Ekriti yo
1 Nefi 1


Premye Liv Nefi a

Gouvènman l ak Ministè l

Istwa Leyi ak madanm li Sariya, ak kat pitit gason li yo, ki te rele, (kòmanse sou pi gran an) Laman, Lemyèl, Sam ak Nefi. Senyè a avèti Leyi pou l kite peyi Jerizalèm, paske li pwofetize bay pèp la konsènan inikite yo e yo chèche pou yo detwi lavi l. Li fè yon vwayaj twa jou nan dezè a ak fanmi l. Nefi pran frè l yo e li retounen nan peyi Jerizalèm dèyè rejis Juif yo. Istwa soufrans yo. Yo pran pitit fi Ismayèl yo pou madanm. Yo pran fanmi yo e yo pati ale nan dezè a. Soufrans yo ak afliksyon yo nan dezè a. Wout vwayaj yo. Yo rive devan gwo dlo yo. Frè Nefi yo fè rebèl kont li. Li konfonn yo, e li konstwi yon bato. Yo rele kote a Abondans. Yo travèse gwo dlo yo pou yo ale nan tè pwomiz la, eksetera. Se daprè istwa Nefi; oubyen otreman, mwen menm Nefi, m te ekri istwa sa a.

Chapit 1

Nefi kòmanse istwa pèp li a—Leyi wè yon boukan dife nan vizyon e li li nan yon liv pwofesi—Li louwe Bondye, li predi aparisyon Mesi a, e li pwofetize destriksyon Jerizalèm—Juif yo pèsekite l. Anviwon 600 anvan Jezikri.

1 Mwen menm aNefi, mwen te gen bbon cparan, se poutèt sa, m te jwenn dansèyman sou tout syans papa m; e m te wè anpil eafliksyon nan lavi m, men Senyè a te favorize m anpil nan tout lavi m; wi m te gen yon gran konesans konsènan bonte ak fmistè Bondye, se poutèt sa m fè yon grejis konsènan aktivite pa m nan lavi m.

2 Wi, m fè yon rejis nan alang papa m, lang sa a ki se syans Juif yo ak lang Ejipsyen yo.

3 Epi m konnen rejis m fè a se averite; e m fè l a men pa m; epi m fè l daprè konesans mwen.

4 Paske se te konsa, nan kòmansman apremye ane gouvènman bSedesyas la, wa peyi Jida a, (papa m, Leyi, te rete nan cJerizalèm tout vi l); e nan menm ane sa a anpil dpwofèt te vin pwofetize bay pèp la pou yo repanti, oubyen gran vil eJerizalèm nan dwe detwi.

5 Se poutèt, se te konsa, papa m, aLeyi, pandan li t ap vwayaje, li te priye Senyè a, wi, li te menm priye avèk tout b l, pou pèp li a.

6 Epi, se te konsa, pandan li t ap priye Senyè a, yon aboukan dife te vin poze sou yon wòch devan l; li te wè e li te tande anpil bagay; epi poutèt bagay li te wè ak tande yo li te fremi e li te tranble anpil.

7 Epi, se te konsa, li te retounen lakay li nan Jerizalèm; e li lage kò l sou kabann li, paske Lespri a ak bagay li te wè yo te aakable l.

8 Epi pandan li te akable konsa anba Lespri a, li te anpòte pa yon avizyon jistan li te menm wè bsyèl la ouvè, e li sonje li te wè Bondye chita sou twòn li, antoure avèk anpil anpil zanj ki sanble yo t ap chante epi yo t ap louwe Bondye yo a.

9 Epi, se te konsa, li te wè Youn desann sòti nan mitan syèl la, e li te wè aekla li te pi klere pase solèy midi.

10 Epi li te wè adouz lòt ki t ap suiv li, e ekla yo te depase ekla zetwal yo ki nan syèl la.

11 Epi yo te desann pou ale sou sifas tè a; epi premye a te vin kanpe devan papa m, li te ba l yon aliv, e li te kòmande l pou l li.

12 Epi, se te konsa, pandan li t ap li, li te ranpli avèk aLespri Senyè a.

13 Epi li te li, li di: Malè, malè pou Jerizalèm, paske m wè aabominasyon w yo! Wi, e papa m te li anpil bagay konsènan bJerizalèm—li te gen pou l detwi, ak moun ki te ladan l yo; anpil te gen pou yo peri anba epe, e yo t ap cmennen anpil moun kaptif nan Babilòn.

14 Epi, se te konsa, lè papa m te fin li ak wè anpil gran bagay mèveye, li te di pandan l t ap rele, anpil bagay devan Senyè a; tankou: Zèv ou yo gran e yo mèveye, O Senyè Bondye Toupuisan! Twòn ou wo nan syèl la, e pouvwa w, ak bonte w, ak mizèrikòd ou sou tout abitan sou latè e paske w gen mizèrikòd, ou p ap kite moun ki avin jwenn ou yo peri!

15 Epi se te konsa langaj papa m te ye nan louwanj pou Bondye li a; paske nanm li te rejwi, e tout kè l te ranpli poutèt bagay li te wè yo, wi, bagay Senyè a te montre l yo.

16 Epi kounyeya, mwen menm Nefi, m pa fè yon rejis konplè konsènan bagay papa m te ekri yo, paske li te ekri anpil bagay li te wè nan vizyon ak nan rèv; epi tou li te ekri anpil bagay li te apwofetize e li te pale bay pitit li yo, konsènan bagay sa yo, m p ap fè yon rejis konplè.

17 Men, m ap fè yon rejis konsènan aktivite nan lavi m. Gade, m fè yon arezime nan brejis papa m nan, sou plak mwen te fè a men pa m; se poutèt sa, lè m fin rezime rejis papa m nan, lè sa a m pral fè yon rejis konsènan vi pa m.

18 Se poutèt sa, m ta vle nou konnen, lè Senyè a te fin montre papa m, Leyi tèlman anpil bagay mèveye sa yo, wi, bagay konsènan adestriksyon Jerizalèm nan, li te ale nan pami pèp la, e li te kòmanse bpwofetize, epi li te pale yo konsènan bagay li te wè ak bagay li te tande yo.

19 Epi, se te konsa, Juif yo te amoke l poutèt bagay li te temwaye konsènan yo; paske li te reyèlman temwaye konsènan mechanste ak abominasyon yo; e li te temwaye bagay li te wè ak tande, epi tou bagay li te li nan liv la pale klèman konsènan aparisyon yon bMesi ak redanmsyon mond lan.

20 Epi lè Juif yo te tande bagay sa yo, yo te fache kont li; wi, menm jan zansèt yo te fache kont ansyen pwofèt yo, yo te achase yo, yo te lapide yo avèk kout wòch, yo te touye yo epi yo te chèche detwi lavi l tou. Men, mwen menm Nefi, m ap montre nou, bmizèrikòd byenveyan Senyè a sou tout moun li te chwazi, poutèt lafwa yo, pou l fè yo fò menm nan pouvwa delivrans.