2010–2019
Toujou kenbe fèm
Oktòb 2013


Toujou kenbe fèm

Se pou nou toujou kenbe kenbe ba fè a ki mennen nan prezans Pè Selès nou an byen fèm.

Papa m te kapab sonje jou egzat la, menm lè egzat la kote fanmi li—papa l, manman l ak kat pitit—te kite Legliz la, anpil nan yo pat janm retounen ankò nan lavi sa a. Li te gen 13 zan, li te yon dyak, e nan epòk sa a, fanmi yo te konn al nan Lekoldidimanch nan maten, epi apresa nan reyinyon sentsèn nan aprèmidi. Yon bèl jou prentan, apre nou te retounen soti nan reyinyon Dimanch maten yo e apre nou te fin manje manje midi a, manman l te vire gade papa l epi li te senpleman mande: “Ebyen, mon chè, èske w panse nou ta dwe ale nan reyinyon sentsèn nan apremidi a oubyen nou ta dwe mennen fanmi an al fè yon ti pwomnad ala kanpay?

Lide ke te gen yon lòt opsyon ke reyinyon sentsèn nan pat janm prezante nan lespri papa m, men, limenm ak twa jèn ti frè ak sè m yo tout te chita ap koute avèk bonjan atansyon. Pwomnad Jou Dimanch aprèmidi sa a nan kanpay nan sete pwobableman yon bèl aktivite familyal, men, ti desizyon tou piti sa a te vin tounen kòmansman yon nouvo direksyon, ki te fini pa mennen fanmi an kite Legliz la avèk lapè, sekirite ak benediksyon li pou suiv yon chemen diferan.

Kòm leson pou moun nan epòk pa nou an ki gen dwa tante pou yo chwazi yon chemen diferan, Pwofèt Liv Momon an, Leyi, te pataje yon vizyon avèk fanmi li kote li te “wè anpil moun, anpil ladan yo t ap mache vit, pou yo te kapab rive sou wout ki te mennen nan pyebwa kote [li] te kanpe a.

“Epi… se te konsa, yo te vini e yo te derape sou wout ki mennen nan pyebwa a.

“Epi … se te konsa, te gen yon gouf tenèb ki te leve; …   wi, yon gouf tenèb telman gran, moun yo ki te derape sou wout la te pèdi chemen yo, yo te egare, e yo te pèdi.”1

Apresa Leyi te wè yon dezyèm gwoup moun “ki t ap mache vit, yo te vini e yo te kenbe pwent bafè a; yo te mache vit atravè gouf tenèb la, yo te kenbe bafè a byendi jistan yo te vin rive manje nan fwi pyebwa a.” Malerezman, “lè yo te vin manje nen fwi pyebwa a, yo te vire je yo toupa tou tankou yo te wont” akoz moun ki te nan “yon gwo kay byenlaj” ki “te sanble yo tap moke yo e yo t ap lonje dwèt sou moun ki te fin manje nan fwi a.” Apre sa moun sa yo “te tonbe sou wout entèdi yo e yo te pèdi.”2 Yo pa t kapab oubyen yo te petèt pa t gen volonte pou yo te pèsevere jiskalafen.

Sepandan, te gen yon twazyèm goup ki te non sèlman reyisi rive atenn pyebwa lavi a, men yo pat tonbe apresa. Konsènan sa, ekriti yo di ke yo te “kontinye, kenbe bafè a byen di jistan yo te vini, yo te tonbe e yo te manje nan fwi pyebwa a.”3 Bafè a te reprezante pou gwoup moun sa yo sèl garanti ak sekirite yo te kapab genyen, e yo te toujou kenbe l fèm; yo te refize lage, menm pou yon bagay osi senp ke yon ti pwomnad nan kanpay nan yon Dimanch aprèmidi.

