Ekriti yo
Matye—Joseph Smith 1


Matye—Joseph Smith

Yon ekstrè ki soti nan tradiksyon Bib la jan Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa revelasyon an 1831: Matye 23:39 ak chapit 24.

Chapit 1

Jezi predi destriksyon Jerizalèm ki dwe fèt—Li pale tou konsènan Dezyèm Aparisyon Pitit Gason Lòm nan, ak destriksyon mechan yo.

1 Paske, m di nou, nou p ap wè m ni tou nou p ap konnen m se moun pwofèt yo t ap pale a jistan nou di: Moun sa ki avini nan non Senyè a, ki soti nan nyaj syèl la, ak tout zanj ki sen yo avèk li. Lè sa a disip li yo te konprann li te gen pou l vini ankò sou tè a, apre l te fin glorifye epi kouwone bò kote dwat bBondye.

2 Epi Jezi te soti, epi l te rantre nan tanp la; epi disip li yo te vini kote l pou yo te tande l epi yo te di: Mèt, pale nou konsènan konstriksyon tanp la, jan ou te di ya—Yo pral chavire epi yo pral kite ou dezole.

3 Epi Jezi te di yo: Èske nou pa wè tout bagay sa yo, epi èske nou pa konprann yo? An verite m di nou konsa, pa gen yon sèl awòch sou tèt yon lòt ki pa pral chavire tonbe nan tanp sa a.

4 Epi Jezi te kite yo epi l te monte sou aMòn Olivye a. Epi pandan l te chita sou Mòn Olivye a, disip yo te vini kote l an prive, yo te di: Di nou ki lè bagay ou te pale yo konsènan destriksyon tanp la, ak Juif yo pral rive; epi kisa ki bsiy caparisyon ou nan, ak dfinisman mond lan, oubyen destriksyon emechan yo, ki se lafen mond lan?

5 Epi Jezi te reponn, epi l te di yo: Pran prekosyon pou pèsonn pa twonpe nou;

6 Paske anpil moun pral vini nan non mwen, yo pral di—M se Kris la—epi yo pral twonpe anpil moun;

7 Epi yo pral livre nou pou nou aaflije, epi yo pral touye nou, epi tout nasyon pral brayi nou poutèt non mwen;

8 Epi lè sa a, anpil moun pral ofanse, epi yo pral trayi youn lòt, epi yo pral rayi youn lòt;

9 Epi anpil fo pwofèt pral leve, epi yo pral twonpe anpil moun;

10 Epi poutèt inikite pral fè mikalaw, alanmou anpil moun pral refwadi;

11 Men, yon moun ki rete tennfas fidèl epi ki pa kite yo gen viktwa sou li, l ap sove.

12 Se sa ki fè, lè nou wè aabominasyon dezolasyon bDanyèl, pwofèt la te pale konsènan destriksyon cJerizalèm nan, lè sa a nou pral kanpe nan plas ki dsen an; yon moun ki li, se pou l konprann.

13 Lè sa a, se pou moun ki nan Jideya yo kouri ale sou amòn yo;

14 Se pou moun ki sou tèt kay la kouri, epi pou l pa retounen ale pran anyen lakay li;

15 Ni tou moun ki nan jaden an pa dwe retounen ale pran rad li;

16 Epi malè pou moun ki aansent, ak moun k ap bay timoun tete nan jou sa yo;

17 Se poutèt sa, priye Senyè a pou lè n ap kouri a pa sezon livè, ni jou Saba;

18 Paske nan lè sa a, nan jou sa yo, pral gen gwo tribilasyon sou aJuif yo, ak sou abitan bJerizalèm yo, yon kalite Bondye pa t janm voye sou Izrayèl depi nan kòmansman wayòm yo a jouk nan tan sa a; non, ni tou li p ap janm voye sou Izrayèl.

19 Tout bagay ki tonbe sou yo se sèlman kòmansman tristès ki pral tonbe sou yo.

20 Epi eksepte jou sa yo vin kout, pa gen okenn moun nan la chè yo k ap sove; men, pou byen moun ki te eli yo, daprè alyans la jou sa yo pral vin kout.

21 Gade, m pale nou bagay sa yo konsènan Juif yo; epi ankò, apre tribilasyon nan jou sa yo ki pral tonbe sou Jerizalèm yo, si nenpòt moun di nou, Kris la isit la oubyen lòtbò a, pa kwè l;

22 Paske nan jou sa yo gen fo Kris ki pral leve tou, ak fo pwofèt, epi yo pral tèlman montre gwo siy ak gwo mèvèy, si sa posib yo pral twonpe menm moun ki chwazi yo, ki chwazi daprè alyans la.

23 Gade, m pale nou bagay sa yo pou byen moun ki achwazi yo; epi tou nou pral tande nouvèl blagè, ak bri lagè; pa twouble, paske tout bagay m di nou yo dwe rive; men, se p ap ankò lafen an.

24 Gade, m pale nou alavans;

25 Se sa ki fè, si yo di nou: Gade, li nan dezè a; pa ale: gade, li nan chanm sekrè yo; pa kwè;

26 Paske, menm jan limyè solèy maten an soti nan kote alès la, epi l klere menm nan kote lwès, epi l kouvri tout tè a, se konsa aparisyon Pitit Gason Lòm nan pral ye.

