2010–2019
Lamantasyon Jeremi yo: atansyon a esklavaj
Oktòb 2013


Lamantasyon Jeremi yo: atansyon a esklavaj

Defi nou se evite tout fòm esklavaj, se ede Senyè a rasanble eli l yo, epi fè sakrifis pou jenerasyon k ap grandi a.

Byen bonè nan maryaj nou, Mary avèk mwen te deside ke, otan sa te posib, nou t ap chwazi aktivite ak evenman kiltirèl nou ta ka asiste ansanm. Nou te vle pridan avèk bidjè nou tou. Mary renmen mizik e li te san dout sousye pou m pa t bay aktivite espòtif yo priyorite, konsa, li te negosye ke pou tout aktivite nou te oblije peye nou t ap chwazi de prezantasyon mizikal, opera, oswa aktivite kiltirèl pou chak match peye.

Toudabò, mwen pa t renmen zafè opera sa a kòm pati aranjman an, men, avèk letan, mwen te vin chanje ide. Mwen te patikilyèman vin renmen opera Guiseppe Verdi.1 yo. Semèn sa a se pral 200 tyèm anivèsè nesans li.

Lè l te jèn, Verdi te entrige pa pwofèt Jeremi, epi an 1842, nan laj 28 tan, li te atenn larenome avèk opera Nabucco, a, yon fòm abreje an Italyen pou non Nebuchadnezzar, wa Babilòn nan. Opera sa a gen konsèp ki soti nan liv Jeremi an, nan Lamantasyon, ak Sòm yo nan Nouvo Testaman an. Opera a pale sou konkèt Jerizalèm ak kaptivite Juif yo ak esklavaj yo. Som 137 la se enspirasyon Verdi pou “Chorus of Hebrew slaves (Kè esklav Ebre)” emouvan ak enspiran l la. Antèt Sòm sa a nan ekriti nou yo trè teyatral: “Pandan yo te nan kaptivite, Juif yo te kriye bò rivyè Babilòn yo—Paske yo te nan doulè, yo pa t ka oze chante kantik Siyon yo.”

Objektif mwen se repase plizyè fòm esklavaj ak kaptivite. Mwen pral konpare kèk nan sitiyasyon epòk nou yo avèk sa nan epòk pa Jeremi yo anvan chit Jerizalèm nan. Nan prezante vwa avètisman sa a konsènan kondisyon yo nan mond lan jodia, mwen rekonesan dèske pifò manm nan Legliz la ap fè tout sa yo kapab pou evite konpòtman ki te si ofansan pou Senyè a nan tan Jeremi yo.

Pwofesi ak lamantasyon Jeremi yo enpòtan pou Sen Dènye Jou yo. Jeremi ak Jerizalèm nan epòk li a se fon chapit ki kòmanse Liv Mòmon yo. Jeremi t ap viv nan epòk pwofèt Leyi a.2 Senyè a te grandman enfòme Jeremi sou preòdinasyon li: “Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou; e anvan menm ou te soti nan vant manman w mwen te mete w apa, e m te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.”3

Leyi te resevwa yon apèl, misyon ak tach diferan nan men Senyè a. Li pa t aple depi lè l te jèn men nan matirite li. Toudabò, vwa li sete yon vwa avètisman, men apre ke l te fidèlman deklare menm mesaj la tankou Jeremi, Senyè a te kòmande l pou l te pran fanmi li epi ale nan dezè a.4 Paske l te fè sa, Leyi te pote benediksyon non sèlman pou fanmi li men pou tout moun tou.