Konsènan gwoup moun sa a, Eldè David A. Bednar te ansenye : “Fraz kle nan vèsè sa a se ‘toujou kenbe bafè a fèm. … Petèt twazyèm gwoup moun sa yo te toujou li ak etidye ak sonde pawol Kris yo. … Sa a se gwoup mwen menm avèk oumenm ta dwe efòse nou pou nou antre a.”4

Sa nan pami nou yo ki se manm Legliz la jodi a fè alyans pou yo swiv Jezikri ak obeyi kòmandman Bondye yo. Nan batèm, nou te fè alyans pou kanpe kom yon temwen Sovè a,5 pote moun ki fèb yo sekou,6 obeyi komandman Bondye yo, epi repanti lè nou bezwen, paske jan apot Pòl te ansenye a: “Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.”7

Chak semèn nou gen okazyon pou nou ale nan yon reyinyon Sentsèn kote nou ka renouvle alyans sa yo nan pran pen ak dlo òdonas sentsèn nan. Senp aksyon sa a pèmèt nou pran angajman yon fwa ankò pou nou swiv Jezikri ak repanti lè nou nan nesesite a. Bondye pwomèt nou anretou ke l ap akòde nou Lespri Li kòm yon gid ak yon pwoteksyon.

Nan Preche Levanjil Mwen an, misyonè nou yo ansenye ke revelasyon ak temwanyaj vini lè nou asiste reyinyon Legliz nou yo lè Dimanch: “Lè nou ale nan reyinyon legliz yo epi nou adore ansanm, nou youn fòtifye lòt. Nou renouvele palefèt ke nou asosye avèk zanmi ak fanmi nou. Lafwa nou renouvle pandan n ap etidye ekriti yo ak aprann plis sou levanjil retabli a.”8

Yon moun kapab mande poukisa gen twa reyinyon diferan jou Dimanch yo e poukisa nou bezwen asiste nan yo chak? Annou brèfman egzamine twa reyinyon sa yo :

  • Reyinyon Sentsèn nan banou opotinite pou nou patisipe nan òdonans Sentsèn nan. Nou renouvle alyans nou, nou resevwa Lespri a pi plis, epi nou jwenn benediksyon anplis pou nou enstwi ak edifye pa Sentespri a.

  • Lekòldidimanch pèmèt nou “youn ansenye lòt doktrin wayòm nan,”9 pout tout moun kapab “edifye epi rejwi ansanm.”10 Gwo pouvwa ak lapè pèsonèl ap vini lè nou konprann doktrin levanjil retabli a.

  • Reyinyon prètriz yo se yon moman pou gason adilt yo ak jèn gason yo “aprann devwa yo”11 ak pou yo “vin enstwi pi pafètman,”12 epi reyinyon Sosyete Sekou a bay fi yo nan Legliz la yon opotinite pou “ogmante lafwa yo …, fòtifye fanmi yo ak fwaye yo, epi ede moun ki nan bezwen yo.”13

Menmjan tou, jènfi nou yo ak timoun yo gen pwòp reyinyon ak klas pa yo kote yo ansenye yo levanjil la pou prepare yo pou responsablite enpotan yo pral genyen apre. Nan chak reyinyon inik men ki konekte sa yo, nou aprann doktrin nan, nou santi Lespri a, epi nou youn sèvi lòt. Nou konnen kapab gen eksepsyon akoz distans, pri trajè, oubyen sante, men nou tout ta dwe efòse nou pou n asiste nan tout reyinyon jou Dimanch yo. Mwen pwomèt n ap resevwa gwo lajwa ak lapè si nou adore Bondye pandan twazèdtan reyinyon jou Dimanch nou yo.

Fanmi nou te pran angajman pou yo toujou asiste nan tout reyinyon Dimanch nou yo. Nou te reyalize ke sa fòtifye lafwa nou e apwofondi konpreyansyon nou sou levanjil la. Nou te vin wè ke nou santi nou pi byen poutèt desizyon nou pou asiste reyinyon Legliz nou yo, espesyalman lè nou retounen lakay epi nou kontinye respekte Saba a. Nou asiste tout reyinyon Dimanch yo menm lè nou an vakans oubyen n ap vwayaje. Youn nan pitit fi nou yo te fèk sot ekri pou di ke l te al Legliz la nan yon vil kote li t ap vwayaje epi li te ajoute, “Wi papa, mwen te asiste toulètwa reyinyon Dimanch yo.” Nou konnen desizyon jis sa a te pote benediksyon pou li.

