a, yo pafwa rele “gwo plan bonè a” (Alma 42:8), eksplike orijin nou ak destine nou kòm pitit Bondye—ki kote nou soti, poukisa nou isit la, ak ki kote nou prale. Li eksplike bi kreyasyon an ak kondisyon mòtalite yo, enkli kòmandman Bondye yo, bezwen pou yon Sovè a, ak wòl enpòtan fanmi mòtèl ak etènèl. Si nou menm, Sen Dènye Jou, ki gen konesans sa a, nou pa fikse priyorite nou annakò avèk plan sa a, nou andanje sèvi lòt bondye.

Konesans plan Bondye a pou pitit li yo bay Sen Dènye Jou yo yon pèspektiv san parèy sou maryaj ak fanmi. Yo rekonèt nou kòrèkteman kòm yon legliz ki santre sou fanmi. Teyoloji nou kòmanse avèk paran selès, epi pi gwo aspirasyon nou se atenn plenitid egzaltasyon etènèl, ke nou konnen ki posib sèlman nan yon relasyon familyal. Nou konnen ke maryaj ant yon gason ak yon fi nesesè pou akonplisman plan Bondye a. Se sèlman maryaj sa a ki ka bay ankadreman apwopriye pou nesans fèt ak pou prepare manm fanmi an pou lavi etènèl. Nou konsidere maryaj ak fè timoun ak elve timoun kòm pati plan Bondye a e kòm yon devwa sakre pou moun yo bay posiblite pou patisipe ladan l yo. Nou kwè ke pi gwo trezò sou tè a ak nan syèl la se pitit nou ak posterite nou.

III.

Poutèt sa nou konprann sou wòl potansyèlman etènèl fanmi an, nou tris lè nou wè gwo diminisyon nesans ak maryaj nan anpil nan peyi oksidantal yo ke kilti yo ak istwa yo Jideyo Kretyen. Sous ki byen koni deklare:

  • Kounyeya, Etazini gen to nesans ki pi ba nan istwa li,2 epi nan anpil peyi Inyon Ewopeyèn yo ak lòt peyi devlope yo, to nesans yo pi ba pase nivo ki nesesè pou kenbe popilasyon yo a.3 Bagay sa a menase lavi kilti yo ak menm nasyon yo.

  • Nan Amerik la, pousantaj jèn adilt laj 18 rive 29 an ki marye tonbe soti 59 pousan an 1960 pou vin 20 pousan rive 2010.4 Laj mwayèn pou premye marayj la atenn nan nivo ki pi wo li kounyeya nan listwa: 26 pou fi e prèske 29 pou gason.5

  • Nan anpil peyi ak anpil kilti (1) fanmi tradisyonèl la ki gen yon manman ak yon papa ki marye ki gen pitit la prèske vin tounen eksepsyon olye de règ la, (2) pousuit yon karyè olye de maryaj ak fè pitit se yon chwa k ap ogmante lakay anpil jènfi, epi (3) wòl ak nesesite papa yo genyen an ap diminye.

Nan mitan tandans sa yo ki preyokipan pou nou, nou gen konsyans ke plan Bondye a se pou tout pitit li epi Bondye renmen tout pitit li, toupatou.6 Premye chapit Liv Mòmon an deklare “pouvwa Bondye, ak bonte li, ak mizèrikòd li sou tout abitan sou latè” (1 Nefi 1:14). Nan yon chapit apre, yo deklare ke “li bay [sali li] gratis pou tout moun” epi “tout moun gen menm privilèj la, ni youn ni lòt, li pa anpeche yo youn” (2 Nefi 26:27–28). Pa konsekan, ekriti yo anseye ke nou gen responsablite pou nou plen konpasyon ak charite (eman) pou tout moun (gade 1 Tesalonisyen 3:12; 1 Jan 3:17; D&A 121:45).

IV.

Epi nou respekte kwayans relijye tout moun tou, menm pil kantite moun k ap pwofese yo pa kwè nan Bondye yo. Nou konnen ke, atravè pouvwa chwa Bondye ba nou an, anpil moun ap gen kwayans ki kontrè avèk pa nou, men nou espere ke lòt moun yo ap gen otan respè pou kwayans relijye nou yo epi ap konprann ke kwayans nou oblije nou fè kèk chwa ak konpòtman ki diferan ak pa yo. Pa egzanp, nou kwè ke, kòm pati esansyèl plan sali l la, Bondye etabli yon prensip etènèl ki di ke relasyon seksyèl dwe fèt sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye.