Pandan ane anvan destriksyon Jerizalèm yo,5 mesaj Senyè a te bay Jeremi yo inoubliyab. Li te di:

“Pèp mwen an chanje glwa li pou bagay ki pa fè anyen pou li. …

“… Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a, e y al fè ... rezèvwa... rezèvwa ki tou fann, ki pa ka kenbe dlo.”6

An palan de kalamite ki te gen pou tonbe sou moun ki te abite Jerizalèm yo, Senyè a te lamante: “Pou [yo] sezon rekòt la pase, sezon chalè a fini, e [yo] pa sove.”7

Bondye te vle pou gason ak fi yo lib pou yo fè chwa ant byen ak mal. Lè move chwa vin tounen karakteristik dominan nan yon kilti oswa yon nasyon, gen gwo konsekans ki rive ni nan lavi sa a ni nan lavi apre a. Moun yo kapab vin asèvi oubyen mete tèt yo nan esklavaj non sèlman anba sibstans danjere ki mennen depandans, men anba filozofi danjere ki mennen depandans tou, ki ap dewoute yo soti nan viv dwat la.

Devye soti nan adore vrè Bondye vivan an pou al adore fo bondye tankou richès ak renome ak angaje nan konduit imoral ki mal, se bagay ki mennen nan esklavaj nan tout manifestasyon twonpè li. Sa enkli esklavaj espirityèl, fizik, ak entelektyèl e sa pafwa mennen destriksyon. Jeremi ak Leyi te anseye tou ke moun ki jis yo dwe ede Senyè a etabli Legliz li a ak wayòm ni an e rasanble Izrayèl dispèse a.8

Mesaj sa yo te repete ak ranfòse atravyè syèk yo nan tout dispansasyon. Yo se kè Retablisman levanjil Jezikri a nan dispansasyon final sa a.

Kaptivite Juif yo ak dispèsyon tribi Izrayèl yo, enkli dis tribi yo, se faktè doktrinal enpòtan nan Retablisman levanjil la. Dis tribi pèdi Izrayèl yo sete Gouvènman Nò Izrayèl la e yo te mennen yo al nan kaptivite nan Asiri an 721 a.k. Yo te ale nan peyi Nò yo.9 Dizyèm Atik Lafwa nou an deklare: “Nou kwè nan rasanbleman literal Izrayèl ak restorasyon dis tribi yo.”10 Nou kwè tou ke, kòm pati alyans Senyè a te fè ak Abraram nan, non sèlman linye Abraram nan ap beni, men, tout moun sou tè a ap beni tou. Jan Èldè Russell M. Nelson deklare, rasanbleman an “se pa yon kesyon lokasyon fizik; se yon kesyon angajman pèsonèl. Nou kapab mennen moun vin konnen Senyè a’ [3 Nefi 20:13] san yo pa kite peyi natif natal yo.”11

Doktrin nou an klè: “Senyè a te dispèse ak aflije douz tribi Izrayèl yo poutèt endiyite yo ak rebelyon yo. Sepandan, Senyè a [itilize] dispèsman pèp chwazi l la pami nasyon yo nan mond lan pou beni nasyon sa yo tou.”12

Nou aprann kèk leson valab nan peryòd trajik sa a. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou evite peche ak rebelyon ki mennen nan esklavaj.13 Nou rekonèt tou ke viv jis se yon kondisyon pou ede Senyè a rasanble eli l yo ak rasanbleman literal Izrayèl la.

Esklavaj, soumisyon fòse, depandans, ak sèvitid vini sou plizyè fòm. Yo kapab sèvitid fizik toutbon vre, men yo gen dwa se pèt oubyen diminisyon lib abit moral ki ka antrave pwogresyon nou tou. Jeremi montre klè ke inikite ak rebelyon sete rezon prensipal destriksyon Jerizalèm nan ak kaptivite nan Babilòn nan.14

Gen lòt kalite esklavaj ki egalman detwi lespri imen an tou. Nou kapab abize libabit moral la nan plizyè kalite fason.15 M ap mansyone kat ki patikilyèman destriktè nan kilti nou jodia.

Premyèman, depandans ki diminye libabit, ki kontredi kwayans moral, ak detwi bon sante yo kreye esklavaj. Enpak dwòg ak alkòl, imoralite, pònografi, jwèt aza, sèvitid finansye, ak lòt afliksyon yo, enpoze sou moun ki nan esklavaj yo ak sou sosyete a an jeneral, yon fado si gwo ke li prèske enposib pou n mezire l.