Nou chak gen anpil chwa pou nou fè konsènan fason n ap obsève jou Saba a. Ap toujou gen anpil “bon” aktivite ki kapab e ki ta dwe sakrifye pou pi bon chwa ki se ale nan reyinyon Legliz yo. Se anfèt youn nan fason advèsè a “vòlè nanm [nou], pou l mennen [nou] desann nan lanfè avèk prekosyon.”14 Li itilize “bon” aktivite kòm ranplasan pou “meyè” aktivite oubyen menm “pibon” aktivite yo.15

Toujou kenbe bafè a fèm vledi pou nou toujou asiste tout reyinyon Dimanch yo : reyinyon Setsèn nan, Lekòldidimanch, ak reyinyon prètriz oubyen sosyete sekou yo. Timoun nou yo ak jèn nou yo ale nan reyinyon pa yo nan Primè, Jènjan, ak Jènfi. Nou pa dwe janm triye oubyen chwazi ki reyinyon nou prale. Nou senpleman kenbe pawòl Bondye a fèm nan adore ak asiste tout reyinyon yo pwopoze nou nan jou Saba a.

Toujou kenbe bafè a fèm vle di ke nap efòse nou pou n obeyi tout kòmandman Bondye yo, pou nou fè priyè pèsonèl ak familyal chak jou, epi pou nou etidye ekriti yo chak jou.

Toujou kenbe fèm fè pati doktrin Kris la jan yo ansenye l nan Liv Momon an. Nou egzese lafwa nan Jezikri, nou repanti pou peche nou yo, epi nou chanje kè nou, apresa nou swiv li nan dlo batèm epi nou resevwa don konfimasyon Sentespri a, kap sèvi kòm yon gid ak yon konsolatè. Epi, apresa, jan Nefi ansenye a, nou “avanse avèk fèmte, pandan n ap fè yon festen ak pawol Kris la” jiskalafen lavi nou.16

Frè m ak sè m yo, nou se yon pèp alyans. Nou volontèman fè ak kenbe alyans, e benediksyon yo pwomèt nou sèke n ap resevwa “tout sa Papa a genyen.”17 Si nou kontinye kenbe bafè a fèm nan respekte alyans nou yo, n ap jwenn fòs pou nou reziste anba tantasyon ak peril mond lan. N ap kapab navige nan lavi mòtèl sa a avèk tout eprèv li yo jiskaske nou reyisi rive nan pyebwa ki gen fwi “ki pi bon e pi dezirab pase tout lòt fwi a.”18

Papa m te gen chans pou l te marye avèk yon bon fi ki te ankouraje li pou l te retounen nan Legliz anfans li a pou l te rekòmanse pwogrese sou wout la. Lavi fidèl yo te beni tout pitit yo te genyen yo, jenerasyon pitit pitit apre a, ak pitit pitit pitit yo kounyeya.

Menmjan senp desizyon pou ale oswa pa ale nan youn nan reyinyon adorasyon yo jou Saba a te fè yon diferans siyifikan nan lavi fanmi granparan m yo, se menmjan desizyon chak jou nou yo ap fè enpak sou lavi nou nan fason siyifikan tou. Yon desizyon ki aparaman piti tankou ale oubyen pa ale nan yon reyinyon Sentsèn kapab gen gwo konsekans ki menm etènèl.

Se pou nou chwazi pou nou dilijan epi pou nou resevwa gwo benediksyon ak pwoteksyon ki vini nan reyini ansanm ak kenbe alyans yo. Se pou nou toujou kenbe bafè a k ap kondi nou nan prezans Papa nou ki nan Syèl la, nan non sakre Jezikri, amèn.