Pouvwa pou bay lavi fizik la se pi gran pouvwa Bondye bay pitit li yo. Itilizasyon li te òdone pa premye kòmandman Bondye te bay Adan ak Èv la (gade Jenèz 1:28), men gen lòt kòmandman enpòtan li te bay tou pou entèdi nou itilize l mal (gade Egzòd 20:14; 1 Tesalonisyen 4:3). Aksan nou mete sou lwa chastete a eksplike pa konpreyansyon nou sou bi pouvwa nou pou fè pitit la nan akonplisman plan Bondye a. Andeyò lyen maryaj ant yon gason ak yon fi, tout itilizasyon pouvwa prokreyasyon yo se peche, nan yon degre oswa yon lòt, epi sa kontrè ak plan Bondye pou egzaltasyon pitit li yo.

Enpòtans nou mete nan lwa chastete a eksplike angajman nou anvè modèl maryaj ki te kòmanse avèk Adan ak Èv la e ki kontinye rete atravè tout syèk yo kòm modèl Bondye bay pou relasyon fè pitit ant pitit gason l yo ak pitit fi l yo ak pou pran swen pitit li yo. Erezman, anpil moun ki afilye ak lòt relijyon oswa lòt òganizasyon dakò avèk nou sou nati ak enpòtans maryaj, kèk sou baz doktrin relijye epi kèk lòt sou baz sa yo jije ki pi bon pou yon sosyete.

Konesans nou sou plan Bondye pou pitit li yo7 eksplike poukisa nou enkyè lè nou wè plis an plis timoun ap fèt andeyò lyen maryaj—aktyèlman 41 pousan nan tout nesans nan Etazini8—ak paske kantite koup k ap viv ansanm san marye yo grandman ogmante nan dènye mwatye syèk la. Senkantan desa, se sèlman yon ti pousantaj moun ki te konn kòmanse viv ansanm anvan yo te marye. Kounyeya, 60 pousan maryaj ki fèt se moun ki kòmanse viv ansanm anvan.9 Epi bagay sa a plis an plis akseptab, espesyalman pami jèn yo. Sondaj ki fèk sot fèt montre ke apeprè 50 pousan nan pami jèn yo deklare ke fè pitit andeyò lyen maryaj se yon “estil lavi respektab.”10

V.

Gen anpil presyon sosyal ak politik ki anfavè chanjman lalwa ak politik pou valide konpòtman ki kontrè a lwa Bondye sou moralite seksyèl la e ki kontrè ak nati etènèl ak bi maryaj ak pwokreyasyon an. Presyon sa yo deja otorize maryaj an moun ki menm sèks nan plizyè eta ak nan plizyè peyi. Gen lòt presyon ki egzèse pou konfonn sèk oswa pou chanje diferans ant gason ak fi yo ki esansyèl pou akonpli gwo plan bonè Bondye a.

Lefèt ke nou konprann plan Bondye a ak doktrin ni an ba nou yon pèspektiv etènèl ki pa pèmèt nou fèmen je sou konpòtman sa yo ni jwenn jistifikasyon pou lwa ki otorize bagay sa yo. Epi, kontrèman avèk lòt òganizasyon ki ka chanje règ yo e menm doktrin yo, règ pa nou yo detèmine pa verite Bondye deklare ki enchanjab.

Nan douzyèm atik lafwa nou an, nou deklare ke nou kwè nou dwe soumèt nou devan otorite sivil pou “obeyi, onore, ak soutni lalwa.” Men lwa lèzòm pa kapab rann moral sa Bondye deklare ki imoral. Angajman vizavi pi gwo priyorite nou—ki se renmen ak sèvi Bondye—mande pou nou konsidere lwa li yo kòm règ konpòtman nou. Pa egzanp, nou sou kòmandman divin pou nou pa komèt adiltè ni fònikasyon, menmsi bagay sa yo pa ilegal ankò selon lalwa eta oswa peyi kote nou abite yo. Menmjan tou, lwa ki legalize sa yo rele “maryaj ant moun menm sèks” la, pa chanje lwa Bondye sou maryaj la, ni kòmandman l yo, ni prensip yo sou sijè sa yo. Nou rete soumèt ak alyans pou nou renmen Bondye ak respekte kòmandman l yo epi pa pa bese devan lòt bondye ak lòt priyorite ni sèvi yo—menm sa ki vin aplis an plis popilè yo nan epòk nou an.