Dezyèmman, depandans oswa tandans ki pa totalman pa bon an yo menm, men ki kapab pran tout kantite tan presye nou genyen yo ke nou ta ka otreman itilize pou akonpli objektif ki pi vètye. Bagay sa yo ka enkli itilizasyon egzajere medya, videyo ak jwèt elektwonik, espò, divètisman, ak anpil lòt.16

Fason nou prezève tan pou fanmi an se youn nan pwoblèm ki pi siyifikan nou rankontre nan pifò kilti. Yon epòk kote m sete sèl manm legliz la nan biwo avoka nou an, yon fi avoka te esplike m ke tout tan li te toujou gen enpresyon ke l t ap kenbe twa boul anlè an menm tan. Youn sete metye li kòm avoka a, lòt la sete maryaj li, e dènye a sete pitit li yo. Li te prèske renonse pran tan pou tèt pa li. Li te trè pè pou youn nan boul yo pa t toujou rete atè. M te sigjere pou nou rankontre an gwoup pou diskite sou priyorite nou. Nou te detèmine ke rezon prensipal ki fè nou t ap travay la sete pou pran swen fanmi nou. Nou te dakò ke fè plis lajan pa t prèske osi enpòtan ke fanmi nou, men nou te rekonèt tou ke sèvi kliyan nou yo pi byen nou te kapab sete yon bagay esansyèl. Apresa diskisyon an te tonbe apre sa sou sa nou te fè nan travay nou ki pa t nesesè e ki pa t pèmèt nou kite ase tan lib pou fanmi nou. Èske te gen presyon pou nou pase tan nan lye travay la ki pa t nesesè?17 Nou te deside ke bi nou se ta ap kreye yon anviwonman familyal amikal pou ni fi ni gason. Annou rete bon egzanp nan zafè prezève tan pou fanmi nou.

Twazyèmman, esklavaj ki pi inivèsèl la nan epòk nou an, jan sa te ye nan tout listwa, se ideyoloji oswa kwayans politik ki enkonpatib avèk levanjil Jezikri a. Mete filozofi lèzòm nan plas verite levanjil yo kapab mennen nou lwen senplisite mesaj Sovè a. Lè Apot Pòl te vizite Atèn nan, li te eseye anseye sou Rezirèksyon Jezikri a. Konsènan bagay sa a nou li nan liv Ak la: “Paske tou moun vil Atèn yo ak tout etranje ki te rete nan vil la pat fè lòt bagay ke pase tout tan yo ap pale osinon ap koute nouvèl.18 Lè foul la te reyalize ke mesaj Pòl la te senpleman relijye men li pa t nouvo pou yo, yo te rejte li.

Sa parèy pou epòk pa nou an, kote yo souvan rejte verite levanjil yo oubyen defòme yo pou fè yo vin entelektyèlman pi atiran oubyen pi annakò avèk tandans kiltirèl ak filozofi entelektyèl epòk la. Si nou pa fè atansyon, nou ka kaptire pa tandans sa yo epi mete tèt nou nan esklavaj entelektyèl. Gen anpil vwa nan epòk sa a k ap di fi yo kijan pou yo viv.19 Youn souvan kontredi lòt. Sa ki patikilyèman preyokipan se filozofi k ap kritiye oubyen diminye respè pou fi sa yo ki chwazi pou yo fè sakrifis ki nesesè pou yo ka manman, enstriktris, nourisyè, oswa zanmi pou pitit yo a.

Sa gen kèlke mwa, de pi jèn pitit pitit fi nou yo te vin vizite nou—youn chak semèn. Mwen te la e m te louvri pòt la. Madanm mwen, Mary, te nan yon lòt sal. Nan toulède fwa yo, apre yo fin anbrase mwen, yo te di pratikman menm bagay la. Yo te gade toupatou epi apre yo te di: “Mwen renmen vin kay Granma. Kote Granma?” Mwen pa t di yo sa, men, mwen t ap panse: “Èske se pa kay Granpa tou?” Men m te reyalize ke lè m te piti, fanmi m te ale lakay Granma tou. Pawòl yon chan familye te vini nan lespri mwen: “Lòtbò rivyè a e travèse forè a, nou ale lakay Granma.”