27 Epi kounyeya, m ap montre nou yon parabòl. Gade, kèlkeswa kote rès kadav la ye, se la èg yo pral rasanble ansanm; se konsa tou moun m chwazi yo pral arasanble soti nan kat kwen tè a.

28 Epi yo pral tande konsènan lagè, ak bri lagè.

29 Gade, m pale pou byen moun m chwazi yo; paske nasyon pral leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm; pral gen agrangou, ak lapès, ak tranbleman tè, nan anpil kote.

30 Epi ankò, poutèt inikite pral fè mikalaw, lanmou lèzòm pral refwadi; men, yon moun ki pa kite yo gen viktwa sou li, moun sa a ap sove.

31 Epi ankò levanjil sa a ki nan wayòm sa a pral preche nan tout amond lan, kòm yon temwayaj pou tout nasyon, epi apre sa lafen an pral vini, oubyen destriksyon mechan yo;

32 Epi ankò, abominasyon dezolasyon Danyèl, pwofèt la te pale a pral akonpli.

33 Epi imedyatman apre tribilasyon ki nan jou sa yo, asolèy la pral fènwa, epi lalin nan p ap bay limyè l, epi zetwal yo pral tonbe soti nan syèl la, epi pouvwa yo ki nan syèl pral tranble.

34 Gade, m di nou, jenerasyon sa a, kote bagay sa yo pral parèt la p ap pase anvan tout bagay m te di nou yo akonpli.

35 Malgre jou a pral vini pou syèl la ak tè a pase, apawòl mwen yo p ap pase, men, yo tout pral akonpli.

36 Epi jan m te di anvan an, apre atribilasyon ki nan jou sa yo, epi pouvwa yo ki nan syèl la tranble, lè sa a, siy Pitit Gason Lòm nan pral parèt, epi tout tribi yo ki sou tè a pral lamante; epi yo pral wè Pitit Gason Lòm nan bvini nan nyaj syèl la, avèk pouvwa epi avèk gwo laglwa;

37 Epi nenpòt moun ki fè trezò avèk apawòl mwen, moun p ap kapab twonpe yo, paske Pitit Gason Lòm nan pral vini, epi li pral voye bzanj li yo anvan l, avèk gwo son twonpèt, epi yo pral crasanble rès moun li te chwazi yo ansanm soti tout kote, depi nan yon kwen syèl la, ale nan yon lòt.

38 Kounyeya, aprann parabòl apye figye a—Lè branch li yo toujou jèn, epi l kòmanse bay fèy, nou konnen lete a ap pwoche;

39 Se menm jan an tou, moun m chwazi yo, lè yo wè bagay sa yo, y ap konnen li pre, li nan pòt la menm;

40 Men, konsènan jou sa a, ak lè sa a, pèsonn pa akonnen; menm zanj Bondye yo ki nan syèl la, men, se sèlman Papa m.

41 Men, jan sa te fèt nan epòk aNoye a, se konsa sa pral ye tou nan aparisyon Pitit Gason Lòm nan;

42 Paske sitiyasyon yo pral tankou sa te ye nan epòk anvan aDelij la; paske, jouk nan jou Noye te antre nan bato a yo t ap manje epi bwè, yo t ap marye epi yo t ap marye moun;

43 Epi yo pa t konnen jistan delij la te vini, epi l te pote yo tout ale; se konsa aparisyon Pitit Gason Lòm nan pral ye.

44 Lè sa a bagay ki te ekri a pral akonpli, bagay ki di, nan adènye jou yo, de moun pral nan jaden, Bondye pral pran youn, epi lòt la pral brete;

45 De moun pral moulen nan moulen an, Bondye pral pran youn, epi lòt la pral rete;

46 Epi sa m di youn, m di tout moun li; se poutèt sa, aveye, paske nou pa konnen ki lè Senyè nou an pral vini.

47 Men nou dwe konnen bagay sa a: Si jeran kay la te konnen nan ki lè vòlè a t ap vini, li t ap veye, epi l pa t ap kite yo kase kay la, men, li t ap pare.

48 Se poutèt sa, nou dwe pare tou, paske nan lè nou pa panse a, Pitit Gason Lòm nan pral vini.

49 Kiyès moun ki se yon sèvitè ki afidèl epi ki saj senyè l mete kòm dirijan pou gouvène kay li a, pou nouri yo lè sa nesesè?

50 Sèvitè sa ke senyè li jwenn k ap fè sa lè l vini an ap beni; epi an verite, m di nou, l ap mete l dirijan sou tout byen l yo.

51 Men, si sèvitè mechan sa a di nan kè l: Senyè m nan pran areta pou l vini,

52 Epi l kòmanse souflete lòt sèvitè ki avèk li yo, epi l manje ak bwè avèk moun ki sou yo,

53 Senyè sèvitè sa a pral vini nan yon jou li p ap veye, epi nan yon lè li pa t konnen,

54 Epi l pral tranche l fè de bout, epi li pral ba li pòsyon pa l avèk ipokrit yo; nan kote sa a pral gen kriye ak asere dan.

55 Epi se konsa afinisman mechan yo pral vini, daprè pwofesi Moyiz ki te di: Yo pral retranche nan pami pèp la; men, se poko finisman tè a, men l ap vini talèkonsa.