Nan detèminasyon sa a, gen moun ki riske mal konprann nou, e yo gen dwa menm akize nou de fanatik, nou gen dwa viktim diskriminasyon, oubyen oblije afwonte anvayisman kont libète nou pou egzèse relijyon nou. Si sa fèt, mwen panse ke nou dwe toujou sonje premye priyorite nou—sèvi Bondye—epi, menmjan ak pyonye yo ki te anvan nou yo, pouse charyo pèsonèl nou devan avèk menm kouraj yo te demontre a.

Yon ansèyman Prezidan Thomas S. Monson aplike pou sikonstans sa a. Nan yon konferans jeneral, sa gen vennsetan, li te deklare klèman: “Annou gen kouraj pou nou afwonte opinyon popilè a, kouraj pou n defann prensip nou yo. Se kouraj, non pa konpwomisyon, ki atire souri apwobasyon Bondye. Kouraj vin yon vèti vivan ak atiran lè nou wè l non sèlman kòm yon volonte pou mouri ak onè, men tou, kòm detèminasyon pou mennen yon vi ki diy. Yon moun ki kapon moral se yon moun ki pè fè sa l panse ki byen paske lòt moun ap dezapwouve li oswa pase l nan rizib. Sonje ke tout moun gen krent yo, men moun ki afwonte krent yo avèk diyite yo gen kouraj tou.”11

Mwen priye pou nou pa kite pwoblèm tanporè mòtalite yo fè nou bliye gwo kòmandman an ak gwo priyorite Kreyatè nou ak Sovè nou an te ba nou yo. Nou pa dwe kite kè nou sitèlman chita sou bagay ki nan mond lan e aspire sitèlman a onè nan men lèzòm (gade D&A 121:35) ke nou bliye destine etènèl nou. Nou menm ki konnen plan Bondye pou pitit li yo—nou menm ki te fè alyans pou patisipe ladan l yo—nou gen yon responsablite ki klè. Nou pa dwe janm bliye dezi siprèm nou, ki se atenn lavi etènèl la life.12 Nou pa dwe janm febli devan premye priyorite nou—pou nou pa gen okenn lòt bondye ni sèvi okenn lòt priyorite anvan Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Sovè nou an, Jezikri.

Mwen priye pou Bondye ede nou konprann priyorite sa a epi pou lòt moun konprann nou pandan n ap chèche pousuiv bi sa a nan yon fason saj ak eman, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade, pa egzanp, Doktrin ak Alyans 124:84.

  2. Gade Joyce A. Martin and others, “Births: Final Data for 2011,” National Vital Statistics Reports, vol. 62, no. 1 (June 28, 2013), 4; Gloria Goodale, “Behind a Looming Baby Bust,” Christian Science Monitor Weekly, Feb. 4, 2013, 21, 23.

  3. Gade Population Reference Bureau, “2012 World Population Data Sheet,” www.prb.org/Publications/Datasheets/2012/world-population-data-sheet/data-sheet.aspx.

  4. Gade D’Vera Cohn and others, “Barely Half of U.S. Adults Are Married—a Record Low,” Pew Research Center, Social and Demographic Trends, Dec. 14, 2011, available at www.pewsocialtrends.org/2011/12/14/barely-half-of-u-s-adults-are-married-a-record-low; “Rash Retreat from Marriage,” Christian Science Monitor, Jan. 2 and 9, 2012, 34.

  5. U.S. Census Bureau (Biwo resansman Etazini),, “Estimated Median Age at First Marriage, by Sex: 1890 to the Present,” disponib nan www.census.gov/population/socdemo/hh-fam/ms2.xls.

  6. Gade Dallin H. Oaks, “All Men Everywhere,” Ensign oswa Liahona, Me 2006, 77–80.

  7. Gade Dallin H. Oaks, “The Great Plan of Happiness,” Ensign, Nov. 1993, 72–75.

  8. Gade Martin, “Births: Final Data for 2011,” 4.

  9. Gade The State of Our Unions: Marriage in America,2012 (2012), 76.

  10. Gade The State of Our Unions, 101, 102.

  11. Thomas S. Monson, “Courage Counts,” Ensign, Nov. 1986, 41.

  12. Gade Dallin H. Oaks, “Desire,” Ensign or Liahona, May 2011, 42–45.