Kite m di klèman ke m kontan pou opòtinite fi yo genyen pou yo fè etid ak lòt bagay ki disponib pou fi yo. Mwen renmen lefèt ke travay ekstrèmman fatigan ak difisil pou kenbe yon kay annòd la ki te sou do fi yo bese anpil nan mond lan gras ak fasilite modèn yo epi fi yo pote kontribisyon mayifik nan chak domèn sa yo. Men si nou kite kilti nou minimize relasyon espesyal timoun yo genyen avèk manman yo ak grann yo ak lòt moun k ap pran elve yo a, n ap gen pou regrèt sa.

Katriyèmman, fòs k ap bafwe prensip relijye moun kwè sensèman ladan yo a kapab mennen nan esklavaj. Youn nan fòm ki pi deplezan yo se lè pran moun fidèl ki santi yo responsab devan Bondye pou konduit yo, pou fòse yo patisipe nan aktivite ki an kontradiksyon avèk konsyans yo. Pa egzanp, moun k ap travay nan domèn sante ke yo fòse pou chwazi ant patisipe nan avòtman kontreyo menm oubyen pèdi travay yo.

Legliz la relativman yon ti minorite menm lè l liye avèk moun ki panse menmjan avèk li. L ap difisil pou chanje tout yon sosyete, men, nou dwe travay pou amelyore kilti moral ki antoure nou an. Sen Dènye Jou nan tout peyi dwe bon sitwayen, patisipe nan zafè sivik, edike tèt yo sou tout sijè, epi vote.

Sepandan, premye priyorite nou dwe toujou pou fè tout sakrifis ki nesesè pou pwoteje fanmi nou ak jenerasyon k ap grandi a.20 Gwo majorite nan jèn yo poko tonbe nan esklavaj depandans grav oswa fos ideyoloji. Nou dwe ede pwoteje yo kont yon mond ki sanble anpil avèk Jerizalèm Leyi ak Jeremi te konnen an. Epitou, nou bezwen prepare yo pou yo fè ak kenbe alyans sakre epi pou yo se mesaje prensipal pou ede Senyè a etabli Legliz li a ak rasanble Izrayèl dispèse a ak moun Senyè a chwazi yo tout kote yo ye.21 Jan Doktrin ak Alyans si byen deklare a: “Moun ki jis yo pral rasanble soti nan pami tout nasyon yo, epi yo pral vini nan Siyon, pou yo chante chan lajwa etènèl.”22

Defi nou se evite esklavaj sou tout fòm, se ede Senyè a rasanble eli l yo, ak fè sakrifis pou jenerasyon k ap grandi a. Nou dwe toujou sonje se pa nou menm ki sove tèt nou. Nou libere gras ak lanmou, lagras, ak sakrifis ekspyatwa Sovè a. Lè fanmi Leyi te kouri al nan dezè a, yo te dirije pa limyè Senyè a. Si nou rete fidèl nan limyè li, nou suiv kòmandman l yo, epi nou konte sou merit li, n ap evite esklavaj espirityèl, fizik, ak entelektyèl osibyen ke lamantasyon erans nan pwòp dezè pa nou an, paske li gen pouvwa pou l sove.

Annou evite dezespwa ak doulè moun ki tonbe nan kaptivite yo e ki pa kapab chante chan Siyon yo ankò yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Plizyè opera Verdi, tankou Aida, La traviata, ak Il trovatore, pami opera ki pi popilè yo entèprete nan mond lan jodia.

