Ekriti yo
3 Nefi 6


Chapit 6

Nefit yo pwospere—lògèy, richès epi distenksyon klas tabli—Legliz la separe anba divizyon—Satan kondi pèp la nan rebelyon aklè—Anpil pwofèt preche repantans e yo asasinen yo—Asasen yo fè konplo pou yo pran gouvènman an. Anviwon 26–30 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, tout pèp Nefit yo te retounen sou tè pa yo nan vennsizyèm ane a, chak gason ak fanmi li, mouton l yo, cheval li yo, bèf li yo, ak tout kalite bèt li yo, ak tout sa ki te pou yo.

2 Epi, se te konsa, yo pa t manje tout pwovizyon yo; se poutèt sa, yo te pran tout sa yo pa t manje nan tout kalite pwovizyon yo, lò yo, lajan yo, ak tout kalite bagay chè yo, epi yo te retounen sou tè yo te posede nan nò ak nan sid, e nan peyi nò ak nan peyi sid la.

3 Epi, vòlè yo ki te fè alyans pou kenbe lapè nan peyi a, sa yo ki te vle kenbe nasyonalite Lamanit la, pou yo rete nan tè yo daprè kantite yo, Nefit yo te ba yo dwa pou yo travay, pou yo kapab okipe tèt yo; se konsa yo te tabli lapè nan peyi a.

4 Epi, yo te kòmanse pwospere ankò, yo te kòmanse grandi; vennsizyèm ak vennsetyèm ane a te pase, te gen anpil lòd nan peyi a; e yo te fòme lalwa yo nan egalite ak nan lajistis.

5 Epi kounyeya, pa t gen anyen nan tout peyi a pou anpeche pèp la pwogrese tout tan, eksepte si yo ta tonbe nan transgresyon.

6 Epi, se te Jidjidoni ak Lakoneyis, jij la, ak moun yo te lonmen dirijan yo ki te tabli gwo lapè sa a nan peyi a.

7 Epi, se te konsa, yon pakèt nouvo vil te bati, epi yon pakèt ansyen vil te repare.

8 Yo te asfalte anpil gran ri, e yo te fè anpil wout, ki te mennen sòti nan yon vil al nan yon lòt, nan yon peyi al nan yon lòt, e soti nan yon kote al nan yon lòt.

9 Se konsa ventuityèm ane a te pase, epi pèp la te gen lapè tout tan.

10 Men, se te konsa, nan ventnevyèm ane a, te kòmanse gen kèk diskisyon nan pami pèp la; epi kèk moun nan pami pèp la te gonfle avèk alògèy, ak louwanj poutèt anpil richès yo, wi, te menm gen gwo pèsekisyon;

11 Paske, te gen anpil komèsan nan peyi a, ak anpil avoka, ak anpil biwokrat.

12 Epi, pèp la te kòmanse distenge daprè ran sosyal, daprè arichès yo ak chans yon moun te genyen pou l gen enstriksyon; wi, kèk moun te iyoran poutèt yo te pòv, epi kèk lòt moun te resevwa anpil enstriksyon poutèt richès yo.

13 Kèk moun te chaje avèk lògèy, epi kèk lòt te gen anpil imilite; gen kèk ki te joure moun ki te joure yo, pandan kèk lòt moun te anba jouman, ak apèsekisyon, ak tout kalite afliksyon san yo pa vin brevòlte ankò, men, yo te rete enb epi pasyan devan Bondye.

14 Se konsa te tèlman kòmanse gen inegalite nan tout peyi a, legliz la te kòmanse kraze; wi, konsa, nan trantyèm ane a, legliz la te kraze nan tout peyi a, eksepte nan pami kèk Lamanit ki te konvèti nan vrè lafwa a; yo pa t kite l, paske yo te fèm, yo te mache dwat, moun pa t kapab souke yo, yo te vle respekte kòmandman Senyè a avèk adilijans.

