2010–2019
Leve je nou gade
Oktòb 2013


Leve je nou

Moman an rive pou nou leve je nou gade Sous verite a epi asire nou ke temwayaj nou solid.

Lè m te gen uitan, yo te voye de kouzen m avèk mwen nan yon vil tou pre pou n t al fè pwovizyon pou kenz pwochen jou yo. Lè m ap repanse a sa, mwen etone pou gwo konfyans grann mwen ak matant mwen ak tonton m te gen nan nou. Syèl jou maten sa a te bèl e solèy la te klere lè nou te derape ale monte sou twa cheval ki te fòme ti karavan nou an.

Nan mitan preri a, nou te gen bèl ide pou n te desann cheval yo pou n t al jwe mab. Epi nou te fè sa—pandan anpil tan. Nou te sitèlman plonje nan jwèt la ke nou pa t wè “siy tan yo” anlè tèt nou an pandan nyaj tou nwa yo te kouvri syèl la. Letan pou n te reyalize sa k t ap pase a, nou pa t menm gen tan pou monte cheval nou yo. Gwo lapli ak zeklè te frape nou sitèlman fò ke tout sa nou te ka panse sete desele cheval yo pou n al chèche refij anba ti bout tapi ki te sou sèl cheval yo.

San cheval, mouye, frèt, nou te kontinye wout nou, ap eseye kounyeya pou n te mache osi vit nou te kapab. Lè nou t ap pwoche kote nou ta prale a, nou te wè gran ri laj la ki te mennen nan vil la te anba inondasyon e sete tankou yon larivyè ki t ap mache vin jwenn nou. Lè sa a, sèl chwa nou te genyen sete lage ti tapi nou yo atè pou nou te kouri grenpe sou lantouraj fil fè a ki te antoure vil la. Li te byen ta lannuit lè, fatige ak kò fè mal epi mouye, nou te chèche refij nan premye kay nou te wè nan antre vil la. Jèn fanmi janti a ki te rete la a te seche nou, yo te ba nou manje, epi apresa yo te mete nou kouche nan yon chanm. Byen vit nou te dekouvri ke atè chanm nan te antè, konsa nou te gen yon lòt ide briyan. Nou te trase yon sèk atè a epi nou te kontinye jwe mab jiskaske dòmi te pran nou atè a.

Antanke timoun nou te jis panse ak tèt nou sèlman. Nou pa t janm panse avèk fanmi nou ki te dezesperaman ap chèche nou lakay nou an—si nou te sonje, nou pa t ap janm retade vwayaj nou an nan fason ensousyan konsa. Epi, si nou te pi saj, nou t ap gade syèl la, nou t ap gen tan remake nyaj ki t ap fòme yo, e nou t ap gen tan akselere pou n te ka rive anvan tanpèt la. Kounyeya, ke m gen yon ti kras plis eksperyans, mwen toujou raple tèt mwen: “pa bliye leve je ou.”

Eksperyans mwen an avèk kouzen m yo te anseye m pou m pote atansyon sou siy tan yo. n ap viv nan tan difisil Pòl te dekri a: “Moun pral fè rayisab, ... y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, y ap san respè pou bagay Bondye, ... y ap pale moun mal, y ap fè gwo kòlè, ... y ap renmen plezi plis pase yo renmen Bondye” (2 Timote 3:2–4).

An palan de tan sa yo, Èldè Dallin H. Oaks te di: “Nou bezwen prepare nou materyèlman ak espirityèlman. ... E preparasyon nou prèske pi neglije a se preparasyon ki mwens vizib ak pi difisil la---preparasyon espirityèl la,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 9).” Pou n di yon lòt jan, pa neglije leve je nou.

Etandone ijans pou preparasyon espirityèl la nan yon tan si difisil konsa, mwen vle lanse yon mo avètisman sou youn nan pi gwo siy tan yo. Lavi pwofesyonèl mwen mete m an kontak avèk teknoloji, konsa, mwen rekonèt valè l genyen, espesyalman nan domèn kominikasyon. Nou gen si tèlman enfòmasyon ki alapòte nou byen vit kounyeya. Men entènèt la ranpli avèk anpil bagay ki sal ak twonpè tou. Teknoloji a ogmante libète lapawòl, men, li bay k ap chèche ki pa kalifye a yon fos krediblite ki baze sou kantite moun k ap suiv li. Se poutèt sa, kounyeya plis pase jamè, nou dwe sonje prensip etènèl sa a: “Se sou sa y ap fè na rekonèt yo” (Matye 7:20).

An patikilye, m ap avèti nou pou n pa gade imaj sal oubyen pote atansyon ak moun k ap fosman akize Kris la ak Pwofèt Joseph Smith yo. Toulède aksyon sa yo kreye menm efè a: n ap pèdi Lespri ak pwoteksyon li ak soutyen li. Vis ak chagren ap suiv.