  2. Gade 1 Nefi 5:13; 7:14.

  3. Jeremi 1:5.

  4. Gade 1 Nefi 2:2–3.

  5. Destriksyon tanp Salomon an, chit Jerizalèm, ak kaptivite tribi Jida yo te rive apeprè an 586 A.K.

  6. Jeremi 2:11, 13.

  7. Jeremi 8:20. 8:20. Jeremi te deja ekri apèl pou repantans Senyè a te fè: “Tout andedan m ap fè m mal” (Jeremi 4:19) epi l te sipliye, “Jwenn yon moun … k ap fè sa ki dwat, ki ap chèche laverite; epi ma padone tout lavil la” (Jeremi 5:1).

  8. Gade Jeremi 31; 1 Nefi 10:14.

  9. Gade 2 Wa 17:6;Doktrin ak Alyans 110:11.

  10. Atik Lafwa 1:10; gade tou 2 Nefi 10:22.

  11. Russell M. Nelson, “The Book of Mormon and the Gathering of Israel” (diskou nan yon seminè pou nouvo prezidan misyon yo, Jen 26, 2013).

  12. Guide des écritures, “Israel,” scriptures.lds.org.

  13. An palan de epòk nou an, Senyè a te di: “Tout mond lan kouche nan peche, epi y ap jemi anba tenèb ak anba esklavaj peche … paske yo pa vin jwenn mwen” (Doktrin ak Alyans 84:49–50).

  14. Natirèlman moun ki inosan kapab tonbe anba esklavaj tou.

  15. Prensip doktrinal yo pa chanje, men metòd esklavaj, sèvitid, ak destriksyon yo ap akselere nan yon fason san presedan.

  16. Sa te byen note avèk imou sou kouvèti New York Times Magazine ane pase (8 Avr. 2012) pou te fè referans ak nati jwèt elektwonik yo genyen pou mennen nan depandans lan. Li te di: “Pouvwa ak atirans jwèt elektwonik yo ki ekstrèmman depandan, ki pran tout tan, ki gate relasyon, ki redui kapasite mantal.” Epi apresa nan ti lèt piti: “(Sa pa vle di nou pa renmen yo tou.)” Sa, nan yon fason imoristik, mete aksan sou nesesite pou nou egzèse sajès nan fason n ap itilize bèl envansyon teknolojik yo nan epòk nou an.

  17. Panse ki komen nan anpil anviwonman travay yo se: “Nou travay di, epi nou jwe di.” Pandan ke inyon anplwaye yo enpòtan, lè “travay ak jwèt” la pran sou tan fanmi an, li destriktè

  18. Ak 17:21; italik ajoute.

  19. Gade Keli Goff, “Female Ivy League Graduates Have a Duty to Stay in the Workforce,” Guardian, Apr. 21, 2013, www.theguardian.com/commentisfree/2013/apr/21/female-ivy-league-graduates-stay-home-moms; Sheryl Sandberg, Lean In: Women, Work, and the Will to Lead (2013); Anne-Marie Slaughter, “Why Women Still Can’t Have It All,” The Atlantic, June 13, 2012, www.theatlantic.com/magazine/print/2012/07/why-women-still-cant-have-it-all/309020; Lois M. Collins, “Can Women ‘Have It All’ When It Comes to Work and Family Life?” Deseret News, June 28, 2012, A3; Judith Warner, “The Midcareer Timeout (Is Over),” New York Times Magazine, Out. 11, 2013, 24–29, 38; Scott Schieman, Markus Schafer, and Mitchell McIvor, “When Leaning In Doesn’t Pay Off,” New York Times, Out. 11, 2013, 12.

  20. Legliz la ankouraje episkopa yo pou yo ede fanmi yo pase pi plis tan avèk jènjan yo, jènfi yo, ak jèn adilt yo. Yo ankouraje episkopa yo pou yo delege plis responsablite nan konsèy pawas la bay kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo, oksilyè yo, ak manm yo ki gen kapasite espesyal pou bon jan ede lòt moun yo.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 29:7.

  22. Doktrin ak Alyans 45:71.