15 Men sa k te lakòz inikite pèp la—Satan te gen gwo pouvwa, jistan li te pouse pèp la fè tout kalite inikite, li te gonfle yo avèk lògèy, li te tante yo pou yo chèche gen pouvwa, otorite ak richès ak bagay san valè ki nan mond lan.

16 Se konsa Satan te detounen kè pèp la pou yo fè tout kalite inikite; se poutèt sa, yo te jwi lapè sèlman pou kèk ane.

17 Se konsa, nan kòmansman trantyèm ane a—pèp la yo te livre pandan lespas anpil tan pou atantasyon dyab la te mennen yo nenpòt kote l te vle, e pou l te fè yo fè nenpòt inikite li te vle yo fè—konsa, nan kòmansman trantyèm ane a, yo te nan yon eta mechanste terib.

18 Kounyeya, yo pa t peche nan aiyorans, yo te konnen sa Bondye te vle yo fè, paske yo te aprann sa; se poutèt sa, yo te brevòlte kont Bondye avèk pwòp volonte pa yo.

19 Epi kounyeya, se te nan epòk Lakoneyis, pitit gason Lakoneyis la; paske, Lakoneyis te ranplase papa l nan fotèy jijman an, e li te gouvène pèp la nan ane sa a.

20 Epi, te kòmanse gen moun ki te resevwa aenspirasyon nan syèl la, ki te vin kanpe nan pami pèp la, nan tout peyi a, yo te preche e yo te temwaye peche ak inikite pèp la kareman, e yo te temwaye pèp la konsènan redanmsyon Senyè a gen pou l fè pou pèp li a, oubyen rezirèksyon Kris la; e yo te temwaye kareman konsènan blanmò l ak soufrans li.

21 Kounyeya, te gen anpil moun nan pami pèp la ki te fache anpil poutèt moun yo ki te temwaye konsènan bagay sa yo; moun ki te fache yo se te gran jij, ak agran prèt ak avoka; wi, tout avoka yo te fache kont moun yo ki te temwaye konsènan bagay sa yo.

22 Kounyeya, pa t gen onkenn avoka, ni jij, ni gran prèt ki te gen pouvwa kondane okenn moun pou l mouri, eksepte si gouvènè peyi a te siyen kondanasyon an.

23 Kounyeya, gen anpil nan moun ki te temwaye konsènan Kris la, ki te temwaye kareman; jij yo te pran yo, touye yo an kachèt, e gouvènè peyi a te vin konnen sa lè yo te fin mouri.

24 Kounyeya gade, se te kont lalwa peyi a pou yon nonm ta pase anba lanmò san gouvènè peyi a pa t bay otorizasyon—

25 Se poutèt sa, yon plent te vin jwenn gouvènè peyi a, nan peyi Zarayemla a kont jij ki te kondane pwofèt Senyè yo a anba lanmò kont lalwa a.

26 Kounyeya, se te konsa, yo te pran yo, e yo te mennen yo devan jij la, pou l jije krim yo te fè a, daprè alalwa pèp la te tabli a.

27 Kounyeya, se te konsa, jij sa yo te gen anpil zanmi ak fanmi; epi rès yo, wi, menm prèske tout avoka ak gran prèt yo te mete ansanm ak fanmi jij yo ki te gen pou pase anba jijman daprè lalwa a.

28 Epi, yo te fè alyans youn ak lòt, wi, menm alyans yo te resevwa nan tan lontan an, aalyans bdyab la te ba yo a, e li te administre, pou yo fè kò kont tout lajistis.

29 Se poutèt sa, yo te mete ansanm kont pèp Senyè a, yo te fè alyans pou detwi yo, pou yo delivre asasen yo anba men lajistis ki te gen pou l fèt daprè lalwa a.

30 Epi, yo te defye lalwa ak dwa peyi yo a; yo te fè alyans youn ak lòt pou yo touye gouvènè a, pou yo tabli yon awa alatèt peyi a, pou peyi a pa gen libète ankò, men, pou l soumèt anba men wa a.