Chè frè m ak sè m yo, si nou yon jou nou ta rankontre yon bagay ki ta fè nou doute temwayaj nou sou levanjil la, mwen priye nou pou nou leve je nou gade. Gade vè sous tout sajès ak verite a. Nouri lafwa nou ak temwayaj nou sou pawòl Bondye a. Gen moun nan mond lan ki ap chèche wonje lafwa nou nan melanje mansonj avèk mwatye verite. Se poutèt sa li absoliman enpòtan pou nou rete konstamman diy pou Lespri a. Konpayi Sentespri a se pa jis yon konfò agreyab—li esansyèl pou nou siviv espirityèlman tou. Si nou fè trezò ak pawòl Kris yo epi nou koute enspirasyon Lespri yo atantivman, moun pap kapab twonpe nou (gade Joseph Smith—Matye 1:37). Nou dwe fè bagay sa yo.

Jezikri, ki te pafè, ak Joseph Smith, ki te rekonèt ke l pa t pafè, te toulède mouri anba men fo akizatè ki pa t vle aksepte temwayaj yo. Kijan nou ka konnen temwayaj yo a vrè—ke Jezikri se Pitit Gason Bondye a epi Joseph Smith se yon vrè pwofèt?

“Na rekonèt yo sou fwi yo pote.” Èske bon fwi ka pouse sou yon move pyebwa? Mwen konnen pèsonèlman ke Redanmtè m nan padone peche m yo e libere m anba fado pèsonèl mwen an, pou mennen m nan yon eta bonè m pa t janm konnen ki te egziste. Epi m konnen pèsonèlman ke Joseph Smith sete yon pwofèt paske m te aplike pwomès senp ki nan Liv Mòmon an: “Mande, Papa Etènèl la, nan non Kris la, ... epi si nou mande, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite; avèk pouvwa Sentespri a” (Mowoni 10:4). Otreman di: leve je m gade.

Gen moun ki ka petèt di ke nou dwe gen yon prèv fizik pou nou ka kwè nan Rezirèksyon Kris la oubyen nan verasite levanjil retabli l la. Pou moun sa yo, m ap site pawòl Alma te di Korihor, ki t ap eseye konvenk lòt moun yo pou yo pa t kwè a: “Ou te gen ase siy; èske w vle tante Bondye w la? Èske w vle di, montre m yon siy, alòske ou gen temwayaj tout frè sa yo ak tout pwofèt ki sen yo? Ekriti yo louvri devan w” (Alma 30:44).

Ou menm avèk mwen se prèv vivan sou redanmsyon Sovè a. Nou se prèv vivan ministè Pwofèt Joseph la ak fidelite premye Sen yo ki te rete fidèl nan temwayaj yo a. Legliz Jezikri a ap simaye nan tout mond lan kounyeya e l ap grandi jan l pa t janm te grandi anvan—aksepte, menmjan nan tan Kris la, pa moun enb ki pa bezwen wè ni touche pou yo kwè.

Okenn moun pa konn kilè Senyè a ap retounen. Men n ap viv nan tan difisil yo kounyeya. Jodia se moman pou nou leve je nou gade vè sous verite a pou asire nou ke temwayaj nou solid.

Pou m retounen nan istwa m nan, kouzen m yo avèk mwen te reveye nan demen maten kote te gen yon bèl solèy ki t ap briye nan yon bèl syèl. Yon mesye te vin frape pòt la, li t ap chèche twa tigason ki te pèdi. Li te mete nou sou cheval, epi nou te derape retounen travèse menm preri a pou al lakay nou. Mwen pap janm bliye sa nou te wè sou wout pou n rive lakay nou an—yon foul moun ki t ap chèche nou pandan tout nuit la, traktè yo ak kamyon yo ki te kouvri anba labou. Yo te jwenn yon sèl yon bò ak yon cheval yon lòtbò, e, lè yo te wè nou ap retounen lakay nou an, mwen te ka santi soulajman yo ak lanmou yo. Nan antre vil la, kouzen nou yo te kouri vin akeyi nou, epi, devan yo tout, te gen grann mwen ak matant mwen ak tonton mwen. Yo te anbrase nou epi yo te kriye, yo te kontan anpil dèske yo te jwenn timoun yo ki te pèdi yo. Sa se yon gwo rapèl pou mwen ke Papa eman nou an ki nan syèl la sousye pou nou. Avèk enpasyans, l ap tann pou nou retounen lakay.

Gen siy ki anonse tanpèt k ap fòme bò kote nou. Annou leve je nou pou n gade epi prepare tèt nou. Gen sekirite nan yon temwayaj ki solid. Annou cheri ak fòtifye temwayaj nou chak jou.

Mwen konnen nou ka viv ansanm an fanmi pou letènite, ke Papa eman nou an ki nan Syèl la ap tann nou, nou menm, pitit li yo, avèk bra louvri. Mwen konnen Jezikri, Sovtè nou an, vivan. Menmjan ak Pyè, se pa lachè ak san ki revele m bagay sa a, men se Papa m ki nan syèl la (gade Matye 16:15–19). Nan non sakre Jezikri, amèn.