Ekriti yo
3 Nefi 22


Chapit 22

Nan dènye jou yo, Siyon ak pye li yo pral tabli, epi Izrayèl pral rasanble nan mizèrikòd ak tandrès—Yo pral triyonfe—Konpare Ezayi 54. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi lè sa a, pawòl ki te ekri yo pral akonpli: Chante, ou menm esteril, ou menm ki pa t fè pitit, leve vwa w pou w chante ak rele fò, ou menm ki pa t santi doulè akouchman; Senyè a di konsa, paske pitit fanm abandone yo pi plis pase pitit madanm marye yo.

2 Fè plas nan tant ou a, e fè yo lonje rido nan abitasyon w yo; pa fè rezèv, tire kòd ou yo, e ranfòse pye w yo.

3 Paske ou pral avanse a dwat epi a goch, e desandan w yo ap eritye tè yo nan men Janti yo, e yo pral abite nan vil vid yo.

4 Pa pè, paske w p ap wont; ni tou yo p ap konfonn ou, paske yo p ap kapab avili w; paske w ap bliye wont lè w te jèn nan, epi ou p ap sonje repwòch lè w te jèn nan, e ou p ap sonje repwòch lè w te vèv la ankò.

5 Paske, kreyatè w la, mari w la, se Senyè tout Lame yo ki non l; e Redanmtè w la, Sen Izrayèl la—y ap rele li Bondye tout tè a.

6 Paske, Senyè a te rele w kòmsi w se yon fi abandone, ak aflije nan lespri; e Bondye w la di konsa, ou te yon jèn madanm lè yo te abandone w.

7 Paske m te bliye pou yon ti tan, men, m pral rasanble nan gwo mizèrikòd.

8 Epi Senyè a, Redanmtè w la di konsa, nan yon ti kòlè m te kache figi m ba ou pou yon ti tan, men, avèk yon jantiyès etènèl m ap gen mizèrikòd pou ou.

9 Pou sa se tankou, zafè dlo Noye a devan mwen, paske menm jan m te sèmante pou dlo Noye a pa janm kouvri tè a ankò, se konsa m te sèmante pou m pa fache kont ou ankò.

10 Paske montay yo pral sòti, e kolin yo pral deplase; men, men jantiyès mwen p ap kite w, mwen p ap ritire alyans lapè mwen an nonplis, se sa Senyè ki gen mizèrikòd pou ou a di.

11 Ou menm ki aflije, ou menm tanpèt la ap balanse a, e ki san konsolasyon! Gade, m ap mete bèl koulè sou wòch ou yo, e m ap bati fondasyon w la avèk safran.

12 Epi m ap fè fenèt ak wòch kolore, e pòt ou yo avèk ribi, e tout miray ou yo avèk bèl wòch.

13 Epi, tout pitit ou yo pral aprann konsènan Senyè a; e lapè pitit ou yo pral gran.

14 Ou pral tabli nan lajistis; ou p ap oprime paske p ap gen rezon pou w pè, e ou p ap sibi kòlè, paske li p ap vin prè w.

15 Gade, y ap rasanble ansanm kont ou, san konsantman m; nenpòt moun ki rasanble kont ou ap tonbe poutèt mwen.

16 Gade, m te kreye fòjewon an pou soufle sou chabon dife, e pou fè zouti pou travay li; e m te kreye piyajè a pou detwi.

17 Senyè a di, onkenn zam ki itilize kont ou p ap pwospere; e w ap kondane tout lang ki pale mal sou ou. Sa se eritaj sèvitè Senyè a yo, e m ap fè yo pwogrese, se sa Senyè a di.